< 1 Samyèl 30 >
1 Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife.
第三日,大卫和跟随他的人到了洗革拉。亚玛力人已经侵夺南地,攻破洗革拉,用火焚烧,
2 Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo.
掳了城内的妇女和其中的大小人口,却没有杀一个,都带着走了。
3 Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite.
大卫和跟随他的人到了那城,不料,城已烧毁,他们的妻子儿女都被掳去了。
4 Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.
大卫和跟随他的人就放声大哭,直哭得没有气力。
5 Alò, de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la.
大卫的两个妻—耶斯列人亚希暖和作过拿八妻的迦密人亚比该,也被掳去了。
6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
大卫甚是焦急,因众人为自己的儿女苦恼,说:“要用石头打死他。”大卫却倚靠耶和华—他的 神,心里坚固。
7 David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.
大卫对亚希米勒的儿子祭司亚比亚他说:“请你将以弗得拿过来。”亚比亚他就将以弗得拿到大卫面前。
8 David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”
大卫求问耶和华说:“我追赶敌军,追得上追不上呢?”耶和华说:“你可以追,必追得上,都救得回来。”
9 Konsa, David te ale, li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a.
于是,大卫和跟随他的六百人来到比梭溪;有不能前去的就留在那里。
10 Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete.
大卫却带着四百人往前追赶,有二百人疲乏,不能过比梭溪,所以留在那里。
11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè.
这四百人在田野遇见一个埃及人,就带他到大卫面前,给他饼吃,给他水喝,
12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.
又给他一块无花果饼,两个葡萄饼。他吃了,就精神复原;因为他三日三夜没有吃饼,没有喝水。
13 David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase.
大卫问他说:“你是属谁的?你是哪里的人?”他回答说:“我是埃及的少年人,是亚玛力人的奴仆;因我三日前患病,我主人就把我撇弃了。
14 Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”
我们侵夺了基利提的南方和属犹大的地,并迦勒地的南方,又用火烧了洗革拉。”
15 Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”
大卫问他说:“你肯领我们到敌军那里不肯?”他回答说:“你要向我指着 神起誓,不杀我,也不将我交在我主人手里,我就领你下到敌军那里。”
16 Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo.
那人领大卫下去,见他们散在地上,吃喝跳舞,因为从非利士地和犹大地所掳来的财物甚多。
17 David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.
大卫从黎明直到次日晚上,击杀他们,除了四百骑骆驼的少年人之外,没有一个逃脱的。
18 Konsa, David te reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo.
亚玛力人所掳去的财物,大卫全都夺回,并救回他的两个妻来。
19 Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; David te mennen tout retounen.
凡亚玛力人所掳去的,无论大小、儿女、财物,大卫都夺回来,没有失落一个。
20 Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”
大卫所夺来的牛群羊群,跟随他的人赶在原有的群畜前边,说:“这是大卫的掠物。”
21 Lè David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo.
大卫到了那疲乏不能跟随、留在比梭溪的二百人那里。他们出来迎接大卫并跟随的人。大卫前来问他们安。
22 Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
跟随大卫人中的恶人和匪类说:“这些人既然没有和我们同去,我们所夺的财物就不分给他们,只将他们各人的妻子儿女给他们,使他们带去就是了。”
23 Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an.
大卫说:“弟兄们,耶和华所赐给我们的,不可不分给他们;因为他保佑我们,将那攻击我们的敌军交在我们手里。
24 Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.”
这事谁肯依从你们呢?上阵的得多少,看守器具的也得多少;应当大家平分。”
25 Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
大卫定此为以色列的律例典章,从那日直到今日。
26 Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.”
大卫到了洗革拉,从掠物中取些送给他朋友犹大的长老,说:“这是从耶和华仇敌那里夺来的,送你们为礼物。”
27 Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,
他送礼物给住伯特利的,南地拉末的,雅提珥的;
28 anplis, a sila ki te Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo,
住亚罗珥的,息末的,以实提莫的;
29 epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo,
住拉哈勒的,耶拉篾各城的,基尼各城的;
30 epi a sila ki te Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo,
住何珥玛的,歌拉珊的,亚挞的;
31 epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.
住希伯 的,并大卫和跟随他的人素来所到之处的人。