< 1 Wa 13 >

1 Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.
و اینک مرد خدایی به فرمان خداوند ازیهودا به بیت ئیل آمد و یربعام به جهت سوزانیدن بخور نزد مذبح ایستاده بود.۱
2 Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”
پس به فرمان خداوند مذبح را ندا کرده، گفت: «ای مذبح! ای مذبح! خداوند چنین می‌گوید: اینک پسری که یوشیا نام دارد به جهت خاندان داود زاییده می‌شود و کاهنان مکانهای بلند را که بر تو بخورمی سوزانند، بر تو ذبح خواهد نمود واستخوانهای مردم را بر تو خواهند سوزانید.»۲
3 Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: “Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”
ودر آن روز علامتی نشان داده، گفت: «این است علامتی که خداوند فرموده است، اینک این مذبح چاک خواهد شد و خاکستری که بر آن است، ریخته خواهد گشت.»۳
4 Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li.
و واقع شد که چون پادشاه، سخن مرد خدا را که مذبح را که دربیت ئیل بود، ندا کرده بود، شنید، یربعام دست خود را از جانب مذبح دراز کرده، گفت: «او را بگیرید.» و دستش که به سوی او دراز کرده بود، خشک شد به طوری که نتوانست آن را نزد خودباز بکشد.۴
5 Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a.
و مذبح چاک شد و خاکستر از روی مذبح ریخته گشت بر‌حسب علامتی که آن مردخدا به فرمان خداوند نشان داده بود.۵
6 Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.
و پادشاه، مرد خدا را خطاب کرده، گفت: «تمنا اینکه نزدیهوه، خدای خود تضرع نمایی و برای من دعاکنی تا دست من به من باز داده شود.» پس مرد خدانزد خداوند تضرع نمود، و دست پادشاه به او بازداده شده، مثل اول گردید.۶
7 Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”
و پادشاه به آن مردخدا گفت: «همراه من به خانه بیا و استراحت نما وتو را اجرت خواهم داد.»۷
8 Men nonm Bondye a te di a wa a: “Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a.
اما مرد خدا به پادشاه گفت: «اگر نصف خانه خود را به من بدهی، همراه تو نمی آیم، و در اینجا نه نان می‌خورم و نه آب می‌نوشم.۸
9 Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
زیرا خداوند مرا به کلام خود چنین امر فرموده و گفته است نان مخور و آب منوش وبه راهی که آمده‌ای بر مگرد.»۹
10 Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.
پس به راه دیگربرفت و از راهی که به بیت ئیل آمده بود، مراجعت ننمود.۱۰
11 Alò, yon pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.
و نبی سالخورده‌ای در بیت ئیل ساکن می‌بود و پسرانش آمده، او را از هر کاری که آن مرد خدا آن روز در بیت ئیل کرده بود، مخبرساختند، و نیز سخنانی را که به پادشاه گفته بود، برای پدر خود بیان کردند.۱۱
12 Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an.
و پدر ایشان به ایشان گفت: «به کدام راه رفته است؟» و پسرانش دیده بودند که آن مرد خدا که از یهودا آمده بود به کدام راه رفت.۱۲
13 Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li.
پس به پسران خود گفت: «الاغ را برای من بیارایید.» و الاغ را برایش آراستند و برآن سوار شد.۱۳
14 Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” Li te reponn: “Se mwen”.
و از عقب مرد خدا رفته، او را زیردرخت بلوط نشسته یافت. پس او را گفت: «آیا توآن مرد خدا هستی که از یهودا آمده‌ای؟» گفت: «من هستم.»۱۴
15 Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”
وی را گفت: «همراه من به خانه بیا و غذا بخور.»۱۵
16 Li te di: “Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a.
او در جواب گفت که «همراه تونمی توانم برگردم و با تو داخل شوم، و در اینجا باتو نه نان می‌خورم و نه آب می‌نوشم.۱۶
17 Paske yon lòd rive jwenn mwen pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
زیرا که به فرمان خداوند به من گفته شده است که در آنجانان مخور و آب منوش و از راهی که آمده‌ای مراجعت منما.»۱۷
18 Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
او وی را گفت: «من نیز مثل تونبی هستم و فرشته‌ای به فرمان خداوند با من متکلم شده، گفت او را با خود به خانه ات برگردان تا نان بخورد و آب بنوشد.» اما وی را دروغ گفت.۱۸
19 Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo.
پس همراه وی در خانه‌اش برگشته، غذا خوردو آب نوشید.۱۹
20 Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an;
و هنگامی که ایشان بر سفره نشسته بودند، کلام خداوند به آن نبی که او را برگردانیده بودآمد،۲۰
21 epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a,
و به آن مرد خدا که از یهودا آمده بود، نداکرده، گفت: «خداوند چنین می‌گوید: چونکه ازفرمان خداوند تمرد نموده، حکمی را که یهوه، خدایت به تو امر فرموده بود نگاه نداشتی،۲۱
22 men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’”
وبرگشته، در جایی که به تو گفته شده بود غذامخور و آب منوش، غذا خوردی و آب نوشیدی، لهذا جسد تو به قبر پدرانت داخل نخواهد شد.»۲۲
23 Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen.
پس بعد از اینکه او غذا خورد وآب نوشید الاغ را برایش بیاراست، یعنی به جهت نبی که برگردانیده بود.۲۳
24 Alò, lè li t ap prale, yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a.
و چون رفت، شیری اورا در راه یافته، کشت و جسد او در راه انداخته شد، و الاغ به پهلویش ایستاده، و شیر نیز نزد لاش ایستاده بود.۲۴
25 Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a.
و اینک بعضی راه گذران جسد رادر راه انداخته شده، و شیر را نزد جسد ایستاده دیدند، پس آمدند و در شهری که آن نبی پیر درآن ساکن می‌بود، خبر دادند.۲۵
26 Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.”
و چون نبی که او را از راه برگردانیده بودشنید، گفت: «این آن مرد خداست که از حکم خداوند تمرد نمود، لهذا خداوند او را به شیر داده که او را دریده و کشته است، موافق کلامی که خداوند به او گفته بود.۲۶
27 Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li.
پس پسران خود راخطاب کرده، گفت: «الاغ را برای من بیارایید.» وایشان آن را آراستند.۲۷
28 Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la.
و او روانه شده، جسد اورا در راه انداخته، و الاغ و شیر را نزد جسدایستاده یافت، و شیر جسد را نخورده و الاغ راندریده بود.۲۸
29 Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li.
و آن نبی جسد مرد خدا رابرداشت و بر الاغ گذارده، آن را بازآورد و آن نبی پیر به شهر آمد تا ماتم گیرد و او را دفن نماید.۲۹
30 Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: “Anmwey, frè m!”
وجسد او را در قبر خویش گذارد و برای او ماتم گرفته، گفتند: «وای‌ای برادر من!»۳۰
31 Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo.
و بعد ازآنکه او را دفن کرد به پسران خود خطاب کرده، گفت: «چون من بمیرم مرا در قبری که مرد خدا درآن مدفون است، دفن کنید، و استخوانهایم را به پهلوی استخوانهای وی بگذارید.۳۱
32 Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”
زیرا کلامی را که درباره مذبحی که در بیت ئیل است و درباره همه خانه های مکانهای بلند که در شهرهای سامره می‌باشد، به فرمان خداوند گفته بود، البته واقع خواهد شد.۳۲
33 Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.
و بعد از این امر، یربعام از طریق ردی خودبازگشت ننمود، بلکه کاهنان برای مکانهای بلند ازجمیع قوم تعیین نمود، و هرکه می‌خواست، او راتخصیص می‌کرد تا از کاهنان مکانهای بلند بشود.۳۳
34 Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.
و این کار باعث گناه خاندان یربعام گردید تا آن را از روی زمین منقطع و هلاک ساخت.۳۴

< 1 Wa 13 >