< 1 Samyèl 24 >

1 Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.”
扫罗追赶非利士人回来,有人告诉他说:“大卫在隐·基底的旷野。”
2 Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo.
扫罗就从以色列人中挑选三千精兵,率领他们往野羊的磐石去,寻索大卫和跟随他的人。
3 Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la.
到了路旁的羊圈,在那里有洞,扫罗进去大解。大卫和跟随他的人正藏在洞里的深处。
4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.
跟随的人对大卫说:“耶和华曾应许你说:‘我要将你的仇敌交在你手里,你可以任意待他。’如今时候到了!”大卫就起来,悄悄地割下扫罗外袍的衣襟。
5 Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.
随后大卫心中自责,因为割下扫罗的衣襟;
6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”
对跟随他的人说:“我的主乃是耶和华的受膏者,我在耶和华面前万不敢伸手害他,因他是耶和华的受膏者。”
7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.
大卫用这话拦住跟随他的人,不容他们起来害扫罗。扫罗起来,从洞里出去行路。
8 Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.
随后大卫也起来,从洞里出去,呼叫扫罗说:“我主,我王!”扫罗回头观看,大卫就屈身、脸伏于地下拜。
9 David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?
大卫对扫罗说:“你为何听信人的谗言,说大卫想要害你呢?
10 Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’
今日你亲眼看见在洞中,耶和华将你交在我手里;有人叫我杀你,我却爱惜你,说:‘我不敢伸手害我的主,因为他是耶和华的受膏者。’
11 Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.
我父啊,看看你外袍的衣襟在我手中。我割下你的衣襟,没有杀你;你由此可以知道我没有恶意叛逆你。你虽然猎取我的命,我却没有得罪你。
12 Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.
愿耶和华在你我中间判断是非,在你身上为我伸冤,我却不亲手加害于你。
13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.
古人有句俗语说:‘恶事出于恶人。’我却不亲手加害于你。
14 Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?
以色列王出来要寻找谁呢?追赶谁呢?不过追赶一条死狗,一个虼蚤就是了。
15 Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
愿耶和华在你我中间施行审判,断定是非,并且鉴察,为我伸冤,救我脱离你的手。”
16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.
大卫向扫罗说完这话,扫罗说:“我儿大卫,这是你的声音吗?”就放声大哭,
17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.
对大卫说:“你比我公义;因为你以善待我,我却以恶待你。
18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen.
你今日显明是以善待我;因为耶和华将我交在你手里,你却没有杀我。
19 Paske si yon nonm jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a.
人若遇见仇敌,岂肯放他平安无事地去呢?愿耶和华因你今日向我所行的,以善报你。
20 Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou.
我也知道你必要作王,以色列的国必坚立在你手里。
21 Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
现在你要指着耶和华向我起誓,不剪除我的后裔,在我父家不灭没我的名。”
22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.
于是大卫向扫罗起誓,扫罗就回家去;大卫和跟随他的人上山寨去了。

< 1 Samyèl 24 >