< 1 Wa 20 >

1 Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li.
亚兰王便·哈达聚集他的全军,率领三十二个王,带着车马上来围攻撒马利亚;
2 Li te voye mesaje yo lavil Achab, wa Israël la, e yo te di li: “Konsa pale Ben-Hadad;
又差遣使者进城见以色列王亚哈,对他说:“便·哈达如此说:
3 ‘Ajan ou avèk lò ou se pou mwen. Pi bèl madanm ou yo avèk pitit yo se pa m tou.’”
你的金银都要归我,你妻子儿女中最美的也要归我。”
4 Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.”
以色列王回答说:“我主我王啊,可以依着你的话,我与我所有的都归你。”
5 Alò, mesaje yo te retounen. Yo te di: “Konsa pale Ben-Hadad: ‘Anverite, mwen te voye kote ou pou te di: “Ou va ban mwen ajan ou avèk lò ou avèk madanm ou ak pitit ou yo,
使者又来说:“便·哈达如此说:我已差遣人去见你,要你将你的金银、妻子、儿女都给我。
6 men vè lè sa a demen mwen va voye sèvitè mwen yo kote ou. Yo va chache fouye tout lakay ou avèk lakay sèvitè ou yo, epi nenpòt sa ki gen valè nan zye ou, y ap pran nan men yo pou pote ale.”’”
但明日约在这时候,我还要差遣臣仆到你那里,搜查你的家和你仆人的家,将你眼中一切所喜爱的都拿了去。”
7 Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.”
以色列王召了国中的长老来,对他们说:“请你们看看,这人是怎样地谋害我,他先差遣人到我这里来,要我的妻子、儿女,和金银,我并没有推辞他。”
8 Tout ansyen yo avèk tout pèp la te di li: “Pa koute l ni vin dakò avè l.”
长老和百姓对王说:“不要听从他,也不要应允他。”
9 Konsa, li te di a mesaje Ben-Hadad yo: “Di mèt mwen an, wa a, ‘Tout sa ke ou te premye mande sèvitè ou a, m ap fè yo. Men sila ou mande koulye a, mwen p ap kab fè l.’” Mesaje yo te pati, epi te pòte bay li mesaj la.
故此,以色列王对便·哈达的使者说:“你们告诉我主我王说:王头一次差遣人向仆人所要的,仆人都依从;但这次所要的,我不能依从。”使者就去回复便·哈达。
10 Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”
便·哈达又差遣人去见亚哈说:“撒马利亚的尘土若够跟从我的人每人捧一捧的,愿神明重重地降罚与我!”
11 Epi wa Israël la te reponn li: “Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”
以色列王说:“你告诉他说,才顶盔贯甲的,休要像摘盔卸甲的夸口。”
12 Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la.
便·哈达和诸王正在帐幕里喝酒,听见这话,就对他臣仆说:“摆队吧!”他们就摆队攻城。
13 Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’”
有一个先知来见以色列王亚哈,说:“耶和华如此说:‘这一大群人你看见了吗?今日我必将他们交在你手里,你就知道我是耶和华。’”
14 Epi Achab te di: “Pa kilès?” Epi li te di: “Pa jennonm ki se chèf a pwovens yo.” Epi Achab te di: “Se kilès ki pou louvri batay la?” Epi li te reponn: “Ou menm”.
亚哈说:“借着谁呢?”他回答说:“耶和华说,借着跟从省长的少年人。”亚哈说:“要谁率领呢?”他说:“要你亲自率领。”
15 Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil.
于是亚哈数点跟从省长的少年人,共有二百三十二名,后又数点以色列的众兵,共有七千名。
16 Yo te sòti a midi, pandan Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo.
午间,他们就出城;便·哈达和帮助他的三十二个王正在帐幕里痛饮。
17 Jennonm a chèf pwovens yo te sòti devan. Ben-Hadad te voye mesaje deyò, yo te pale li, e te di: “Moun yo gen tan parèt sòti Samarie.”
跟从省长的少年人先出城;便·哈达差遣人去探望,他们回报说:“有人从撒马利亚出来了。”
18 Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.”
他说:“他们若为讲和出来,要活捉他们;若为打仗出来,也要活捉他们。”
19 Men sa yo te sòti depi lavil la; jennonm a chèf pwovens yo ak lame ki te swiv yo.
跟从省长的少年人出城,军兵跟随他们;
20 Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo.
各人遇见敌人就杀。亚兰人逃跑,以色列人追赶他们;亚兰王便·哈达骑着马和马兵一同逃跑。
21 Wa Israël la te parèt deyò, li te frape cheval yo avèk cha yo e te touye Siryen yo nan yon gwo masak.
以色列王出城攻打车马,大大击杀亚兰人。
22 Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske nan fen ane a, wa a Syrie va vin monte kont ou.”
那先知来见以色列王,对他说:“你当自强,留心怎样防备;因为到明年这时候,亚兰王必上来攻击你。”
23 Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: “dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo.
亚兰王的臣仆对亚兰王说:“以色列人的神是山神,所以他们胜过我们;但在平原与他们打仗,我们必定得胜。
24 Fè bagay sa a: retire chak wa sou plas yo e ranplase yo avèk kapitèn nan plas yo,
王当这样行:把诸王革去,派军长代替他们,
25 epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.” Epi li te koute vwa yo e te fè l konsa.
又照着王丧失军兵之数,再招募一军,马补马,车补车,我们在平原与他们打仗,必定得胜。”王便听臣仆的话去行。
26 Nan fen ane a, Ben-Hadad te ranmase Siryen yo e te monte nan Aphek pou goumen kont Israël.
次年,便·哈达果然点齐亚兰人上亚弗去,要与以色列人打仗。
27 Fis Israël yo te deja rasanble avèk tout pwovizyon yo pou te ale rankontre yo. Yo te fè kan devan Siryen yo tankou de ti bann kabrit, men Siryen yo te ranpli peyi a.
以色列人也点齐军兵,预备食物,迎着亚兰人出去,对着他们安营,好像两小群山羊羔;亚兰人却满了地面。
28 Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
有神人来见以色列王,说:“耶和华如此说:‘亚兰人既说我—耶和华是山神,不是平原的神,所以我必将这一大群人都交在你手中,你们就知道我是耶和华。’”
29 Konsa, yo te fè kan an, youn kont lòt, pandan sèt jou. Epi nan setyèm jou a, batay la te ouvri e fis Israël yo te touye nan Siryen yo san-mil sòlda apye nan yon sèl jou.
以色列人与亚兰人相对安营七日,到第七日两军交战;那一日以色列人杀了亚兰人步兵十万,
30 Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.
其余的逃入亚弗城;城墙塌倒,压死剩下的二万七千人。 便·哈达也逃入城,藏在严密的屋子里。
31 Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”
他的臣仆对他说:“我们听说以色列王都是仁慈的王,现在我们不如腰束麻布,头套绳索,出去投降以色列王,或者他存留王的性命。”
32 Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: “Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.”
于是他们腰束麻布,头套绳索,去见以色列王,说:“王的仆人便·哈达说,求王存留我的性命。”亚哈说:“他还活着吗?他是我的兄弟。”
33 Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.
这些人留心探出他的口气来,便急忙就着他的话说:“便·哈达是王的兄弟!”王说:“你们去请他来。”便·哈达出来见王,王就请他上车。
34 Ben-Hadad te di li: “Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale.
便·哈达对王说:“我父从你父那里所夺的城邑,我必归还。你可以在大马士革立街市,像我父在撒马利亚所立的一样。”亚哈说:“我照此立约,放你回去”,就与他立约,放他去了。
35 Alò, yon sèten nonm pami fis a pwofèt yo te di a yon lòt mesye pa pawòl SENYÈ a: “Souple, frape mwen.” Men mesye a te refize frape li.
有先知的一个门徒奉耶和华的命对他的同伴说:“你打我吧!”那人不肯打他。
36 Epi li te di li: “Akoz ou pa t koute vwa SENYÈ a, tande byen, depi ou kite mwen, yon lyon va touye ou.” Epi depi li te kite li a, yon lyon te twouve li e te touye li.
他就对那人说:“你既不听从耶和华的话,你一离开我,必有狮子咬死你。”那人一离开他,果然遇见狮子,把他咬死了。
37 Alò, li te twouve yon lòt mesye e te di: “Souple, frape mwen.” Epi mesye a te frape li e te blese li.
先知的门徒又遇见一个人,对他说:“你打我吧!”那人就打他,将他打伤。
38 Konsa, pwofèt la te pati e te tann wa a akote chemen an e li te kache idantite li avèk yon bandaj ki te kouvri zye li.
他就去了,用头巾蒙眼,改换面目,在路旁等候王。
39 Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’
王从那里经过,他向王呼叫说:“仆人在阵上的时候,有人带了一个人来,对我说:‘你看守这人,若把他失了,你的性命必代替他的性命;不然,你必交出一他连得银子来。’
40 Pandan sèvitè ou a te okipe pa isit e pa la, li te vin disparèt.” Epi wa Israël la te di li: “Se konsa jijman ou ap ye; se ou menm ki deside li.”
仆人正在忙乱之间,那人就不见了。”以色列王对他说:“你自己定妥了,必照样判断你。”
41 Epi byen vit li te retire bandaj sou zye li e wa Israël la te vin rekonèt li kòm youn nan pwofèt yo.
他急忙除掉蒙眼的头巾,以色列王就认出他是一个先知。
42 Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”
他对王说:“耶和华如此说:‘因你将我定要灭绝的人放去,你的命就必代替他的命,你的民也必代替他的民。’”
43 Konsa, wa Israël la te ale lakay li pa kontan e byen vekse pou te rive Samarie.
于是以色列王闷闷不乐地回到撒马利亚,进了他的宫。

< 1 Wa 20 >