< 1 Samyèl 20 >
1 Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
達味由辣瑪納逃走,去見約納堂說:「我作了什麼,有什麼過錯,哪裏得了你父親,他竟要害我的性命﹖」
2 Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
約納堂回答他說:「決沒有這回事,你決死不了。看,我父親無論作什麼大事小事,沒有不告訴我的;為什麼我父親偏要對我隱瞞這事呢﹖決不會的! 」
3 Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
達味卻對他說:「你父親明知我在你眼裏得寵,所以他想:不要要約納堂知道這事,免得他悲傷。總之,我指著永生的上主敢在你面前發誓:我與死之間只差一步! 」
4 Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
約納堂對達味說:「你願意我為你作什麼﹖」
5 Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.
達味回答約納堂說:「看,明天是月朔,我原該和君王同席吃飯,但你讓我走,藏在田野間,直到第三丌晚上。
6 Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’
如果你父親發覺我不在,你應說:達味懇求我,讓他逃回白冷本城,因為在那裏全族舉行年祭。
7 Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.
他若說:好! 你的僕人就平安無事;他若勃然大怒,你就該知道:他已決意行惡。
8 Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
望你仁慈對待你僕人! 因你使你因上主的名與你訂了盟約;假若我有罪惡,你可殺我,為何偏要將我交給你父親呢﹖」
9 Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
約納堂答說:「千萬別這樣想! 如果我確實知道,我父親決意要加害你,豈有不告訴你的嗎﹖」
10 Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
達味就問約納堂說:「若你父親嚴厲答覆你,誰來通知我﹖」
11 Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.
約納堂對達味說:「來,我們往田間去」。二人就往田間去了。
12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?
約納堂對達味說:「上主,以色列的天主作證:明天或天這時候,我探得了我父親的意思,對達味有或否,我必派人來告訴你。
13 Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.
倘若我父親願意加害你,我若不通知你,不放你走,使你平安離去,願上主這樣這樣加倍罰我約納堂! 願上主與你同在,有如曾與我父親同在一樣!
14 Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri?
若我那時尚在人世,願你對我表示上主的仁慈;設若我死了,
15 Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.”
願你不要由我家永遠撤消你的仁慈! 連當上主由地面上一一剷除達味的敵人時;
16 Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
若約納堂的名字被達味家族消滅了,願上主藉達味的仇人的手追究此案! 」
17 Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
約納堂由於愛達味,再向他起了誓,因為他愛達味如愛自己的性命。
18 Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid
約納堂又對他說:「明日是月朔,因為占座位空著,人必注意你不在,
19 Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.
到第三天,人必更注意你不在;那麼,你要到你曾出事那日藏身的地方去,坐在那石堆旁邊。
20 Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.
到第三天,我要向石堆射箭,仿佛射靶。
21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.
看,我必打發一童僕去找箭,假如我我對童說:看,箭在你後面,拾回來吧! 你就可以出來,我指著永生的上主起誓:你必平安無事。
22 Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.
倘若我對童僕自己說:看,箭在你前面。你就走吧! 因為上主打發你走。
23 Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
至於我和你現今所說的這話,有上主在我和你中間,永遠作證」。
24 Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.
於是達味就去藏在田野間;到了月朔,君王入席吃飯。
25 Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid.
君王照例靠著牆坐在自己的位上,約納堂坐在他對面,阿貝乃爾坐在撒烏耳旁邊,達味的地方空著。
26 Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”
撒烏耳那天沒有說什麼,因為他想事情出於偶然,或許他染了不潔,還沒有自潔。
27 Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
日,即初二日,達味的座位仍空著,撒烏耳就對兒子約納堂說:「為什麼葉瑟的兒子昨日沒有來赴宴,今日又沒有來﹖」
28 Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem,
約納堂答覆撒烏耳說:「達味懇求我許他往白冷去。
29 paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
他說:求你讓我去,因為在城裏我們要舉行族祭,我的兄弟定要我去;所以,假若我在你眼中獲寵,求你讓我去,容我得見我的兄弟;為此,他沒有來赴君王的筳席」。
30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.
撒烏耳對約納堂勃然大怒,對他說:「娼婦的兒子! 豈能我不知道你同葉瑟的兒子一夥,甚至羞辱你自己,又我羞辱你母親的私處嗎﹖
31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
你要知道,葉瑟的兒子活在世上一天,你連你的王位都不得穩當! 如今你差人去,把他給我抓來,因為他是該死的人」。
32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
約納堂回答他父親撒烏耳說:「為什麼他該死﹖他作了什麼事﹖」
33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.
撒烏耳就舉起槍來要刺死他,約納堂便明白他父親已決意要殺達味。
34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
約納堂就起來,氣憤憤地離開了筳席;初二那天,也沒有吃飯,因為他為達味擔憂,又因為他父親辱罵了自己。
35 Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l.
次日清晨,約納堂按照他與達味的約會,往田間去了;有個童僕跟隨著他。
36 Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.
他對那童僕說:「跑去,找所放的箭! 」童僕往前跑時,他又向前放了一箭。
37 Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?”
當僮僕來到約納堂所射到的地方,約納堂就在僮後面喊說:「箭不是在你前面嗎﹖」
38 Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.
約納堂又在僮僕後面喊說:「趕快跑去,不要站住! 」約納堂的僮僕就拾了箭,給主人拿來。
39 Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a.
那僮僕卻不知道是意思,只有約納堂和達味知道。
40 Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
然後約納堂把自己的武器交給他的僕僮,向他說:「帶回城去吧! 」
41 Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
僮僕走後,達味就為不堆旁起來,俯伏在地,拜了三拜;以後他們彼此相吻,二人相抱對泣,達味哭得更甚。
42 Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.
最後,約納堂對達味說:「你平安去吧! 照我們兩人以上主的名所起的誓:願上主永遠在我和你之間,在我的後代與你的後代之間! 」 達味就動身走了,約納堂也回到城裏﹖