< 1 Wa 16 >

1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini aJéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di:
Seyè a pale ak Jeou, pitit gason Anani. Li ba li mesaj sa a pou Bacha. Li di l' konsa:
2 “Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo.
-Bacha pa t' anyen menm. Men, mwen mete l' chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Koulye a menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m' fache ak peche yo fè yo.
3 Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la.
Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m' te fè fanmi Jewoboram lan.
4 Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”
Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
5 Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
6 Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.
Lè Bacha mouri, yo antere l' lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l', ki moute wa nan plas li.
7 Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.
Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
8 Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan.
Wa Asa t'ap mache sou vennsizan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza.
9 Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a.
Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
Zimri antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fotèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida a.
11 Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke li te touye tout manm lakay Baesche yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo.
Moute Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l' osinon zanmi l'.
12 Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baesche, selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baesche pa Jéhu, pwofèt la,
Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.
13 pou tout peche a Baesche yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo.
Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
14 Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
15 Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont Guibbethon, ki te pou Filisten yo.
Wa Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.
16 Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an.
Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
17 Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa.
Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l' al sènen lavil Tiza.
18 Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.
Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a.
19 Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche.
Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
20 Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri an Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
21 Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri.
Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Genat la, wa. Mwatye te pou Omri.
22 Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a.
Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Genat la. Tibni mouri, Omri moute wa.
23 Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan Thirtsa.
Se konsa nan tranteyenyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza.
24 Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.
Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (6.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
25 Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo.
Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.
26 Paske li te mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo.
Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
27 Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
28 Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li.
Lè Omri mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Akab, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
29 Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan.
Wa Asa te gen trantwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.
30 Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo.
Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.
31 Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
32 Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan kay Baal ke li te bati Samarie a.
Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.
33 Achab osi te fè Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo.
Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
34 Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.
Se pandan rèy Akab la, yon nonm yo rele Iyèl, moun lavil Betèl, rebati lavil Jeriko. Men, pawòl Seyè a te di Jozye, pitit Noun lan, rive vre. Abiram, premye pitit Iyèl la, mouri lè yo t'ap fouye fondasyon lavil la, lèfini Segoub, dezyèm pitit gason Iyèl la, mouri lè yo t'ap moute pòtay lavil la.

< 1 Wa 16 >