< 1 Samyèl 12 >
1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou.
dixit autem Samuhel ad universum Israhel ecce audivi vocem vestram iuxta omnia quae locuti estis ad me et constitui super vos regem
2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a.
et nunc rex graditur ante vos ego autem senui et incanui porro filii mei vobiscum sunt itaque conversatus coram vobis ab adulescentia mea usque ad diem hanc ecce praesto sum
3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
loquimini de me coram Domino et coram christo eius utrum bovem cuiusquam tulerim an asinum si quempiam calumniatus sum si oppressi aliquem si de manu cuiusquam munus accepi et contemnam illud hodie restituamque vobis
4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
et dixerunt non es calumniatus nos neque oppressisti neque tulisti de manu alicuius quippiam
5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.” Epi yo te di: “Li se temwen.”
dixitque ad eos testis Dominus adversus vos et testis christus eius in die hac quia non inveneritis in manu mea quippiam et dixerunt testis
6 Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.
et ait Samuhel ad populum Dominus qui fecit Mosen et Aaron et eduxit patres nostros de terra Aegypti
7 Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.
nunc ergo state ut iudicio contendam adversum vos coram Domino de omnibus misericordiis Domini quas fecit vobiscum et cum patribus vestris
8 “Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.
quomodo ingressus est Iacob in Aegyptum et clamaverunt patres vestri ad Dominum et misit Dominus Mosen et Aaron et eduxit patres vestros ex Aegypto et conlocavit eos in loco hoc
9 Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.
qui obliti sunt Domini Dei sui et tradidit eos in manu Sisarae magistri militiae Asor et in manu Philisthinorum et in manu regis Moab et pugnaverunt adversum eos
10 Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’
postea autem clamaverunt ad Dominum et dixerunt peccavimus quia dereliquimus Dominum et servivimus Baalim et Astharoth nunc ergo erue nos de manu inimicorum nostrorum et serviemus tibi
11 Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.
et misit Dominus Hierobaal et Bedan et Ieptha et Samuhel et eruit vos de manu inimicorum vestrorum per circuitum et habitastis confidenter
12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.
videntes autem quod Naas rex filiorum Ammon venisset adversum vos dixistis mihi nequaquam sed rex imperabit nobis cum Dominus Deus vester regnaret in vobis
13 Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.
nunc ergo praesto est rex vester quem elegistis et petistis ecce dedit vobis Dominus regem
14 Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an.
si timueritis Dominum et servieritis ei et audieritis vocem eius et non exasperaveritis os Domini eritis et vos et rex qui imperat vobis sequentes Dominum Deum vestrum
15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.
si autem non audieritis vocem Domini sed exasperaveritis sermonem Domini erit manus Domini super vos et super patres vestros
16 “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou.
sed et nunc state et videte rem istam grandem quam facturus est Dominus in conspectu vestro
17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”
numquid non messis tritici est hodie invocabo Dominum et dabit voces et pluvias et scietis et videbitis quia grande malum feceritis vobis in conspectu Domini petentes super vos regem
18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.
et clamavit Samuhel ad Dominum et dedit Dominus voces et pluviam in die illa
19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
et timuit omnis populus nimis Dominum et Samuhelem dixitque universus populus ad Samuhel ora pro servis tuis ad Dominum Deum tuum ut non moriamur addidimus enim universis peccatis nostris malum ut peteremus nobis regem
20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.
dixit autem Samuhel ad populum nolite timere vos fecistis universum malum hoc verumtamen nolite recedere a tergo Domini et servite Domino in omni corde vestro
21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.
et nolite declinare post vana quae non proderunt vobis neque eruent vos quia vana sunt
22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.
et non derelinquet Dominus populum suum propter nomen suum magnum quia iuravit Dominus facere vos sibi populum
23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.
absit autem a me hoc peccatum in Domino ut cessem orare pro vobis et docebo vos viam bonam et rectam
24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.
igitur timete Dominum et servite ei in veritate et ex toto corde vestro vidistis enim magnifica quae in vobis gesserit
25 Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”
quod si perseveraveritis in malitia et vos et rex vester pariter peribitis