< 1 Wa 15 >

1 Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda.
Léta pak osmnáctého království Jeroboáma syna Nebatova, kraloval Abiam nad Judou.
2 Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fis a Abisalom lan.
Tři léta kraloval v Jeruzalémě. A jméno matky jeho bylo Maacha, dcera Abissalomova.
3 Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.
Ten chodil ve všech hříších otce svého, kteréž páchal před oblíčejem jeho; a nebylo srdce jeho celé při Hospodinu Bohu jeho, jako srdce Davida otce jeho.
4 Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.
A však pro Davida dal jemu Hospodin Bůh jeho svíci v Jeruzalémě, vzbudiv syna jeho po něm, a utvrdiv Jeruzalém,
5 Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.
Proto že David činil to, což bylo dobrého před Hospodinem, a neuchýlil se od žádné věci z těch, kteréž jemu byl přikázal, po všecky dny života svého, kromě skutku při Uriášovi Hetejském.
6 Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li.
A byl boj mezi Roboámem a Jeroboámem po všecky dny života jeho.
7 Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam.
Jiné pak věci Abiamovy, a všecko což činil, popsáno jest v knize o králích Judských, ano i o boji mezi Abiamem a Jeroboámem.
8 Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.
A když usnul Abiam s otci svými, pochovali ho v městě Davidově. I kraloval Aza syn jeho místo něho.
9 Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda.
A tak léta dvadcátého Jeroboáma, krále Izraelského, kraloval Aza nad Judou.
10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom lan.
Jedno a čtyřidceti let kraloval v Jeruzalémě. A jméno matky jeho bylo Maacha, dcera Abissalomova.
11 Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.
I činil Aza, což dobrého bylo před Hospodinem, jako David otec jeho.
12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo.
Nebo ohyzdné sodomáře vyplénil z země, a odjal všecky modly, kterýchž nadělali otcové jeho.
13 Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.
Nadto i Maachu matku svou ssadil, aby nebyla královnou; nebo byla udělala hroznou modlu v háji. Protož podťal Aza modlu tu ohyzdnou, a spálil při potoku Cedron.
14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo.
A ačkoli výsosti nebyly zkaženy, a však srdce Azovo bylo celé při Bohu po všecky dny jeho.
15 Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.
Vnesl také ty věci, kteréž posvěceny byly od otce jeho, i ty věci, kterýchž sám posvětil, do domu Hospodinova, stříbro a zlato i nádoby.
16 Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo.
Pročež byla válka mezi Azou a Bázou, králem Izraelským, po všecky dny jejich.
17 Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a.
Nebo Báza král Izraelský vytáhl proti Judovi, a stavěl Ráma, aby nedal žádnému vyjíti ani jíti k Azovi králi Judskému.
18 Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:
Ale vzav Aza všecko stříbro i zlato, kteréž pozůstalo v pokladích domu Hospodinova, a v pokladích domu královského, dal je v ruce služebníků svých, a poslal je král Aza k Benadadovi synu Tabremmon, syna Hezion, králi Syrskému, kterýž bydlil v Damašku, řka:
19 “Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”
Smlouva jest mezi mnou a mezi tebou, mezi otcem mým a mezi otcem tvým. Aj, teď posílám tobě dar, stříbro a zlato; jdi, zruš smlouvu svou s Bázou králem Izraelským, ať odtrhne ode mne.
20 Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a.
I uposlechl Benadad krále Azy, a poslav knížata s vojsky svými proti městům Izraelským, dobyl Jon a Dan, též Abelbetmaachy, i všeho Ceneretu, a vší země Neftalím.
21 Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa.
To když uslyšel Báza, přestal stavěti Ráma, a zůstal v Tersa.
22 Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa.
Tedy král Aza provolal po všem Judstvu, žádného nevyměňuje. I pobrali to kamení z Ráma, i dříví jeho, z něhož stavěl Báza, a vystavěl z toho král Aza Gabaa Beniaminovo a Masfa.
23 Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li.
Jiné pak všecky věci Azovy, i všecka síla jeho a cokoli dělal, i jaká města vystavěl, zapsáno jest v knize o králích Judských. Jen že v věku starosti své byl nemocný na nohy.
24 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.
I usnul Aza s otci svými, a pochován jest s nimi v městě Davida otce svého. A kraloval místo něho Jozafat syn jeho.
25 Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan.
Nádab pak syn Jeroboámův, počal kralovati nad Izraelem léta druhého Azy, krále Judského, a kraloval nad Izraelem dvě létě.
26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a.
A činil to, což zlého jest před očima Hospodinovýma, chodě po cestě otce svého, v hříších jeho, jimiž k hřešení přivodil lid Izraelský.
27 Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon.
I činil mu úklady Báza syn Achiášův z domu Izachar, a porazil ho Báza u Gebbeton, kteréž bylo Filistinských. Nádab zajisté a všickni Izraelští oblehli byli Gebbeton.
28 Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li.
A tak zabil ho Báza léta třetího Azy, krále Judského, a kraloval místo něho.
29 Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la.
I stalo se, když počal kralovati, že zahubil všecken dům Jeroboámův, a nepozůstavil žádné duše z Jeroboáma, až je i vyhladil vedlé řeči Hospodinovy, kterouž byl mluvil skrze služebníka svého Achiáše Silonského,
30 Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.
Pro hříchy Jeroboámovy, jimiž hřešil, a jimiž k hřešení přivodil lid Izraelský, pro dráždění jeho, kterýmž dráždil Hospodina Boha Izraelského.
31 Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
Jiné pak věci Nádabovy a všecko, což činil, zapsáno jest v knize o králích Izraelských.
32 Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.
Byla tedy válka mezi Azou, a mezi Bázou králem Izraelským, po všecky dny jejich.
33 Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane.
Léta třetího Azy, krále Judského, kraloval Báza syn Achiášův nade vším Izraelem v Tersa za čtyřmecítma let.
34 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.
A činil to, což zlého jest před Hospodinem, chodě po cestě Jeroboámově a v hříších jeho, jimiž k hřešení přivodil Izraele.

< 1 Wa 15 >