< 1 Samyèl 14 >
1 Alò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman post militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l.
하루는 사울의 아들 요나단이 자기 병기를 든 소년에게 이르되 우리가 건너편 블레셋 사람의 부대에게로 건너가자 하고 그 아비에게는 고하지 아니하였더라
2 Saül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.
사울이 기브아 변경 미그론에 있는 석류나무 아래 머물렀고 함께 한 백성은 육백명 가량이며
3 Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.
아히야는 에봇을 입고 거기 있었으니 그는 이가봇의 형제 아히둡의 아들이요 비느하스의 손자요 실로에서 여호와의 제사장이 되었던 엘리의 증손이었더라 백성은 요나단의 간 줄을 알지 못하니라
4 Antre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman post militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné.
요나단이 블레셋 사람의 부대에게로 건너가려 하는 어귀 사이 이 편에도 험한 바위가 있고 저편에도 험한 바위가 있는데 하나의 이름은 보세스요 하나의 이름은 세네라
5 Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba.
한 바위는 북에서 믹마스 앞에 일어섰고 하나는 남에서 게바 앞에 일어섰더라
6 Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”
요나단이 자기 병기 든 소년에게 이르되 `우리가 이 할례 없는 자들의 부대에게로 건너가자 여호와께서 우리를 위하여 일하실까 하노라 여호와의 구원은 사람의 많고 적음에 달리지 아니하였느니라!'
7 Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”
병기 든 자가 그에게 이르되 `당신의 마음에 있는 대로 다 행하여 앞서 가소서 내가 당신과 마음을 같이 하여 따르리이다'
8 Jonathan te di: “Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm.
요나단이 가로되 `보라, 우리가 그 사람들에게로 건너가서 그들에게 보이리니
9 Si yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo.
그들이 만일 이같이 우리에게 이르기를 우리가 너희에게로 가기를 기다리라 하면 우리는 우리 곳에 가만히 서서 그들에게로 올라가지 말 것이요
10 Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi sa va sinyal pou nou.”
그들이 만일 이같이 말하기를 우리에게로 올라오라 하면 우리가 올라갈 것은 여호와께서 그들을 우리 손에 붙이셨음이니 이것이 우리에게 표징이 되리라' 하고
11 Lè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.”
둘이 다 블레셋 사람의 부대에게 보이매 블레셋 사람이 가로되 `보라, 히브리 사람이 그 숨었던 구멍에서 나온다' 하고
12 Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”
그 부대 사람들이 요나단과 그 병기 든 자를 대하여 가로되 우리에게로 올라오라 너희에게 한 일을 보이리라 한지라 요나단이 자기 병기든 자에게 이르되 나를 따라 올라오라 여호와께서 그들을 이스라엘의 손에 붙이셨느니라 하고
13 Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.
요나단이 손발로 붙잡고 올라갔고 그 병기 든 자도 따랐더라 블레셋 사람들이 요나단 앞에서 엎드러지매 병기 든 자가 따라가며 죽였으니
14 Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.
요나단과 그 병기 든 자가 반일경 지단안에서 처음으로 도륙한 자가 이십인 가량이라
15 Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.
들에 있는 진과 모든 백성 중에 떨림이 일어났고 부대와 노략군들도 떨었으며 땅도 진동하였으니 이는 큰 떨림이었더라
16 Gad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala.
베냐민 기브아에 있는 사울의 파숫군이 바라본즉 허다한 블레셋 사람이 무너져 이리저리 흩어지더라
17 Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.
사울이 자기와 함께 한 백성에게 이르되 `우리에게서 누가 나갔는지 점고하여 보라' 하고 점고한즉 요나단과 그의 병기 든 자가 없어졌더라
18 Alò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.
사울이 아히야에게 이르되 `하나님의 궤를 이리로 가져오라' 하니 그 때에 하나님의 궤가 이스라엘 자손과 함께 있음이라
19 Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
사울이 제사장에게 말할 때에 블레셋 사람의 진에 소동이 점점 더한지라 사울이 제사장에게 이르되 `네 손을 거두라' 하고
20 Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon.
사울과 그와 함께한 모든 백성이 모여 전장에 가서 본즉 블레셋 사람이 각각 칼로 그 동무를 치므로 크게 혼란하였더라
21 Alò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo.
전에 블레셋 사람과 함께 하던 히브리 사람이 사방에서 블레셋 사람과 함께 와서 진에 들어왔더니 그들이 돌이켜 사울과 요나단과 함께한 이스라엘 사람과 합하였고
22 Lè tout mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la.
에브라임 산지에 숨었던 이스라엘 모든 사람도 블레셋 사람의 도망함을 듣고 싸우러 나와서 그들을 추격하였더라
23 Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.
여호와께서 그 날에 이스라엘을 구원하시므로 전쟁이 벧아웬을 지나니라
24 Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.
이 날에 이스라엘 백성이 피곤하였으니 이는 사울이 백성에게 맹세시켜 경계하여 이르기를 `저녁 곧 내가 내 원수에게 보수하는 때까지 아무 식물이든지 먹는 사람은 저주를 받을지어다!' 하였음이라 그러므로 백성이 식물을 맛보지 못하고
25 Tout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a.
그들이 다 수풀에 들어간즉 땅에 꿀이 있더라
26 Lè pèp la te antre forè a, men vwala, te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an.
백성이 수풀로 들어갈 때에 꿀이 흐르는 것을 보고도 그들이 맹세를 두려워하여 손을 그 입에 대는 자가 없으나
27 Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.
요나단은 그 아비가 맹세로 백성에게 명할 때에 듣지 못하였으므로 손에 가진 지팡이 끝을 내밀어 꿀을 찍고 그 손을 돌이켜 입에 대매 눈이 밝아졌더라
28 Epi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’” Epi pèp la te bouke.
때에 백성 중 하나가 고하여 가로되 `당신의 부친이 맹세로 백성에게 엄히 명하여 말씀하시기를 오늘날 식물을 먹는 사람은 저주를 받을지어다 하셨나이다 그러므로 백성이 피곤하였나이다'
29 Alò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a.
요나단이 가로되 `내 부친이 이 땅으로 곤란케 하셨도다 보라, 내가 이 꿀 조금을 맛보고도 내 눈이 이렇게 밝았거든
30 Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.”
하물며 백성이 오늘 그 대적에게서 탈취하여 얻은 것을 임의로 먹었더면 블레셋 사람을 살륙함이 더욱 많지 아니하였겠느냐?'
31 Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke.
그 날에 백성이 믹마스에서부터 아얄론에 이르기까지 블레셋 사람을 쳤으므로 그들이 심히 피곤한지라
32 Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.
백성이 이에 탈취한 물건에 달려가서 양과 소와 송아지들을 취하고 그것을 땅에서 잡아 피 있는 채 먹었더니
33 Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”
무리가 사울에게 고하여 가로되 `보소서! 백성이 고기를 피채 먹어 여호와께 범죄하였나이다' 사울이 가로되 `너희가 무신하게 행하였도다 이제 큰 돌을 내게로 굴려오라' 하고
34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.
또 가로되 `너희는 백성 중에 흩어져 다니며 이르기를 사람은 각기 소와 각기 양을 이리로 끌어다가 잡아 먹되 피 있는 채 먹어서 여호와께 범죄하지 말라' 하매 그 밤에 모든 백성이 각각 자기의 소를 끌어다가 거기서 잡으니라
35 Epi Saül tebati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a.
사울이 여호와를 위하여 단을 쌓았으니 이는 그가 여호와를 위하여 처음 쌓은 단이었더라
36 Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
사울이 가로되 `우리가 밤에 블레셋 사람을 쫓아 내려가서 동틀 때까지 그들 중에서 탈취하고 한 사람도 남기지 말자 무리가 가로되 `왕의 소견에 좋은 대로 하소서' 할 때에 제사장이 가로되 `이리로 와서 하나님께로 나아가사이다' 하매
37 Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men Li pa t reponn li nan jou sa a
사울이 하나님께 묻자오되 `내가 블레셋 사람을 쫓아 내려가리이까 주께서 그들을 이스라엘의 손에 붙이시겠나이까?' 하되 그 날에 대답지 아니하시는지라
38 Saül te di: “Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a.
사울이 가로되 `너희 백성의 어른들아! 다 이리로 오라 오늘 이 죄가 뉘게 있나 알아 보자
39 Paske jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li.
이스라엘을 구원하신 여호와의 사심으로 맹세하노니 내 아들 요나단에게 있다 할지라도 반드시 죽으리라' 하되 모든 백성 중 한 사람도 대답지 아니하매
40 Alò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.” Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.”
이에 그가 온 이스라엘에게 이르되 `너희는 저편에 있으라 나와 내 아들 요나단은 이편에 있으리라' 백성이 사울에게 말하되 `왕의 소견에 좋은대로 하소서' 하니라
41 Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: “Fè yon tiraj osò konplè.” Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.
이에 사울이 이스라엘의 하나님 여호와께 아뢰되 `원컨대 실상을 보이소서' 하였더니 요나단과 사울이 뽑히고 백성은 면한지라
42 Saül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.” Epi se Jonathan ki pran.
사울이 가로되 `나와 내 아들 요나단 사이에 뽑으라' 하였더니 요나단이 뽑히니라
43 Alò Saül te di a Jonathan: “Di mwen kisa ou te fè a.” Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!”
사울이 요나단에게 가로되 `너의 행한 것을 내게 고하라' 요나단이 고하여 가로되 `내가 다만 내 손에 가진 지팡이 끝으로 꿀을 조금 맛보았을 뿐이오나 내가 죽을 수 밖에 없나이다'
44 Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, Jonathan, ou oblije mouri.”
사울이 가로되 `요나단아! 네가 반드시 죽으리라! 그렇지 않으면 하나님이 내게 벌을 내리시고 또 내리시기를 원하노라'
45 Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.
백성이 사울에게 말하되 `이스라엘에 이 큰 구원을 이룬 요나단이 죽겠나이까 결단코 그렇지 아니하니이다 여호와의 사심으로 맹세하옵나니 그의 머리털 하나도 땅에 떨어지지 아니할 것은 그가 오늘 하나님과 동사하였음이니이다' 하여 요나단을 구원하여 죽지않게 하니라
46 Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.
이 블레셋 사람 따르기를 그치고 올라가매 블레셋 사람이 자기 곳으로 돌아가니라
47 Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.
사울이 이스라엘 왕위에 나아간 후에 사방에 있는 모든 대적 곧 모압과 암몬 자손과 에돔과 소바의 왕들과 블레셋 사람을 쳤는데 향하는 곳마다 이기었고
48 Li te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.
용맹 있게 아말렉 사람을 치고 이스라엘을 그 약탈하는 자의 손에서 건졌더라
49 Alò, fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, Mical.
사울의 아들은 요나단과, 리스위와, 말기수아요, 그 두 딸의 이름은 이러하니 맏딸의 이름은 메랍이요, 작은 딸의 이름은 미갈이며
50 Non a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül.
사울의 아내의 이름은 아히노암이니 아히마아스의 딸이요, 그 군장의 이름은 아브넬이니 사울의 숙부 넬의 아들이며
51 Kish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel.
사울의 아비는 기스요 아브넬의 아비는 넬이니 아비엘의 아들이었더라
52 Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te fè l vin atache nan sèvis pa l la.
사울의 사는 날 동안에 블레셋 사람과 큰 싸움이 있었으므로 사울이 힘 있는 자나 용맹 있는 자를 보면 그들을 불러 모았더라