< 1 Wa 3 >
1 Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan.
Егда же царство утвердися в руце Соломона, сватовство сотвори Соломон с фараоном царем Египетским: и поят дщерь фараоню и введе ю во град Давидов, дондеже сконча здати дом свой и дом Господень и стену Иерусалима окрест.
2 Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.
Обаче людие тогда бяху жруще на высоких, яко не бе создан дом Господеви даже до дне онаго.
3 Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.
И возлюби Соломон Господа, ходити в заповеданиих Давида отца своего, токмо на холмех жряше и кадяше.
4 Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.
И воста Соломон, и иде в Гаваон пожрети тамо, яко тамо бе высота велия: тысящу всесожжения вознесе на жертвеннице в Гаваоне.
5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
И явися Господь Соломону во сне нощию и рече ему: проси что хощеши себе.
6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
И рече Соломон: Ты сотворил еси с рабом Твоим Давидом отцем моим милость велию, якоже ходи пред Тобою истиною и правдою и правым сердцем с Тобою, и сохранил еси ему милость великую сию, еже дати сыну его седети на престоле его, якоже днесь:
7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.
и ныне, Господи Боже мой, Ты дал еси раба Твоего вместо Давида отца моего: и аз есмь отрочищь мал, и не вем исхода моего и входа моего:
8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte.
раб же Твой посреде людий Твоих, ихже избрал еси людий многих, иже не изочтутся от множества:
9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
и даси рабу Твоему сердце смыслено слышати и судити люди Твоя в правде, еже разумевати посреде добра и зла: яко кто может судити людем Твоим тяжким сим?
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a.
И угодно бысть слово сие пред Господем, яко испроси Соломон глагол сей.
11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis,
И рече Господь к нему: занеже просил еси от мене глагола сего, и не просил еси от мене дний многих, и не просил еси богатства, ниже просил еси душ враг твоих, но испросил еси себе разума, еже слышати суд:
12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.
се, сотворих по глаголу твоему, се, дах ти сердце смыслено и мудро: якоже ты, не бысть муж прежде тебе и по тебе не востанет подобен тебе:
13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo.
и яже не просил еси, дах тебе, и богатство и славу, якоже ты, не бысть муж подобен тебе в царех во вся дни твоя:
14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
и аще пойдеши путем Моим сохранити заповеди Моя и повеления Моя, якоже хождаше Давид отец твой, и умножу дни твоя.
15 Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
И возбудися Соломон, и се, сновидение. И воста, и иде во Иерусалим, и ста пред лицем жертвенника, пред лицем кивота завета Господня в Сионе, и вознесе всесожжения и сотвори мирная, и сотвори пир велий себе и всем отроком своим.
16 Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l.
Тогда явистеся две жене блуднице пред царем и стасте пред ним.
17 Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la.
И рече жена едина: во мне, господи мой: аз и жена сия жихоме в дому единем и родихоме в дому:
18 Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye.
и бысть по третием дни рождения моего, и роди и жена сия: и бехом купно, и не бе никтоже с нами, кроме обоих нас в дому:
19 Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li.
и умре сын жены сея в нощи, яко лежа на нем:
20 Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen.
и воста в полунощи, и взя отроча мое от объятий моих, и успи е на лоне своем, а отроча свое умершее положи на лоне моем:
21 Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
и востах заутра накормити отроча мое, и обретох и мертво: и се, разсмотрих его рано, и се, не бе сын мой, егоже родих:
22 Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
и рече другая жена: ни, но се есть сын мой живый, се же есть сын твой умерый. И прястеся пред царем.
23 Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”
И рече има царь: ты глаголеши, яко сей сын мой живый, сын же сея мертвый: и ты глаголеши: ни, но живый есть сын мой, твой же сын умерший.
24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
И рече царь: принесите ми мечь. И принесоша мечь пред царя.
25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
И рече царь: разсецыте отроча ссущее живое на двое, и дадите половину его сей, и другую половину оней.
26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
И отвеща жена, еяже бе сын живый, и рече ко царю, понеже смятеся утроба ея о сыне ея, и рече: во мне, господи мой, дадите ей отроча живое, смертию же не умертвите его. И та рече: да не будет ни мне, ни тебе, но пресецыте е.
27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
И отвеща царь и рече: дадите детище живо жене рекшей: дадите сей е, смертию же не умертвите его: сия мати его.
28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.
И слыша весь Израиль суд сей, имже суди царь, и убояшася от лица царева, разумеша бо, яко разум Божий в нем еже творити оправдания.