< 1 Samyèl 26 >

1 Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: “Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?”
Opět přišli Zifejští k Saulovi do Gabaa, řkouce: Nevíš-liž, že se David kryje na pahrbku Hachila proti poušti?
2 Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la.
Protož povstal Saul a táhl na poušť Zif, a s ním tři tisíce mužů vybraných z Izraele, aby hledal Davida na poušti Zif.
3 Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a.
I položil se Saul na pahrbku Hachila, kterýž jest proti Jesimon při cestě. David pak trvaje na poušti, srozuměl, že Saul za ním přitáhl na poušť.
4 Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini.
Nebo poslav David špehéře, vyzvěděl jistotně, že Saul přitáhl.
5 Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li.
Tedy vstav David, šel k místu, na němž se položil Saul s vojskem. I spatřil David místo, na kterémž ležel Saul a Abner syn Nerův, hejtman vojska jeho. Saul pak spal, jsa vozy otočen, lid také ležení svá měl vůkol něho.
6 Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” Abischaï te di: “M ap desann avè w.”
I mluvil David a řekl Achimelechovi Hetejskému a Abizai synu Sarvie, bratru Joábovu, řka: Kdo sstoupí se mnou k Saulovi do ležení? Odpověděl Abizai: Já sstoupím s tebou.
7 Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li.
A tak přišel David a Abizai k lidu v noci, a aj, Saul leže, spal, jsa vozy otočen, a kopí jeho vetknuté bylo v zemi u hlavy jeho, Abner pak i lid spali vůkol něho.
8 Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”
Tedy řekl Abizai Davidovi: Dalť Bůh dnes nepřítele tvého v ruku tvou. Protož nyní, medle nechť jej probodnu pojednou kopím až do země, tak že nebude potřebí podruhé.
9 Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”
Ale David řekl k Abizai: Nezabíjej ho; nebo kdo vztáhna ruku svou na pomazaného Hospodinova, byl by bez viny?
10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.
Řekl také David: Živť jest Hospodin, leč Hospodin raní jej, aneb den jeho přijde, aby umřel, aneb na vojnu vytáhna, zahyne:
11 SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
Mně nedej Hospodin, abych vztáhnouti měl ruku svou na pomazaného Hospodinova. Ale nyní vezmi medle to kopí, kteréž jest u hlavy jeho, a tu číši vodnou, a odejděme.
12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo.
I vzal David kopí a číši vodnou u hlavy Saulovy, a odešli, tak že žádný neviděl, ani nezvěděl, ani neprocítil, ale všickni spali; nebo sen tvrdý Hospodinův připadl byl na ně.
13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo.
A přešed David na druhou stranu, postavil se na vrchu hory zdaleka; nebo bylo mezi nimi nemalé místo.
14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
I zavolal David na lid a na Abnera syna Ner, řka: Což se neozveš, Abner? Odpovídaje pak Abner, řekl: Kdo jsi ty, kterýž voláš na krále?
15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a.
I řekl David Abnerovi: Zdaliž ty nejsi muž? A kdo jest tobě rovný v Izraeli? Proč jsi tedy neostříhal krále, pána svého? Nebo přišel jeden z lidu, aby zabil krále, pána tvého.
16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
Neníť to dobře, co jsi učinil. Živť jest Hospodin, že jste hodni smrti, proto že neostříháte pána svého, pomazaného Hospodinova. Ale nyní pohleď, kde jest kopí královo a číše vodná, kteráž byla u hlavy jeho.
17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: “Èske se vwa ou, fis mwen, David?” David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.”
Tedy poznal Saul hlas Davidův a řekl: Není-liž to hlas tvůj, synu můj Davide? Odpověděl David: Jest můj hlas, pane můj králi.
18 Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?
Řekl také: Proč je to, že pán můj honí služebníka svého? Nebo co jsem učinil? A co jest zlého v ruce mé?
19 Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’
Protož nyní poslyš, prosím, pane můj králi, slov služebníka svého: Jestliže tě Hospodin vzbudil proti mně, nechť zachutná obět, pakli lidé, zlořečení jsou před Hospodinem; nebo mne vyhnali dnes, abych nemohl obcovati dědictví Hospodinovu, jako by řekli: Jdi, služ bohům cizím.
20 Alò, pou sa, pa kite san mwen tonbe atè lwen prezans SENYÈ a, paske wa Israël la te vin parèt pou chache yon sèl pis, tankou yon moun k ap fè lachas pentad nan mòn yo.”
Ale již aspoň nechť není vylita krev má na zemi bez rozsouzení Hospodinova; nebo vytáhl král Izraelský hledati blechy jedné, rovně jako by honil koroptvu na horách.
21 Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
I řekl Saul: Zhřešilť jsem, navratiž se, synu můj Davide. Neboť nebudu více zle činiti tobě, proto že jsi draze sobě vážil života mého dnešní den. Aj, bláznivě jsem dělal a bloudil přenáramně.
22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l.
A odpovídaje David, řekl: Teď hle kopí královo. Nechť přijde někdo z služebníků, a vezme je.
23 SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.
Hospodin pak navratiž jednomu každému za spravedlnost jeho a věrnost jeho. Daltě byl zajisté Hospodin tebe dnes v ruku mou, ale nechtělť jsem vztáhnouti ruky své na pomazaného Hospodinova.
24 Gade byen, jan lavi ou te gen gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta delivre mwen nan tout twoub.”
A protož jakož jsem já dnes sobě draze vážil života tvého, tak budiž draze vážen život můj před Hospodinem, aby mne vysvobodil ze vší úzkosti.
25 Epi Saül te di a David: “Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.” Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li.
Tedy řekl Saul Davidovi: Požehnaný jsi, synu můj Davide. Tak čině, dokážeš ctnosti, a v tom se zmocňuje, zkvetneš. V tom odšel David cestou svou, Saul také navrátil se k místu svému.

< 1 Samyèl 26 >