< 1 Wa 8 >
1 Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè montelach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an.
[迎約櫃入聖殿]那時,撒羅滿召集以色列眾長老,各支派的首領和以色列子民各家族族長,都到耶路撒冷,為將上主的約櫃從達味城,即熙雍運上來。
2 Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a.
以色列全體民眾於是在「厄塔寧」月,即第七月的慶節期中,聚集在撒羅滿王那裏。
3 Tout ansyen Israël yo te vini, e prèt yo te leve pran lach la.
以色列所有的長老來到後,司祭們便抬起約櫃,
4 Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte.
司祭和肋未人分別將上主的約櫃、會幕和帳幕中所有的聖器運了上來。
5 Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole.
撒羅滿王和聚集在他那裏的以色列全會眾,在約櫃前祭殺了牛羊,多得無法計算,不可勝數。
6 Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.
司祭們將上主的約櫃抬到殿的內部,即至聖所內,放在革魯賓翅膀下早已預備的地方。
7 Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo.
革魯賓的翅膀原是伸開的,正遮在約櫃的所在地之上,所以革魯賓在上面正遮著約櫃和抬約櫃的杠桿。
8 Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a.
這杠桿很長,杠桿從內殿前的聖所可以看見,在殿外卻看不見;直到今天還在那裏。
9 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.
約櫃內除兩塊石版外,沒有別的東西,是以色列子民出埃及後,上主與他們立約時,梅瑟在曷勒布山放在裏面的。
10 Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke nwaj la te ranpli kay SENYÈ a,
當司祭從聖所出來時,雲彩充滿了上主的殿,
11 jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
以致為了雲彩,司祭們不能繼續奉職,因為上主的榮耀充滿了上主的殿。
12 Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès.
當時,撒羅滿便說:「上主曾決定在幽暗之中,
13 Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”
如今我已為你建築了一個居所,作為你永久的住處」撒羅滿向百姓致辭
14 Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.
然後,君王轉過身來,祝福在場站立的以色列全會眾,
15 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:
說「上主以色列的天主,應受讚美! 因為他親自完成了他親口對我父親達味所作的預許。他曾說過:
16 ‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’
自從我領我的百姓以色列出離埃及的那天起,我從未在以色列各支派中選擇一城,建造一座作我名下的殿。但是現在,我選擇了耶路撒冷作我名的居所,揀選了達味作我百姓以色列的領袖。
17 “Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
我父親達味原有意為上主以色列天主的名,建造一座殿宇,
18 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou.
但上主卻對我父親達味說:你有意為我的名建造一座殿宇,你這番心意固然很好,
19 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’
但不是你要建造這殿宇,而是你親生的兒子,他要為我的名建造這殿宇。
20 Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
現在,上主實現了他說的話,我已如上主所說的,繼承了我父親達味,坐上了以色列的寶座;我也為上主以色列天主的名,建造了這座殿宇,
21 La mwen te poze yon plas pou lach la, nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”
在殿內我也為約櫃預備了一個地方,約櫃內存有上主的約版,就是他領我們的祖先出埃及時,與他們所立的約。」祈禱詞
22 Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la.
此後,撒羅滿當著以色列全會眾,立在上主的祭壇前,舉手向天,說:
23 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,
「上主,以色列的天主! 上天下地沒有一個神能與你相比。你對那全心在你面前行走的僕人,常是守約表示慈愛。
24 ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a.
你對你僕人我父親達味所應許的,你都履行了;你親口應允的,你也親手成就了,正如今天一樣。
25 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’
上主,以色列的天主,現在求你實踐你向你的僕人,我的父親達味所應許的罷! 你曾說過:只要你的子孫固守正道,在我面前行走,如你一樣在我面前行走,你決不缺人在我面前坐以色列的寶座。
26 “Koulye a, pou sa, O Bondye Israël la, kite pawòl Ou, mwen priye, vin konfime ke Ou te pale a sèvitè Ou a, papa m, David.
上主,以色列的天主,現在求你,使你向你僕人我父親達味所應許的話,予以實現罷!
27 Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
但是,天主實在住在地上嗎﹖看,天和天上的天尚且容不下你,何況我所建造的這座殿宇呢﹖
28 Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a;
上主,我的天主,請垂允你僕人的祈禱和懇求,俯聽你僕人今天在你面前所發的呼號和祈禱!
29 pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.
願你的眼睛晝夜垂視這座殿宇,看顧你所說「我的名要永留在此」的地方! 願你垂聽你僕人向這地方要行的祈禱!
30 Koute siplikasyon a sèvitè Ou, e a pèp Ou a, Israël lè yo priye vè plas sila a. Koute nan syèl la, kote Ou abite a; e lè Ou koute, padone.
願你垂聽你僕人和百姓以色列向這地方所發的哀禱! 願你在天上,從你的居所予以垂聽! 請垂聽與寬恕!
31 “Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a,
若有人得罪了自己的鄰人,被迫以咒詞起誓,而來到這殿內,在你的祭壇前起誓,
32 alò, tande nan syèl la e pran desizyon pou jije sèvitè Ou yo; kondane mechan an, fè chemen pa li a vin sou pwòp tèt li. Epi fè jistis vini sou sila ki dwat la, lè Ou ba li selon ladwati li.
願你從天上垂聽受理,為你的僕人審斷:懲罰惡人,照他的惡行,報應在他的頭上;宣告義人無罪,照他的正義酬報他。
33 “Lè pèp Ou a, Israël fin bat devan yon lènmi, akoz yo te peche kont Ou, si yo vire vè Ou ankò pou konfese non Ou, priye e fè siplikasyon vè Ou nan kay sa a,
當你的百姓以色列犯罪得罪了你,在敵人面前被擊敗時,如果他們回心轉意,稱頌你的名,在這殿內巷你祈禱懇求,
34 alò, tande nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a Israël, e mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay zansèt yo.
願你從天上予以垂聽,寬恕你百姓以色列的罪過,領他們回到你賜給他們祖先的地方!
35 “Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo,
幾時他們犯罪得罪了你,致使天空閉塞不雨;如果他們向這地方祈禱,稱頌你的名,並因你的懲罰而遠離罪過,
36 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.
求你從天上垂聽,赦免你僕人和你百姓以色列的罪,指給他們應走的正路,使雨降在你賜予你百姓作為基業的地上。
37 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,
如果此地發生饑饉瘟疫,五穀枯萎生霉,或遭受蝗蟲螞蚱,或有敵人犯境圍困門下,或不拘遭受什麼災禍疾病;
38 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;
如果你的百姓以色列,個人或團體,心中感到內疚,向這殿伸手祈禱哀求,
39 alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;
願你從天上你的居所,予以垂聽、寬恕、援助,照各人的作為予以賞罰,因為你認識人的心,─惟有你認識所有人子的心,─
40 pou yo kapab gen lakrent Ou tout jou ke yo viv nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
使他們在你賜予我們祖先的地上,終生敬畏你。
41 “Anplis, konsènan etranje ki pa apatyen a pèp Israël Ou a, lè li sòti nan yon peyi lwen pou koz non Ou,
至於那不屬於你百姓以色列的外方人,如為了你的大名自遠方而來,─
42 (paske yo va tande afè gran non Ou, ak men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a,
因為他們聽見了你的大名,和你大能的手及伸開的手臂,─來向這殿祈禱,
43 tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou.
願你從天上你的居所俯聽,照外方人所請求於你的一切去行:這樣可使地上萬民都認識你的名而敬畏你,如同你的百姓以色列一樣,使他們知道我所建造的這殿,是屬於你名下的。
44 “Lè pèp Ou a sòti nan batay kont lènmi yo, nan nenpòt chemen Ou ta voye yo, e yo priye a SENYÈ nan direksyon vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou a,
你的人民,如果在你派遣他們所走的路上,與敵人交戰,而他們向你所揀選的這城,向我為你名建造的這殿,祈求上主,
45 alò, tande nan syèl la lapriyè yo, ak siplikasyon yo, e bay soutyen a ka pa yo.
願你從天上俯聽他們的祈禱和哀求,為他們住持正義。
46 Lè yo peche kont Ou (pwiske nanpwen moun ki pa peche), Ou vin fache avèk yo, e Ou livre yo bay lènmi an pou fè yo sòti kaptif nan peyi a lènmi an, kit lwen, kit pre;
如果他們犯罪得罪了你,─因為沒有不犯罪的人,─而你向他們發怒,將他們交於敵人,讓敵人將他們擄到或遠或近的敵人地域內,
47 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: ‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’
他們若在被擄往的地方,回心轉意,在充軍之地,求你說:我們犯了罪,我們行了惡,做了背理的事;
48 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo nan peyi a lènmi ki te mennen yo kaptif yo, yo priye a Ou menm, vè peyi ke Ou te bay a zansèt yo, vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou an;
如果他們在俘擄他們的敵人地域內,全心全意歸向你,向你賜給他們祖先的地方,向你所揀選的這城,和我為你名建造的這殿哀求你,
49 alò, tande priyè yo, avèk siplikasyon yo, nan syèl la, plas kote Ou rete a e bay soutyen a koz pa yo,
願你從天上你的居所,俯聽他們的祈禱和懇求,並為他們主持正義,
50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo.
寬恕得罪你的百姓,寬恕他們違犯你的一切過犯,使他們在俘擄他們的敵人面前獲得憐憫,對他們表示同情,
51 (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te soti nan mitan founo fè a).
因為他們究竟是你的百姓,是你從埃及,由鎔鐵爐中領出來的產業。
52 Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou.
願你常睜眼垂顧你僕人的哀求,你百姓以色列的哀求,他們無論何時呼號你,願你都予以垂聽!
53 Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”
我主上主,因為你曾將他們從地上的萬民中選拔出來,作你的產業,正如你在領我們祖先出離埃及時,藉你的僕人梅瑟所聲明的。」祝福詞
54 Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la.
撒羅滿跪在上主的祭壇前,舉手向天,祈禱哀求上主完畢,就起來,
55 Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:
立著,高聲祝福以色列全會眾說:「
56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
上主應受讚美! 因為他照自己所應許的,使自己的百姓以色列獲得了安居;凡他藉著自己的僕人梅瑟所應許賜福的話,一句也沒有落空。
57 Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou,
願上主我們的天主與我們同在,有如與我們的祖先同在一樣:不離開我們,也不拋棄我們。
58 pou Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo.
願他使我們的心歸向他,履行他的一切道路,恪守他吩咐我們祖先的誡命、律例和典章。
59 Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a,
願我在上主面前所作的懇切禱詞,晝夜在上主我們的天主面前,好使他天天維護他僕人和他的百姓以色列,
60 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt.
使地上萬民都知道:只有上主是天主,他以外沒有別的神。
61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”
但願我們的心全歸於上主我們的天主,遵行他的律例,恪守他的誡命,如停今天一樣。」行奉獻禮
62 Alò, wa a ak tout Israël avèk li te ofri sakrifis yo devan SENYÈ a.
此後,君王和全以色列,一同在上主面前祭殺了犧牲。
63 Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.
撒羅滿祭殺了牛兩萬二千頭,羊十二萬隻,獻於上主,作為和平祭;君王和全以色列子民,就這樣為上主的殿舉行了奉獻禮。
64 Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.
當天,君王又祝聖了上主殿前的內院,在那裏奉獻了全燔祭、素祭與和平祭的脂油,因為上主面前的銅祭壇太小,容不下全燔祭、素祭及和平祭的脂油。
65 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.
同時,撒羅滿有舉行了慶節,與從哈瑪特渡口到埃及小河的全以色列人,舉行了盛大集會,在上主我們的天主面前,舉行慶節七天【又七天,共十四天。】
66 Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.
第八天,君王遣散了百姓;他們為君王祝福後,各自回了本家,對上主向他的僕人達味,他的百姓以色列,所施的種種恩寵,都非常高興歡喜。