< 1 Wa 4 >

1 Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël.
A tak král Šalomoun byl králem nade vším Izraelem.
2 Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la;
Tato pak byla knížata jeho: Azariáš syn Sádochův knížetem,
3 Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye;
Elichoref a Achiáš synové Sísovi byli písaři, Jozafat syn Achiludův kancléřem,
4 epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt;
A Banaiáš syn Joiadův nad vojskem, Sádoch pak a Abiatar kněžími,
5 Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;
A Azariáš syn Nátanův nad úředníky, a Zábud syn Nátanův nejvyšší rada královská,
6 epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
A Achisar vládař domu, Adoniram pak syn Abdy nad vybraným lidem.
7 Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.
Měl také Šalomoun dvanácte vládařů nade vším Izraelem, kteříž opatrovali potravou krále i dům jeho. Každého roku za měsíc jeden každý měl opatrovati krále.
8 Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
A tato jsou jména jejich: Syn Chur na hoře Efraim;
9 Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan.
Syn Deker v Makaz a v Salbim, a v Betsemes a v Elon Betchanan;
10 Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout teritwa Hépher);
Syn Chesed v Arubot, jehož bylo Socho i všecka země Chefer;
11 Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li).
Syn Abinadabův, jehož byly všecky končiny Dor, a měl Tafat dceru Šalomounovu za manželku;
12 Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
Baana syn Achiludův, jehož byl Tanach a Mageddo, i všecken Betsan, kterýž jest vedlé Sartan pod Jezreelem, od Betsan až do Abelmehula a až za Jekmaam;
13 Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);
Syn Geber v Rámot Galád, jehož byly vsi Jair, syna Manassesova, kteréž jsou v Galád, jehož byla krajina Argob, kteráž jest v Bázan, šedesáte měst velikých hrazených a závřitých;
14 Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm;
Achinadab syn Iddo v Mahanaim;
15 Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an);
Achimaas v Neftalím, on také pojal Basemat dceru Šalomounovu za manželku;
16 Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth;
Baana syn Chusai v Asser a v Alot;
17 Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar;
Jozafat syn Paruach v Izachar;
18 Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin;
Semei syn Ela v Beniamin;
19 Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
Geber syn Uri v zemi Galád, v zemi Seona, krále Amorejského, a Oga krále Bázan; ten sám vládařem jedním představen byl té zemi.
20 Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.
Tehdáž Juda a Izrael rozmnoženi jsouce jako písek při moři v množství, jedli a pili, a veselili se.
21 Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.
Nebo Šalomoun panoval nade všemi královstvími od řeky až k zemi Filistinské, a až k končinám Egyptským. I přinášeli dary a sloužili Šalomounovi po všecky dny života jeho.
22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin,
Vycházelo pak ku potravě Šalomounovi na každý den třidceti měr běli, a šedesáte měr mouky obecné,
23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra.
Deset volů krmných a dvadceti volů pastevných, a sto ovec, kromě jelenů, srn, bůvolů a ptactva vykrmeného.
24 Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.
On zajisté panoval všudy s této strany řeky od Tipsach až do Gázy nade všemi králi, kteříž byli před řekou, a měl pokoj se všech stran vůkol.
25 Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.
I bydlil Juda a Izrael bezpečně, jeden každý pod svým vinným kmenem a pod svým fíkem, od Dan až do Bersabé, po všecky dny Šalomounovy.
26 Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye.
Měl také Šalomoun čtyřidceti tisíc koní na stání k vozům svým, a dvanácte tisíc jízdných.
27 Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen.
A tak opatrovali ti úředníci krále Šalomouna i všecky, kteříž přicházeli k stolu krále Šalomouna, jeden každý za měsíc svůj, nedopouštějíce, aby v čem nedostatek býti měl.
28 Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.
Ječmene také a slámy pro koně a pro mezky dodávali k tomu místu, kdež byl král, jeden každý, jakž mu uloženo bylo.
29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.
Nadto dal Bůh moudrost Šalomounovi a prozřetelnost velikou náramně, a širokost mysli, jako jest písku na břehu mořském.
30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la.
Nebo větší byla moudrost Šalomounova, než moudrost všech národů východních, a než všeliká moudrost Egyptských.
31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo.
Nýbrž moudřejší byl nad všecky lidi, až i nad Etana Ezrachitského, též nad Hémana, a Kalkole i Darda, syny Máchol, a rozneslo se jméno jeho po všech národech vůkol.
32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk.
Složil také tři tisíce přísloví, a písniček jeho bylo tisíc a pět.
33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason.
Vypsal též i o stromích, počna od cedru, kterýž jest na Libánu, až do mchu, kterýž roste na zdi; psal i o hovadech a o ptácích, a zeměplazích a o rybách.
34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.
Protož přicházeli ze všech národů poslouchati moudrosti Šalomounovy, i ode všech králů země, kteříž slyšeli o moudrosti jeho.

< 1 Wa 4 >