< 1 Samyèl 25 >

1 Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te antere li kote kay li nan Rama. Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an.
撒母耳死了,以色列眾人聚集,為他哀哭,將他葬在拉瑪-他自己的墳墓裏。 大衛起身,下到巴蘭的曠野。
2 Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel.
在瑪雲有一個人,他的產業在迦密,是一個大富戶,有三千綿羊,一千山羊;他正在迦密剪羊毛。
3 Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb.
那人名叫拿八,是迦勒族的人;他的妻名叫亞比該,是聰明俊美的婦人。拿八為人剛愎凶惡。
4 David te tande soti nan dezè a ke Nabal t ap taye lenn mouton li yo.
大衛在曠野聽見說拿八剪羊毛,
5 Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen.
大衛就打發十個僕人,吩咐他們說:「你們上迦密去見拿八,提我的名問他安。
6 Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen.
要對那富戶如此說:『願你平安,願你家平安,願你一切所有的都平安。
7 Alò, mwen te tande ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo.
現在我聽說有人為你剪羊毛,你的牧人在迦密的時候和我們在一處,我們沒有欺負他們,他們也未曾失落甚麼。
8 Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”
可以問你的僕人,他們必告訴你。所以願我的僕人在你眼前蒙恩,因為是在好日子來的。求你隨手取點賜與僕人和你兒子大衛。』」
9 Lè jennonm a David yo te parèt, yo te pale ak Nabal selon tout pawòl sa yo nan non David; epi yo te tann.
大衛的僕人到了,將這話提大衛的名都告訴了拿八,就住了口。
10 Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: “Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo.
拿八回答大衛的僕人說:「大衛是誰?耶西的兒子是誰?近來悖逆主人奔逃的僕人甚多,
11 Alò, se pou sa ke m ta dwe pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”
我豈可將飲食和為我剪羊毛人所宰的肉給我不知道從哪裏來的人呢?」
12 Alò, jennonm a David yo te retounen fè wout yo. Konsa, yo te rive pale David selon tout pawòl sa yo.
大衛的僕人就轉身從原路回去,照這話告訴大衛。
13 David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.
大衛向跟隨他的人說:「你們各人都要帶上刀!」眾人就都帶上刀,大衛也帶上刀。跟隨大衛上去的約有四百人,留下二百人看守器具。
14 Men youn nan jennonm yo te pale ak Abigaïl, madanm Nabal la. Li te di: “Gade byen, David te voye mesaje yo soti nan dezè a pou salye mèt nou an e li te betize avèk yo.
有拿八的一個僕人告訴拿八的妻亞比該說:「大衛從曠野打發使者來問我主人的安,主人卻辱罵他們。
15 Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo.
但是那些人待我們甚好;我們在田野與他們來往的時候,沒有受他們的欺負,也未曾失落甚麼。
16 Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo.
我們在他們那裏牧羊的時候,他們晝夜作我們的保障。
17 Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
所以你當籌劃,看怎樣行才好;不然,禍患定要臨到我主人和他全家。他性情凶暴,無人敢與他說話。」
18 Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.
亞比該急忙將二百餅,兩皮袋酒,五隻收拾好了的羊,五細亞烘好了的穗子,一百葡萄餅,二百無花果餅,都馱在驢上,
19 Li te pale a jennonm pa li yo: “Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal.
對僕人說:「你們前頭走,我隨着你們去。」這事她卻沒有告訴丈夫拿八。
20 Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo.
亞比該騎着驢,正下山坡,見大衛和跟隨他的人從對面下來,亞比該就迎接他們。
21 Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te remèt mwen mal pou byen!
大衛曾說:「我在曠野為那人看守所有的,以致他一樣不失落,實在是徒然了!他向我以惡報善。
22 Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!”
凡屬拿八的男丁,我若留一個到明日早晨,願上帝重重降罰與我!」
23 Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.
亞比該見大衛,便急忙下驢,在大衛面前臉伏於地叩拜,
24 Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.
俯伏在大衛的腳前,說:「我主啊,願這罪歸我!求你容婢女向你進言,更求你聽婢女的話。
25 Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.
我主不要理這壞人拿八,他的性情與他的名相稱;他名叫拿八,他為人果然愚頑。但我主所打發的僕人,婢女並沒有看見。
26 Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.
我主啊,耶和華既然阻止你親手報仇,取流血的罪,所以我指着永生的耶和華、又敢在你面前起誓說:『願你的仇敵和謀害你的人都像拿八一樣。』
27 Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.
如今求你將婢女送來的禮物給跟隨你的僕人。
28 Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap mennen batay a SENYÈ a, emal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo.
求你饒恕婢女的罪過。耶和華必為我主建立堅固的家,因我主為耶和華爭戰;並且在你平生的日子查不出有甚麼過來。
29 Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.
雖有人起來追逼你,尋索你的性命,你的性命卻在耶和華-你的上帝那裏蒙保護,如包裹寶器一樣;你仇敵的性命,耶和華必拋去,如用機弦甩石一樣。
30 Epi lè SENYÈ a fè pou ou, mèt mwen, selon tout bonte ke Li te pale konsènan ou menm e chwazi ou kòm chèf sou Israël,
我主現在若不親手報仇流無辜人的血,到了耶和華照所應許你的話賜福與你,立你作以色列的王,那時我主必不致心裏不安,覺得良心有虧。耶和華賜福與我主的時候,求你記念婢女。」
31 ke ka sila a p ap koze ni doulè ni kè twouble pou mèt mwen, akoz li te vèse san san koz e ke li te pran vanjans li. Lè SENYÈ a aji byen avèk ou mèt mwen, alò sonje sèvant ou an.”
32 Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!
大衛對亞比該說:「耶和華-以色列的上帝是應當稱頌的,因為他今日使你來迎接我。
33 Beni se sajès ou. Beni se ou menm ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m.
你和你的見識也當稱讚;因為你今日攔阻我親手報仇、流人的血。
34 Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki fè pipi sou mi la.”
我指着阻止我加害於你的耶和華-以色列永生的上帝起誓,你若不速速地來迎接我,到明日早晨,凡屬拿八的男丁必定不留一個。」
35 Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te bay ou demann pa ou a.”
大衛受了亞比該送來的禮物,就對她說:「我聽了你的話,准了你的情面,你可以平平安安地回家吧!」
36 Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten.
亞比該到拿八那裏,見他在家裏設擺筵席,如同王的筵席;拿八快樂大醉。亞比該無論大小事都沒有告訴他,就等到次日早晨。
37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.
到了早晨,拿八醒了酒,他的妻將這些事都告訴他,他就魂不附體,身僵如石頭一般。
38 Anviwon di jou pita, SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri.
過了十天,耶和華擊打拿八,他就死了。
39 Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.
大衛聽見拿八死了,就說:「應當稱頌耶和華,因他伸了拿八羞辱我的冤,又阻止僕人行惡;也使拿八的惡歸到拿八的頭上。」於是大衛打發人去,與亞比該說,要娶她為妻。
40 Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.”
大衛的僕人到了迦密見亞比該,對她說:「大衛打發我們來見你,想要娶你為妻。」
41 Li te leve e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki pou ta lave pye a sèvant pa li yo.”
亞比該就起來,俯伏在地,說:「我情願作婢女,洗我主僕人的腳。」
42 Konsa, Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li.
亞比該立刻起身,騎上驢,帶着五個使女,跟從大衛的使者去了,就作了大衛的妻。
43 David te anplis pran Achinoam a Jizreel e yo toulède te devni madanm li.
大衛先娶了耶斯列人亞希暖,她們二人都作了他的妻。
44 Alò, Saül te deja bay fi li, Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim.
掃羅已將他的女兒米甲,就是大衛的妻,給了迦琳人拉億的兒子帕提為妻。

< 1 Samyèl 25 >