< 1 Wa 1 >
1 Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.
Yıllar geçmiş, Kral Davut yaşlanmıştı. Üstünü örtülerle örtmelerine karşın ısınamıyordu.
2 Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.”
Görevlileri, “Efendimiz kral!” dediler, “Yanında kalıp sana bakacak, koynunda yatıp seni ısıtacak genç bir kız arayalım.”
3 Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.
Görevliler bütün İsrail'i aradılar; sonunda Şunemli Avişak adında genç ve güzel bir kız bulup krala getirdiler.
4 Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.
Çok güzel olan genç kız, krala bakıp hizmet etti. Ama kral ona hiç dokunmadı.
5 Alò, Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l.
Hagit'in oğlu Adoniya kral olmayı düşünüyordu. Bu amaçla ortaya çıkıp kendine savaş arabaları, atlılar ve önünde koşacak elli muhafız buldu.
6 Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom.
Babası Davut hiçbir zaman, “Neden şöyle ya da böyle davranıyorsun?” diye ona karşı çıkmamıştı. Avşalom'dan sonra dünyaya gelen Adoniya çok yakışıklıydı.
7 Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li.
Adoniya, Seruya oğlu Yoav ve Kâhin Aviyatar'la görüşüp onların desteğini sağladı.
8 Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
Ama Kâhin Sadok, Yehoyada oğlu Benaya, Peygamber Natan, Şimi, Rei ve Davut'un muhafızları ona katılmadılar.
9 Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo.
Adoniya, Eyn-Rogel yakınlarında Sohelet Kayası denilen yerde davar, sığır ve besili buzağılar kurban edip bütün kardeşlerini, yani kralın oğullarını ve krala hizmet eden bütün Yahudalılar'ı çağırdı. Ama Peygamber Natan'ı, Benaya'yı, muhafızları ve kardeşi Süleyman'ı çağırmadı.
10 Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.
11 Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa?
Bunun üzerine Natan, Süleyman'ın annesi Bat-Şeva'ya, “Hagit oğlu Adoniya efendimiz Davut'un haberi olmadan kendini kral ilan etmiş, duymadın mı?” dedi,
12 Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.
“Şimdi izin ver de sana kendi canınla oğlun Süleyman'ın canını nasıl kurtaracağına ilişkin öğüt vereyim.
13 Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’
Git Kral Davut'a söyle, ‘Efendim kral, benden sonra oğlun Süleyman kral olacak ve tahtıma o oturacak diye bana ant içmedin mi? O halde neden Adoniya kral oldu?’
14 Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”
Sen kralla konuşmanı bitirmeden ben içeri girip sözlerini doğrulayacağım.”
15 Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a.
Bat-Şeva yaşı çok ilerlemiş olan kralın odasına girdiğinde Şunemli Avişak ona hizmet ediyordu.
16 Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”
Bat-Şeva, kralın önünde diz çöküp yere kapandı. Kral, “Ne istiyorsun?” diye sordu.
17 Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.”
Bat-Şeva şöyle karşılık verdi: “Efendim, ‘Benden sonra oğlun Süleyman kral olacak ve tahtıma oturacak’ diye bana Tanrın RAB adıyla ant içtin.
18 Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen.
Efendim kral, şu anda senin haberin olmadan Adoniya krallığını ilan etti.
19 Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a.
Sayısız sığır, davar ve besili buzağı kurban edip kralın bütün oğullarını, Kâhin Aviyatar'ı ve ordu komutanı Yoav'ı çağırdı, ama kulun Süleyman'ı çağırmadı.
20 Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li.
Efendim kral, bütün İsrail'in gözü sende. Senden sonra tahtına kimin geçeceğini öğrenmek istiyorlar.
21 Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
Yoksa sen ölüp atalarına kavuşunca, ben ve oğlum Süleyman suçlu sayılacağız.”
22 Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre.
Bat-Şeva daha kralla konuşurken Peygamber Natan geldi.
23 Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè.
Krala, “Peygamber Natan geldi” dediler. Natan kralın huzuruna çıkıp yüzüstü yere kapandı.
24 Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’?
Sonra, “Efendim kral, senden sonra Adoniya'nın kral olup tahtına geçeceğini söyledin mi?” dedi,
25 Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’
“Adoniya bugün gidip sayısız sığır, davar ve besili buzağı kurban etmiş; kralın bütün oğullarını, ordu komutanlarını ve Kâhin Aviyatar'ı çağırmış. Şu anda hepsi onun önünde yiyip içiyor ve, ‘Yaşasın Kral Adoniya!’ diye bağırıyor.
26 Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou.
Ama Adoniya beni, Kâhin Sadok'u, Yehoyada oğlu Benaya'yı ve kulun Süleyman'ı çağırmadı.
27 Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”
Efendim ve kralım, gerçekten bütün bunlara sen mi karar verdin? Yoksa senden sonra tahtına kimin geçeceğini biz kullarına bildirmeden mi bunu yaptın?”
28 Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a.
Kral Davut, “Bana Bat-Şeva'yı çağırın!” dedi. Bat-Şeva kralın huzuruna çıkıp önünde durdu.
29 Wa a te sèmante. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub,
Kral Bat-Şeva'ya, “Beni bütün sıkıntılardan kurtaran, yaşayan RAB'bin adıyla ant içiyorum” dedi,
30 anverite, jan mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
“‘Benden sonra oğlun Süleyman kral olacak ve tahtıma geçecek’ diye İsrail'in Tanrısı RAB'bin adıyla içtiğim andı bugün yerine getireceğim.”
31 Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: “Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
O zaman Bat-Şeva kralın önünde diz çöküp yüzüstü yere kapandı ve, “Efendim Kral Davut sonsuza dek yaşasın!” dedi.
32 Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a.
Kral Davut, “Kâhin Sadok'u, Peygamber Natan'ı ve Yehoyada oğlu Benaya'yı bana çağırın” dedi. Hepsi önüne gelince,
33 Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon.
kral onlara şöyle dedi: “Efendinizin görevlilerini yanınıza alın ve oğlum Süleyman'ı benim katırıma bindirip Gihon'a götürün.
34 Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’
Orada Kâhin Sadok ve Peygamber Natan onu İsrail Kralı olarak meshetsinler. Boru çalıp, ‘Yaşasın Kral Süleyman!’ diye bağırın.
35 Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”
Onun ardından gidin; çünkü o gelip tahtıma oturacak ve yerime kral olacak. Onu İsrail ve Yahuda'ya yönetici atadım.”
36 Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale.
Yehoyada oğlu Benaya, “Amin” diye karşılık verdi, “Efendim kralın Tanrısı RAB de bu kararı onaylasın.
37 Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!
RAB, efendim kralla birlikte olduğu gibi Süleyman'la da birlikte olsun ve onun krallığını Davut'un krallığından daha başarılı kılsın.”
38 Konsa Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon.
Kâhin Sadok, Peygamber Natan, Yehoyada oğlu Benaya, Keretliler'le Peletliler gidip Süleyman'ı Kral Davut'un katırına bindirdiler ve Gihon'a kadar ona eşlik ettiler.
39 Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
Kâhin Sadok, Kutsal Çadır'dan yağ dolu boynuz kabı alıp Süleyman'ı meshetti. Boru çalınca bütün halk “Yaşasın Kral Süleyman!” diye bağırdı.
40 Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo.
Herkes kaval çalarak Süleyman'ın ardından yürüdü. Öyle sevinçliydiler ki, seslerinden adeta yer sarsılıyordu.
41 Alò, Adonaja avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
Adoniya ve yanındaki konuklar yemeklerini bitirirken kalabalığın gürültüsünü duydular. Boru sesini duyan Yoav, “Kentten gelen bu gürültü de ne?” diye sordu.
42 Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”
Yoav daha sorusunu tamamlamadan, Kâhin Aviyatar oğlu Yonatan çıkageldi. Adoniya ona, “İçeri gir, sen yiğit bir adamsın. İyi haberler getirmiş olmalısın” dedi.
43 Men Jonathan te reponn a Adonaja: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa.
Yonatan, “Hayır, bu kez farklı” diye karşılık verdi, “Efendimiz Kral Davut, Süleyman'ı kral atadı.
44 Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a.
Kral, Kâhin Sadok, Peygamber Natan, Yehoyada oğlu Benaya ve Keretliler'le Peletliler'in Süleyman'ı kendi katırına bindirip götürmelerini istedi.
45 Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a.
Gihon'a götürülen Süleyman orada Kâhin Sadok'la Peygamber Natan tarafından kral olarak meshedildi. Oradan sevinçle döndüler ve sesleri kentte yankılanmaya başladı. Duyduğunuz sesler onların sesleridir.
46 Anplis menm, Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan.
Üstelik Süleyman krallık tahtına oturdu bile.
47 Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi wa a te bese sou kabann nan.
Ayrıca efendimiz Kral Davut'u kutlamaya gelen görevlileri, ‘Tanrın, Süleyman'ın adını senin adından daha yüce, krallığını senin krallığından daha başarılı kılsın’ diyorlar. Kral yatağının üzerine kapanarak,
48 Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”
‘Henüz gözlerim açıkken bugün tahtıma oturacak birini veren İsrail'in Tanrısı RAB'be övgüler olsun’ diyor.”
49 Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo.
Bunun üzerine Adoniya'nın bütün konukları korkuya kapılıp kalktılar, her biri kendi yoluna gitti.
50 Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.”
Adoniya ise, Süleyman'dan korktuğu için, gidip sunağın boynuzlarına sarıldı.
51 Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’”
Durumu Süleyman'a anlattılar. “Adoniya senden korkuyor” dediler, “Sunağın boynuzlarına sarılmış ve ‘İlk önce Kral Süleyman ben kulunu kılıçla öldürmeyeceğine dair ant içsin’ diyor.”
52 Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
Süleyman, “Eğer bana bağlı kalırsa, saçının bir teline bile zarar gelmez” diye yanıtladı, “Ama içinde bir kötülük varsa öldürülür.”
53 Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”
Sonra Kral Süleyman'ın gönderdiği adamlar Adoniya'yı sunaktan indirip getirdiler. Adoniya gelip önünde yere kapanınca, ona, “Evine dön!” dedi.