< 1 Samyèl 28 >

1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”
ויהי בימים ההם ויקבצו פלשתים את מחניהם לצבא להלחם בישראל ויאמר אכיש אל דוד ידע תדע כי אתי תצא במחנה אתה ואנשיך
2 David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”
ויאמר דוד אל אכיש לכן אתה תדע את אשר יעשה עבדך ויאמר אכיש אל דוד לכן שמר לראשי אשימך כל הימים
3 Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
ושמואל מת--ויספדו לו כל ישראל ויקברהו ברמה ובעירו ושאול הסיר האבות ואת הידענים--מהארץ
4 Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.
ויקבצו פלשתים ויבאו ויחנו בשונם ויקבץ שאול את כל ישראל ויחנו בגלבע
5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.
וירא שאול את מחנה פלשתים וירא ויחרד לבו מאד
6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.
וישאל שאול ביהוה ולא ענהו יהוה--גם בחלמות גם באורים גם בנביאם
7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
ויאמר שאול לעבדיו בקשו לי אשת בעלת אוב ואלכה אליה ואדרשה בה ויאמרו עבדיו אליו הנה אשת בעלת אוב בעין דור
8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
ויתחפש שאול וילבש בגדים אחרים וילך הוא ושני אנשים עמו ויבאו אל האשה לילה ויאמר קסומי (קסמי) נא לי באוב והעלי לי את אשר אמר אליך
9 Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
ותאמר האשה אליו הנה אתה ידעת את אשר עשה שאול אשר הכרית את האבות ואת הידעני מן הארץ ולמה אתה מתנקש בנפשי להמיתני
10 Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
וישבע לה שאול ביהוה לאמר חי יהוה אם יקרך עון בדבר הזה
11 Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?” Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
ותאמר האשה את מי אעלה לך ויאמר את שמואל העלי לי
12 Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
ותרא האשה את שמואל ותזעק בקול גדול ותאמר האשה אל שאול לאמר למה רמיתני ואתה שאול
13 Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
ויאמר לה המלך אל תיראי כי מה ראית ותאמר האשה אל שאול אלהים ראיתי עלים מן הארץ
14 Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
ויאמר לה מה תארו ותאמר איש זקן עלה והוא עטה מעיל וידע שאול כי שמואל הוא ויקד אפים ארצה וישתחו
15 Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”
ויאמר שמואל אל שאול למה הרגזתני להעלות אתי ויאמר שאול צר לי מאד ופלשתים נלחמים בי ואלהים סר מעלי ולא ענני עוד גם ביד הנביאים גם בחלמות ואקראה לך להודיעני מה אעשה
16 Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou?
ויאמר שמואל ולמה תשאלני ויהוה סר מעליך ויהי ערך
17 SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm.
ויעש יהוה לו כאשר דבר בידי ויקרע יהוה את הממלכה מידך ויתנה לרעך לדוד
18 Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a.
כאשר לא שמעת בקול יהוה ולא עשית חרון אפו בעמלק על כן הדבר הזה עשה לך יהוה היום הזה
19 Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
ויתן יהוה גם את ישראל עמך ביד פלשתים ומחר אתה ובניך עמי גם את מחנה ישראל יתן יהוה ביד פלשתים
20 Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.
וימהר שאול ויפל מלא קומתו ארצה וירא מאד מדברי שמואל גם כח לא היה בו--כי לא אכל לחם כל היום וכל הלילה
21 Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo.
ותבוא האשה אל שאול ותרא כי נבהל מאד ותאמר אליו הנה שמעה שפחתך בקולך ואשים נפשי בכפי ואשמע את דבריך אשר דברת אלי
22 Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.”
ועתה שמע נא גם אתה בקול שפחתך ואשמה לפניך פת לחם ואכול ויהי בך כח כי תלך בדרך
23 Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan.
וימאן ויאמר לא אכל ויפרצו בו עבדיו וגם האשה וישמע לקלם ויקם מהארץ וישב אל המטה
24 Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven.
ולאשה עגל מרבק בבית ותמהר ותזבחהו ותקח קמח ותלש ותפהו מצות
25 Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.
ותגש לפני שאול ולפני עבדיו ויאכלו ויקמו וילכו בלילה ההוא

< 1 Samyèl 28 >