< 1 Piè 1 >
1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,
Peter, an apostle of Jesus Christ, to the sojourners scattered throughout Pontus, Galatia, Cappadocia, Asia, and Bithynia,
2 selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
Elect according to the foreknowledge of God the Father, through sanctification of the Spirit, to obedience and sprinkling of the blood of Jesus Christ: Grace to you, and peace, be multiplied.
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
Blessed be the God and Father of our Lord Jesus Christ, who according to his abundant mercy hath begotten us again to a living hope by the resurrection of Jesus Christ from the dead,
4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou
To an inheritance incorruptible, and undefiled, and that fadeth not away, reserved in heaven for you,
5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
Who are kept by the power of God through faith to salvation ready to be revealed in the last time.
6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv,
In this ye greatly rejoice, though now for a season, if need be, ye are in heaviness through various temptations:
7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.
That the trial of your faith, being much more precious than of gold that perisheth, though tried with fire, might be found to praise and honour and glory at the appearing of Jesus Christ:
8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa
Whom having not seen, ye love; in whom, though now ye see him not, yet believing, ye rejoice with joy unspeakable and full of glory:
9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
Receiving the end of your faith, even the salvation of your souls.
10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo,
Of this salvation the prophets have enquired and searched diligently, who prophesied of the grace that should come to you:
11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
Searching what, or what manner of time the Spirit of Christ who was in them did signify, when he testified beforehand the sufferings of Christ, and the glory that should follow.
12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
To whom it was revealed, that not to themselves, but to us they ministered the things, which are now reported to you by them that have preached the gospel to you with the Holy Spirit sent down from heaven; which things the angels desire to look into.
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—
Therefore gird up the loins of your mind, be sober, and hope to the end for the grace that is to be brought to you at the revelation of Jesus Christ;
14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan,
As obedient children, not fashioning yourselves according to the former lusts in your ignorance:
15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou.
But as he who hath called you is holy, so be ye holy in all your behaviour;
16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
Because it is written, Be ye holy; for I am holy.
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
And if ye call on the Father, who without respect of persons judgeth according to every man’s work, pass the time of your sojourning here in fear:
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo,
Forasmuch as ye know that ye were not redeemed with corruptible things, as silver and gold, from your vain way of life received by tradition from your fathers;
19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.
But with the precious blood of Christ, as of a lamb without blemish and without spot:
20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm
Who verily was foreordained before the foundation of the world, but was revealed in these last times for you,
21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
Who by him do believe in God, that raised him from the dead, and gave him glory; that your faith and hope might be in God.
22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,
Seeing ye have purified your souls in obeying the truth through the Spirit to a sincere love of the brethren, see that ye love one another with a pure heart fervently:
23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan. (aiōn )
Being born again, not of corruptible seed, but of incorruptible, by the word of God, which liveth and abideth for ever. (aiōn )
24 Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
For all flesh is as grass, and all the glory of man as the flower of grass. The grass withereth, and its flower falleth away:
25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan. (aiōn )
But the word of the Lord endureth for ever. And this is the word which by the gospel is preached to you. (aiōn )