< 1 Wa 5 >

1 Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David.
И послал Хирам, царь Тирский, слуг своих к Соломону, когда услышал, что его помазали в царя на место отца его; ибо Хирам был другом Давида во всю жизнь.
2 Epi Salomon te voye kote Hiram pou di:
И послал также и Соломон к Хираму сказать:
3 “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li.
ты знаешь, что Давид, отец мой, не мог построить дом имени Господа Бога своего по причине войн с окрестными народами, доколе Господь не покорил их под стопы ног его;
4 Men koulye a, SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè.
ныне же Господь Бог мой даровал мне покой отовсюду: нет противника и нет более препон;
5 Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’
и вот, я намерен построить дом имени Господа Бога моего, как сказал Господь отцу моему Давиду, говоря: “сын твой, которого Я посажу вместо тебя на престоле твоем, он построит дом имени Моему”;
6 Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”
итак прикажи нарубить для меня кедров с Ливана; и вот, рабы мои будут вместе с твоими рабами, и я буду давать тебе плату за рабов твоих, какую ты назначишь; ибо ты знаешь, что у нас нет людей, которые умели бы рубить дерева так, как Сидоняне.
7 Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”
Когда услышал Хирам слова Соломона, очень обрадовался и сказал: благословен ныне Господь, Который дал Давиду сына мудрого для управления этим многочисленным народом!
8 Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an.
И послал Хирам к Соломону сказать: я выслушал то, за чем ты посылал ко мне, и исполню все желание твое о деревах кедровых и деревах кипарисовых;
9 Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”
рабы мои свезут их с Ливана к морю, и я плотами доставлю их морем к месту, которое ты назначишь мне, и там сложу их, и ты возьмешь; но и ты исполни мое желание, чтобы доставлять хлеб для моего дома.
10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo.
И давал Хирам Соломону дерева кедровые и дерева кипарисовые, вполне по его желанию.
11 Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane.
А Соломон давал Хираму двадцать тысяч коров пшеницы для продовольствия дома его и двадцать коров оливкового выбитого масла: столько давал Соломон Хираму каждый год.
12 SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.
Господь дал мудрость Соломону, как обещал ему. И был мир между Хирамом и Соломоном, и они заключили между собою союз.
13 Alò, Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun.
И обложил царь Соломон повинностью весь Израиль; повинность же состояла в тридцати тысячах человек.
14 Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo.
И посылал их на Ливан, по десяти тысяч на месяц, попеременно; месяц они были на Ливане, а два месяца в доме своем. Адонирам же начальствовал над ними.
15 Alò, Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo.
Еще у Соломона было семьдесят тысяч носящих тяжести и восемьдесят тысяч каменосеков в горах,
16 Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo.
кроме трех тысяч трехсот начальников, поставленных Соломоном над работою для надзора за народом, который производил работу.
17 Alò, wa a te pase lòd pou yo te tayegwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye.
И повелел царь привозить камни большие, камни дорогие, для основания дома, камни обделанные.
18 Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la.
Обтесывали же их работники Соломоновы и работники Хирамовы и Гивлитяне, и приготовляли дерева и камни для строения дома три года.

< 1 Wa 5 >