< 1 Piè 4 >
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche,
Отже, оскільки Христос постраждав тілом, то й ви озброюйтеся цією ж думкою, бо той, хто постраждав тілом, перестав грішити,
2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
щоб решту часу жити в тілі вже не за людськими лихими бажаннями, а за волею Бога.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
Бо досить, що в минулому ви виконували волю язичників, віддаючись розпусті, пожадливості, п’янству, гулянкам і огидному ідолопоклонству.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.
Тому вони дивуються, що ви не біжите разом із ними до виру розпусти, і зневажають [вас].
5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
Але вони відповідатимуть перед Тим, Хто готовий судити живих і мертвих.
6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
Адже тому Добра Звістка звіщалася й мертвим, щоб вони були судимі як люди – за тілом, і жили по-Божому – за духом.
7 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.
Але кінець усьому наблизився. Тож будьте розсудливі й тверезі в молитвах.
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
Насамперед майте щиру любов одне до одного, адже любов покриває безліч гріхів.
9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
Будьте гостинні одне до одного без нарікання.
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
Служіть одне одному, кожен тим даром, який отримав, як добрі управителі різноманітної Божої благодаті.
11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen. (aiōn )
Коли хтось говорить, [нехай говорить] як Божі слова; коли хтось служить, [нехай це робить] силою, яку дає Всевишній, щоб у всьому був прославлений Бог через Ісуса Христа, Якому належать слава і сила навіки-віків! Амінь. (aiōn )
12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.
Любі, не дивуйтеся вогняному випробуванню, що трапляється вам, ніби чомусь дивному,
13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.
але радійте, що ви розділяєте Христові страждання, щоб і при з’явленні Його слави ви раділи та веселилися.
14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
Якщо вас зневажають за Христове ім’я, то ви блаженні, адже Дух слави і Бога спочиває на вас.
15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;
Але нехай жоден із вас не страждає, як вбивця, крадій, злочинець або як той, хто втручається в чужі справи.
16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
А коли хтось [страждає] як християнин, то нехай не соромиться, але прославляє Бога цим ім’ям.
17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
Адже настав час розпочати суд від Дому Божого. І коли він розпочнеться з нас, то який же кінець тих, хто не підкоряється Добрій Звістці Бога?!
18 Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
І: «Коли праведний ледве спасається, то де виявиться безбожник і грішник?»
19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.
Тому й ті, хто страждає з Божої волі, нехай довіряють свої душі вірному Творцеві, роблячи добро.