< 1 Samyèl 21 >
1 Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?”
Daudi nodhi Nob ir Ahimelek jadolo. Ahimelek nokirni kane oromo kode mopenjo niya, “Angʼo momiyo in kendi? Angʼo momiyo ngʼato ok obiro kodi?”
2 David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’
Daudi nodwoko Ahimelek jadolo niya, “Ruoth oseora e ote moro konyisa ni, ‘Kik ngʼato ngʼe gimoro amora kuom oteni kod gik monyisi mondo itim.’ Joga to asechiko mondo waromgo kamoro.
3 Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk moso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
Angʼo ma in-go ka sani? Miya makati abich kata gimoro amora minyalo yudo.”
4 Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
To jadolo nodwoko Daudi niya, “Aonge gi makati moro amora makmana nitiere moko mowal ka, ginyalo tiyo kode mana ka giseritore ma ok gibedo e achiel gi mon.”
5 David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?”
Daudi nodwoke niya, “Adier wasebedo mabor gi mon, mana kaka wajatimo kinde ma awuok oko. Ringre chwo to ler kata mana e ote moko ma ok ler. To koro kawuononi digibed maler maromo nade!”
6 Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
Eka jadolo nomiye makati mowal nikech ne onge makati moro amora makmana makati moket e Nyim Jehova Nyasaye migolo oko chiengʼ miketo makati maliet kargi.
7 Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
Koro jatich Saulo moro ne nitie kanyo chiengʼno mane ogengʼne e nyim Jehova Nyasaye; ne en Doeg ma ja-Edom, mane jatend jokwadh Saulo.
8 David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
Daudi nopenjo Ahimelek niya, “Donge dibedie gi tongʼ kata ligangla moro amora ka? Ne ok akawo ligangla kata gir lweny moro amora, nikech ote ruoth nobirona mapiyo.”
9 Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.” Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
Jadolo nodwoke niya, “Ligangla Goliath ja-Filistia, mane inego e holo mar Ela, nika; oboye gi law en e tok law mayom mar dolo miluongo ni efod. Ka idware to kawe, onge ligangla moro makmana mano.” Daudi nowacho niya, “Onge moro amora machal kode; miyago.”
10 Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la.
Chiengʼno Daudi noringo Saulo mi odhi ir Akish ruoth Gath.
11 Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”
To jotich Akish nowachone niya, “Donge ngʼatni e Daudi ma ruodh pinygi? Donge en ema gimielne ka giwer ni: “‘Saulo osenego ji alufe, to Daudi onego alufe gi alufe’?”
12 David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil.
Wechegi nodonjo e chuny Daudi mi nomiyo oluoro Akish ruoth Gath ahinya.
13 Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li.
Omiyo nowuondore ni en janeko e nyimgi kanyo, kane en e lwetgi notimo timbe mag janeko, kogwaro dhorangach kendo koweyo olawo wuok e dhoge nyaka e yie tike.
14 Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen?
Akish nowachone jotije niya, “Ngʼiuru ngʼatni en janeko! Angʼo momiyo ukele ira?
15 Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”
Uparo ni aonge gi joneko moromo momiyo ukelo ngʼatni e nyima? Ne ochuno ni nyaka ngʼatni bi e oda?”