< 1 Samyèl 18 >
1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li.
大卫对扫罗说完了话,约拿单的心与大卫的心深相契合。约拿单爱大卫,如同爱自己的性命。
2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l.
那日扫罗留住大卫,不容他再回父家。
3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.
约拿单爱大卫如同爱自己的性命,就与他结盟。
4 Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
约拿单从身上脱下外袍,给了大卫,又将战衣、刀、弓、腰带都给了他。
5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
扫罗无论差遣大卫往何处去,他都做事精明。扫罗就立他作战士长,众百姓和扫罗的臣仆无不喜悦。
6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.
大卫打死了那非利士人,同众人回来的时候,妇女们从以色列各城里出来,欢欢喜喜,打鼓击磬,歌唱跳舞,迎接扫罗王。
7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di: “Saül te touye dè milye pa li menm e David dè di-milye pa li menm.”
众妇女舞蹈唱和,说:“扫罗杀死千千,大卫杀死万万。”
8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?”
扫罗甚发怒,不喜悦这话,就说:“将万万归大卫,千千归我,只剩下王位没有给他了。”
9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.
从这日起,扫罗就怒视大卫。
10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l.
次日,从 神那里来的恶魔大大降在扫罗身上,他就在家中胡言乱语。大卫照常弹琴,扫罗手里拿着枪。
11 Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.
扫罗把枪一抡,心里说,我要将大卫刺透,钉在墙上。大卫躲避他两次。
12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül.
扫罗惧怕大卫;因为耶和华离开自己,与大卫同在。
13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
所以扫罗使大卫离开自己,立他为千夫长,他就领兵出入。
14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li.
大卫做事无不精明,耶和华也与他同在。
15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li.
扫罗见大卫做事精明,就甚怕他。
16 Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo.
但以色列和犹大众人都爱大卫,因为他领他们出入。
17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
扫罗对大卫说:“我将大女儿米拉给你为妻,只要你为我奋勇,为耶和华争战。”扫罗心里说:“我不好亲手害他,要借非利士人的手害他。”
18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
大卫对扫罗说:“我是谁,我是什么出身,我父家在以色列中是何等的家,岂敢作王的女婿呢?”
19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
扫罗的女儿米拉到了当给大卫的时候,扫罗却给了米何拉人亚得列为妻。
20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm.
扫罗的次女米甲爱大卫。有人告诉扫罗,扫罗就喜悦。
21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
扫罗心里说:“我将这女儿给大卫,作他的网罗,好借非利士人的手害他。”所以扫罗对大卫说:“你今日可以第二次作我的女婿。”
22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”
扫罗吩咐臣仆说:“你们暗中对大卫说:‘王喜悦你,王的臣仆也都喜爱你,所以你当作王的女婿。’”
23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
扫罗的臣仆就照这话说给大卫听。大卫说:“你们以为作王的女婿是一件小事吗?我是贫穷卑微的人。”
24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
扫罗的臣仆回奏说,大卫所说的如此如此。
25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.
扫罗说:“你们要对大卫这样说:‘王不要什么聘礼,只要一百非利士人的阳皮,好在王的仇敌身上报仇。’”扫罗的意思要使大卫丧在非利士人的手里。
26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini,
扫罗的臣仆将这话告诉大卫,大卫就欢喜作王的女婿。日期还没有到,
27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li.
大卫和跟随他的人起身前往,杀了二百非利士人,将阳皮满数交给王,为要作王的女婿。于是扫罗将女儿米甲给大卫为妻。
28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li,
扫罗见耶和华与大卫同在,又知道女儿米甲爱大卫,
29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
就更怕大卫,常作大卫的仇敌。
30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.
每逢非利士军长出来打仗,大卫比扫罗的臣仆做事精明,因此他的名被人尊重。