< 1 Piè 2 >
1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang
Putting away therefore all wickedness, and all deceit, and hypocrisy, and envy, and all slander,
2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali,
as newborn babies, long for the pure milk of the word, that you may grow thereby to salvation,
3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
if indeed you have tasted that the Lord is good:
4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
coming to him, a living stone, though rejected by people but chosen by God, precious.
5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.
You also, as living stones, are built up as a spiritual house, to be a holy priesthood, to offer up spiritual sacrifices, acceptable to God through Yeshua Meshikha.
6 Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
Because it is contained in Scripture, "Look, I am laying in Tsehyun a stone, a chosen precious cornerstone, and whoever believes in him will not be put to shame."
7 Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: “Wòch ke bòs mason yo te rejte a, sa te devni vrè wòch ang lan.”
For you who believe therefore is the honor, but for those who do not believe, "The stone which the builders rejected, has become the chief cornerstone,"
8 Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
and, "a stone to stumble over, and a rock to trip over." For they stumble at the word, being disobedient, to which also they were appointed.
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.
But you are a chosen race, a royal priesthood, a holy nation, a people for his own possession, that you may proclaim the excellence of him who called you out of darkness into his marvelous light:
10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
who once were not a people, but now are God's people, who had not obtained mercy, but now have obtained mercy.
11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.
Beloved, I urge you as foreigners and temporary residents, to abstain from fleshly lusts, which war against the soul;
12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
having good behavior among the nations, so in that of which they speak against you as evildoers, they may by your good works, which they see, glorify God in the day of visitation.
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite
Subject yourselves to every human institution for the Lord's sake: whether to the king, as supreme;
14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.
or to governors, as sent by him for vengeance on evildoers and for praise to those who do well.
15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
For this is the will of God, that by well-doing you should put to silence the ignorance of foolish people:
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.
as free, and not using your freedom as a cover-up for evil, but as slaves of God.
17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
Honor all people. Love the brotherhood. Fear God. Honor the king.
18 Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo.
Servants, be in subjection to your masters with all fear; not only to the good and gentle, but also to the wicked.
19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
For it is commendable if someone endures pain, suffering unjustly, because of conscience toward God.
20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye.
For what glory is it if, when you sin, you patiently endure beating? But if, when you do well, you patiently endure suffering, this is commendable with God.
21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
For to this you were called, because Meshikha also suffered for you, leaving you an example, that you should follow his steps,
22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.
who "committed no sin, nor was deceit found in his mouth."
23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
Who, when he was cursed, did not curse back. When he suffered, did not threaten, but committed himself to him who judges righteously;
24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
who his own self bore our sins in his body on the tree, that we, having died to sins, might live to righteousness; by whose wounds you were healed.
25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
For you were going astray like sheep; but now have returned to the Shepherd and Qashisha of your souls.