< 1 Wa 7 >

1 Alò, Salomon te bati pwòp kay pa li pandan trèz ane, e li te fini tout kay li a nèt.
ואת ביתו בנה שלמה שלש עשרה שנה ויכל את כל ביתו׃
2 Li te bati kay la avèk materyo forè Liban an. Longè li te san koude, lajè li te senkant koude e wotè li te trant koude, sou kat ranje pilye yo fèt an sèd avèk travès sèd sou pilye yo.
ויבן את בית יער הלבנון מאה אמה ארכו וחמשים אמה רחבו ושלשים אמה קומתו על ארבעה טורי עמודי ארזים וכרתות ארזים על העמודים׃
3 Li te mete pano an sèd yo anwo chanm akote ki te sou karant-senk pilye yo, kenz nan chak ranje.
וספן בארז ממעל על הצלעת אשר על העמודים ארבעים וחמשה חמשה עשר הטור׃
4 Te gen fenèt ki te dekore an twa ranje ak fenèt ki te opoze a fenèt yo an twa ranje.
ושקפים שלשה טורים ומחזה אל מחזה שלש פעמים׃
5 Tout pòtay avèk poto pòt yo te gen ankadreman kare, byen dekore e fenèt yo te opoze a pòt yo an twa ranje.
וכל הפתחים והמזוזות רבעים שקף ומול מחזה אל מחזה שלש פעמים׃
6 Li te fè galeri a avèk pilye yo. Longè li te senkant koude, lajè li te trant koude e yon galeri te devan yo avèk pilye avèk yon pòtay antre pa devan yo.
ואת אולם העמודים עשה חמשים אמה ארכו ושלשים אמה רחבו ואולם על פניהם ועמדים ועב על פניהם׃
7 Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la.
ואולם הכסא אשר ישפט שם אלם המשפט עשה וספון בארז מהקרקע עד הקרקע׃
8 Kay kote li t ap viv nan lòt lakou anndan an te fèt avèk menm kalite travay la. Li te osi fè yon kay tankou sal sila a pou fi a Farawon an, avèk sila li te marye a.
וביתו אשר ישב שם חצר האחרת מבית לאולם כמעשה הזה היה ובית יעשה לבת פרעה אשר לקח שלמה כאולם הזה׃
9 Tout sa yo se te avèk wòch presye avèk wòch ki te koupe sou mezi, ki te siye avèk si, anndan kon deyò; menm soti nan fondasyon an jis rive anba twati yo e menm jan an, sou eksteryè a rive nan gran lakou a.
כל אלה אבנים יקרת כמדת גזית מגררות במגרה מבית ומחוץ וממסד עד הטפחות ומחוץ עד החצר הגדולה׃
10 Fondasyon an te fèt avèk wòch presye, gwo wòch, wòch nan dis koude ak wòch nan uit koude.
ומיסד אבנים יקרות אבנים גדלות אבני עשר אמות ואבני שמנה אמות׃
11 Anwo se te wòch presye ki te koupe sou mezi, ansanm ak bwa sèd.
ומלמעלה אבנים יקרות כמדות גזית וארז׃
12 Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.
וחצר הגדולה סביב שלשה טורים גזית וטור כרתת ארזים ולחצר בית יהוה הפנימית ולאלם הבית׃
13 Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr.
וישלח המלך שלמה ויקח את חירם מצר׃
14 Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.
בן אשה אלמנה הוא ממטה נפתלי ואביו איש צרי חרש נחשת וימלא את החכמה ואת התבונה ואת הדעת לעשות כל מלאכה בנחשת ויבוא אל המלך שלמה ויעש את כל מלאכתו׃
15 Li te fòme de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude.
ויצר את שני העמודים נחשת שמנה עשרה אמה קומת העמוד האחד וחוט שתים עשרה אמה יסב את העמוד השני׃
16 Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude.
ושתי כתרת עשה לתת על ראשי העמודים מצק נחשת חמש אמות קומת הכתרת האחת וחמש אמות קומת הכתרת השנית׃
17 Te gen yon sistèm rezo fèt avèk chenn an fil tòde pou tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo: sèt pou yon tèt kouvèti e sèt pou lòt tèt kouvèti a.
שבכים מעשה שבכה גדלים מעשה שרשרות לכתרת אשר על ראש העמודים שבעה לכתרת האחת ושבעה לכתרת השנית׃
18 Konsa, li te fè pilye yo: te gen de ranje antoure youn nan sistèm rezo yo pou kouvri tèt kouvèti ki te anwo grenad yo; epi se konsa li te fè pou lòt tèt kouvèti a.
ויעש את העמודים ושני טורים סביב על השבכה האחת לכסות את הכתרת אשר על ראש הרמנים וכן עשה לכתרת השנית׃
19 Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude.
וכתרת אשר על ראש העמודים מעשה שושן באולם ארבע אמות׃
20 Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo.
וכתרת על שני העמודים גם ממעל מלעמת הבטן אשר לעבר שבכה והרמונים מאתים טרים סביב על הכתרת השנית׃
21 Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz.
ויקם את העמדים לאלם ההיכל ויקם את העמוד הימני ויקרא את שמו יכין ויקם את העמוד השמאלי ויקרא את שמו בעז׃
22 Sou tèt pilye yo se te yon desen flè lis. Se konsa èv pilye yo te fini.
ועל ראש העמודים מעשה שושן ותתם מלאכת העמודים׃
23 Alò, li te fè fòm lanmè fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l.
ויעש את הים מוצק עשר באמה משפתו עד שפתו עגל סביב וחמש באמה קומתו וקוה שלשים באמה יסב אתו סביב׃
24 Anba bò li a, kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay.
ופקעים מתחת לשפתו סביב סבבים אתו עשר באמה מקפים את הים סביב שני טורים הפקעים יצקים ביצקתו׃
25 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan.
עמד על שני עשר בקר שלשה פנים צפונה ושלשה פנים ימה ושלשה פנים נגבה ושלשה פנים מזרחה והים עליהם מלמעלה וכל אחריהם ביתה׃
26 Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.
ועביו טפח ושפתו כמעשה שפת כוס פרח שושן אלפים בת יכיל׃
27 Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude.
ויעש את המכנות עשר נחשת ארבע באמה ארך המכונה האחת וארבע באמה רחבה ושלש באמה קומתה׃
28 Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo.
וזה מעשה המכונה מסגרת להם ומסגרת בין השלבים׃
29 Epi sou arebò ki te antre ankadreman yo, te gen lyon yo, bèf yo, avèk cheriben yo. Sou ankadreman yo, te gen yon etaj anlè e anba lyon yo avèk bèf yo, te gen zèv atizan kouwòn ki te pann.
ועל המסגרות אשר בין השלבים אריות בקר וכרובים ועל השלבים כן ממעל ומתחת לאריות ולבקר ליות מעשה מורד׃
30 Alò, chak baz te gen kat wou an bwonz avèk shaf an bwonz, kat pye li yo te gen soutyen yo. Anba basen an, te soutni sipò yo avèk gilann yo chak kote.
וארבעה אופני נחשת למכונה האחת וסרני נחשת וארבעה פעמתיו כתפת להם מתחת לכיר הכתפת יצקות מעבר איש ליות׃
31 Ouvèti li anndan tèt kouvèti pa anwo baz la te yon koude e ouvèti li a te won tankou desen a yon etaj won, yon koude-edmi; epi osi nan ouvèti li a, te grave desen yo, arebò yo te kare, yo pa t won.
ופיהו מבית לכתרת ומעלה באמה ופיה עגל מעשה כן אמה וחצי האמה וגם על פיה מקלעות ומסגרתיהם מרבעות לא עגלות׃
32 Kat wou yo te anba arebò yo e shaf a wou yo te sou baz la. Wotè a wou a te yon koude edmi.
וארבעת האופנים למתחת למסגרות וידות האופנים במכונה וקומת האופן האחד אמה וחצי האמה׃
33 Kalite travay a wou yo te tankou kalite travay a yon wou cha. Shaf pa yo, jant yo, reyon yo e mitan wo a tout te fonde.
ומעשה האופנים כמעשה אופן המרכבה ידותם וגביהם וחשקיהם וחשריהם הכל מוצק׃
34 Alò, te gen kat soutyen nan kat kwen a chak baz. Soutyen yo te yon pati nan baz la menm.
וארבע כתפות אל ארבע פנות המכנה האחת מן המכנה כתפיה׃
35 Anwo baz la te kanpe yon fòm fèt tou won, avèk wotè a yon mwatye koude. Sou tèt a baz la, soutyen pa li avèk arebò li yo te fèt tankou yon pati ladann.
ובראש המכונה חצי האמה קומה עגל סביב ועל ראש המכנה ידתיה ומסגרתיה ממנה׃
36 Li te grave sou plat a soutyen li yo, sou arebò li yo, cheriben yo, lyon yo ak pye palmis yo selon espas disponib nan chak, avèk kouwòn yo toutotou li.
ויפתח על הלחת ידתיה ועל ומסגרתיה כרובים אריות ותמרת כמער איש וליות סביב׃
37 Li te fè dis baz yo konsa: yo tout te fonde menm jan; yon sèl mezi ak yon sèl fòm.
כזאת עשה את עשר המכנות מוצק אחד מדה אחת קצב אחד לכלהנה׃
38 Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.
ויעש עשרה כירות נחשת ארבעים בת יכיל הכיור האחד ארבע באמה הכיור האחד כיור אחד על המכנה האחת לעשר המכונות׃
39 Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.
ויתן את המכנות חמש על כתף הבית מימין וחמש על כתף הבית משמאלו ואת הים נתן מכתף הבית הימנית קדמה ממול נגב׃
40 Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:
ויעש חירום את הכירות ואת היעים ואת המזרקות ויכל חירם לעשות את כל המלאכה אשר עשה למלך שלמה בית יהוה׃
41 de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo.
עמדים שנים וגלת הכתרת אשר על ראש העמדים שתים והשבכות שתים לכסות את שתי גלת הכתרת אשר על ראש העמודים׃
42 Anplis, li te mete kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo;
ואת הרמנים ארבע מאות לשתי השבכות שני טורים רמנים לשבכה האחת לכסות את שתי גלת הכתרת אשר על פני העמודים׃
43 dis baz avèk dis basen yo sou baz yo;
ואת המכנות עשר ואת הכירת עשרה על המכנות׃
44 yon sèl lanmè ak douz bèf anba lanmè a;
ואת הים האחד ואת הבקר שנים עשר תחת הים׃
45 bokit yo avèk pèl yo ak tèt kouvèti yo. Menm tout zouti sila yo ke Hiram te fè pou Wa Salomon nan kay SENYÈ a te fèt avèk bwonz poli.
ואת הסירות ואת היעים ואת המזרקות ואת כל הכלים האהל אשר עשה חירם למלך שלמה בית יהוה נחשת ממרט׃
46 Nan plèn Jourdain an, wa a te fonn yo, nan tè ajil la antre Succoth ak Tsarthan.
בככר הירדן יצקם המלך במעבה האדמה בין סכות ובין צרתן׃
47 Salomon te kite tout veso yo san peze, paske yo te twòp. Pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
וינח שלמה את כל הכלים מרב מאד מאד לא נחקר משקל הנחשת׃
48 Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;
ויעש שלמה את כל הכלים אשר בית יהוה את מזבח הזהב ואת השלחן אשר עליו לחם הפנים זהב׃
49 chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò.
ואת המנרות חמש מימין וחמש משמאול לפני הדביר זהב סגור והפרח והנרת והמלקחים זהב׃
50 Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò.
והספות והמזמרות והמזרקות והכפות והמחתות זהב סגור והפתות לדלתות הבית הפנימי לקדש הקדשים לדלתי הבית להיכל זהב׃
51 Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.
ותשלם כל המלאכה אשר עשה המלך שלמה בית יהוה ויבא שלמה את קדשי דוד אביו את הכסף ואת הזהב ואת הכלים נתן באצרות בית יהוה׃

< 1 Wa 7 >