< 1 Wa 22 >
1 Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël.
亚兰国和以色列国三年没有争战。
2 Nan twazyèm ane Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la.
到第三年,犹大王约沙法下去见以色列王。
3 Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.”
以色列王对臣仆说:“你们不知道基列的拉末是属我们的吗?我们岂可静坐不动,不从亚兰王手里夺回来吗?”
4 Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?” Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”
亚哈问约沙法说:“你肯同我去攻取基列的拉末吗?”约沙法对以色列王说:“你我不分彼此,我的民与你的民一样,我的马与你的马一样。”
5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
约沙法对以色列王说:“请你先求问耶和华。”
6 Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”
于是以色列王招聚先知,约有四百人,问他们说:“我上去攻取基列的拉末可以不可以?”他们说:“可以上去,因为主必将那城交在王的手里。”
7 Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?”
约沙法说:“这里不是还有耶和华的先知,我们可以求问他吗?”
8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
以色列王对约沙法说:“还有一个人,是音拉的儿子米该雅,我们可以托他求问耶和华。只是我恨他;因为他指着我所说的预言,不说吉语,单说凶言。”约沙法说:“王不必这样说。”
9 Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.”
以色列王就召了一个太监来,说:“你快去,将音拉的儿子米该雅召来。”
10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
以色列王和犹大王约沙法在撒马利亚城门前的空场上,各穿朝服,坐在位上,所有的先知都在他们面前说预言。
11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”
基拿拿的儿子西底家造了两个铁角,说:“耶和华如此说:‘你要用这角抵触亚兰人,直到将他们灭尽。’”
12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.”
所有的先知也都这样预言说:“可以上基列的拉末去,必然得胜,因为耶和华必将那城交在王的手中。”
13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.”
那去召米该雅的使者对米该雅 说:“众先知一口同音地都向王说吉言,你不如与他们说一样的话,也说吉言。”
14 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
米该雅说:“我指着永生的耶和华起誓,耶和华对我说什么,我就说什么。”
15 Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?” Konsa, li te reponn li: “Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”
米该雅到王面前,王问他说:“米该雅啊,我们上去攻取基列的拉末可以不可以?”他回答说:“可以上去,必然得胜,耶和华必将那城交在王的手中。”
16 Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
王对他说:“我当嘱咐你几次,你才奉耶和华的名向我说实话呢?”
17 Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
米该雅说:“我看见以色列众民散在山上,如同没有牧人的羊群一般。耶和华说:‘这民没有主人,他们可以平平安安地各归各家去。’”
18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
以色列王对约沙法说:“我岂没有告诉你,这人指着我所说的预言,不说吉语单说凶言吗?”
19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
米该雅说:“你要听耶和华的话!我看见耶和华坐在宝座上,天上的万军侍立在他左右。
20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
耶和华说:‘谁去引诱亚哈上基列的拉末去阵亡呢?’这个就这样说,那个就那样说。
21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
随后有一个神灵出来,站在耶和华面前,说:‘我去引诱他。’
22 SENYÈ a te di li: “Kijan?” Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.” Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.”
耶和华问他说:‘你用何法呢?’他说:‘我去,要在他众先知口中作谎言的灵。’耶和华说:‘这样,你必能引诱他,你去如此行吧!’
23 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
现在耶和华使谎言的灵入了你这些先知的口,并且耶和华已经命定降祸与你。”
24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
基拿拿的儿子西底家前来,打米该雅的脸,说:“耶和华的灵从哪里离开我与你说话呢?”
25 Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”
米该雅说:“你进严密的屋子藏躲的那日,就必看见了。”
26 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a,
以色列王说:“将米该雅带回,交给邑宰亚们和王的儿子约阿施,说
27 epi di li: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’”
王如此说,把这个人下在监里,使他受苦,吃不饱喝不足,等候我平平安安地回来。”
28 Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”
米该雅说:“你若能平平安安地回来,那就是耶和华没有借我说这话了”;又说:“众民哪,你们都要听!”
29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.
以色列王和犹大王约沙法上基列的拉末去了。
30 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.
以色列王对约沙法说:“我要改装上阵,你可以仍穿王服。”以色列王就改装上阵。
31 Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
先是亚兰王吩咐他的三十二个车兵长说:“他们的兵将,无论大小,你们都不可与他们争战,只要与以色列王争战。”
32 Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò.
车兵长看见约沙法,便说:“这必是以色列王!”就转过去与他争战,约沙法便呼喊。
33 Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li.
车兵长见不是以色列王,就转去不追他了。
34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, paske mwen blese byen sevè.”
有一人随便开弓,恰巧射入以色列王的甲缝里。王对赶车的说:“我受了重伤,你转过车来,拉我出阵吧!”
35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan leswa a, li te mouri. San a te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a.
那日,阵势越战越猛,有人扶王站在车上,抵挡亚兰人。到晚上,王就死了,血从伤处流在车中。
36 Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”
约在日落的时候,有号令传遍军中,说:“各归本城,各归本地吧!”
37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie.
王既死了,众人将他送到撒马利亚,就葬在那里;
38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, selon pawòl SENYÈ a te pale a.
又有人把他的车洗在撒马利亚的池旁(妓女在那里洗澡),狗来舔他的血,正如耶和华所说的话。
39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
亚哈其余的事,凡他所行的和他所修造的象牙宫,并所建筑的一切城邑,都写在以色列诸王记上。
40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.
亚哈与他列祖同睡。他儿子亚哈谢接续他作王。
41 Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la.
以色列王亚哈第四年,亚撒的儿子约沙法登基作了犹大王。
42 Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a.
约沙法登基的时候年三十五岁,在耶路撒冷作王二十五年。他母亲名叫阿苏巴,乃示利希的女儿。
43 Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.
约沙法行他父亲亚撒所行的道,不偏离左右,行耶和华眼中看为正的事;只是邱坛还没有废去,百姓仍在那里献祭烧香。
44 Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.
约沙法与以色列王和好。
45 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te fè lagè, èske yo pa ekri nan liv Kwonik a Wa a Juda yo?
约沙法其余的事和他所显出的勇力,并他怎样争战,都写在犹大列王记上。
46 Retay a sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a.
约沙法将他父亲亚撒在世所剩下的娈童都从国中除去了。
47 Alò, pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa.
那时以东没有王,有总督治理。
48 Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber.
约沙法制造他施船只,要往俄斐去,将金子运来;只是没有去,因为船在以旬·迦别破坏了。
49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò.
亚哈的儿子亚哈谢对约沙法说:“容我的仆人和你的仆人坐船同去吧!”约沙法却不肯。
50 Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.
约沙法与列祖同睡。葬在大卫城他列祖的坟地里。他儿子约兰接续他作王。
51 Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li.
犹大王约沙法十七年,亚哈的儿子亚哈谢在撒马利亚登基,作以色列王共二年。
52 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a.
他行耶和华眼中看为恶的事,效法他的父母,又行尼八的儿子耶罗波安使以色列人陷在罪里的 事。
53 Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.
他照他父亲一切所行的,事奉敬拜巴力,惹耶和华—以色列 神的怒气。