< 1 Wa 11 >

1 Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo,
所罗门王在法老的女儿之外,又宠爱许多外邦女子,就是摩押女子、亚扪女子、以东女子、西顿女子、赫人女子。
2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an.
论到这些国的人,耶和华曾晓谕以色列人说:“你们不可与她们往来相通,因为她们必诱惑你们的心去随从她们的神。”所罗门却恋爱这些女子。
3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen.
所罗门有妃七百,都是公主;还有嫔三百。这些妃嫔诱惑他的心。
4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.
所罗门年老的时候,他的妃嫔诱惑他的心去随从别神,不效法他父亲大卫诚诚实实地顺服耶和华—他的 神。
5 Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo.
因为所罗门随从西顿人的女神亚斯她录和亚扪人可憎的神米勒公。
6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a.
所罗门行耶和华眼中看为恶的事,不效法他父亲大卫专心顺从耶和华。
7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo.
所罗门为摩押可憎的神基抹和亚扪人可憎的神摩洛,在耶路撒冷对面的山上建筑邱坛。
8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo.
他为那些向自己的神烧香献祭的外邦女子,就是他娶来的妃嫔也是这样行。
9 Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa.
耶和华向所罗门发怒,因为他的心偏离向他两次显现的耶和华—以色列的 神。
10 Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a.
耶和华曾吩咐他不可随从别神,他却没有遵守耶和华所吩咐的。
11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou.
所以耶和华对他说:“你既行了这事,不遵守我所吩咐你守的约和律例,我必将你的国夺回,赐给你的臣子。
12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.
然而,因你父亲大卫的缘故,我不在你活着的日子行这事,必从你儿子的手中将国夺回。
13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”
只是我不将全国夺回,要因我仆人大卫和我所选择的耶路撒冷,还留一支派给你的儿子。”
14 Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an.
耶和华使以东人哈达兴起,作所罗门的敌人;他是以东王的后裔。
15 Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo
先前大卫攻击以东,元帅约押上去葬埋阵亡的人,将以东的男丁都杀了。
16 (paske Joab avèk tout Israël te rete la pandan si mwa, jiskaske li te koupe, fè desann tout gason nan Édom yo.)
约押和以色列众人在以东住了六个月,直到将以东的男丁尽都剪除。
17 Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason.
那时哈达还是幼童;他和他父亲的臣仆,几个以东人逃往埃及。
18 Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè.
他们从米甸起行,到了巴兰;从巴兰带着几个人来到埃及见埃及王法老;法老为他派定粮食,又给他房屋田地。
19 Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan.
哈达在法老面前大蒙恩惠,以致法老将王后答比匿的妹子赐他为妻。
20 Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo.
答比匿的妹子给哈达生了一个儿子,名叫基努拔。答比匿使基努拔在法老的宫里断奶,基努拔就与法老的众子一同住在法老的宫里。
21 Men lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.”
哈达在埃及听见大卫与他列祖同睡,元帅约押也死了,就对法老说:“求王容我回本国去。”
22 Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”
法老对他说:“你在我这里有什么缺乏,你竟要回你本国去呢?”他回答说:“我没有缺乏什么,只是求王容我回去。”
23 Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a.
神又使以利亚大的儿子利逊兴起,作所罗门的敌人。他先前逃避主人琐巴王哈大底谢。
24 Li te ranmase moun vè li menm pou te devni chèf a yon twoup bandi mawon. Apre David te vin touye yo nan Tsoba, yo te deplase a Damas pou rete la e te renye Damas.
大卫击杀琐巴人的时候,利逊招聚了一群人,自己作他们的头目,往大马士革居住,在那里作王。
25 Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.
所罗门活着的时候,哈达为患之外,利逊也作以色列的敌人。他恨恶以色列人,且作了亚兰人的王。
26 Alò, Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a.
所罗门的臣仆、尼八的儿子耶罗波安也举手攻击王。他是以法莲支派的洗利达人,他母亲是寡妇,名叫洗鲁阿。
27 Alò, se te pou rezon sa ke li te fè rebèl kont wa a: Salomon te bati sitadèl Millo, e li te fèmen brèch nan lavil papa l la, David.
他举手攻击王的缘故,乃由先前所罗门建造米罗,修补他父亲大卫城的破口。
28 Alò, Jéroboam te yon gèrye vanyan e lè Salomon te wè ke jennonm nan te travay byen, li te chwazi li sou tout kòvey lakay Joseph yo.
耶罗波安是大有才能的人。所罗门见这少年人殷勤,就派他监管约瑟家的一切工程。
29 Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an.
一日,耶罗波安出了耶路撒冷,示罗人先知亚希雅在路上遇见他;亚希雅身上穿着一件新衣。他们二人在田野,以外并无别人。
30 Alò, Achija te sezi kenbe manto nèf ki te sou li a, e li te chire li nan douz mòso.
亚希雅将自己穿的那件新衣撕成十二片,
31 Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi
对耶罗波安说:“你可以拿十片。耶和华—以色列的 神如此说:‘我必将国从所罗门手里夺回,将十个支派赐给你。(
32 (men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo),
我因仆人大卫和我在以色列众支派中所选择的耶路撒冷城的缘故,仍给所罗门留一个支派。)
33 akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
因为他离弃我,敬拜西顿人的女神亚斯她录、摩押的神基抹,和亚扪人的神米勒公,没有遵从我的道,行我眼中看为正的事,守我的律例典章,像他父亲大卫一样。
34 “‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo,
但我不从他手里将全国夺回;使他终身为君,是因我所拣选的仆人大卫谨守我的诫命律例。
35 men Mwen va rache wayòm nan nan men fis li pou bay ou, menm dis tribi.
我必从他儿子的手里将国夺回,以十个支派赐给你,
36 Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
还留一个支派给他的儿子,使我仆人大卫在我所选择立我名的耶路撒冷城里,在我面前长有灯光。
37 Mwen va pran ou e ou va renye sou nenpòt sa ou vle e ou va wa sou Israël.
我必拣选你,使你照心里一切所愿的,作王治理以色列。
38 Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm.
你若听从我一切所吩咐你的,遵行我的道,行我眼中看为正的事,谨守我的律例诫命,像我仆人大卫所行的,我就与你同在,为你立坚固的家,像我为大卫所立的一样,将以色列人赐给你。
39 Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’”
我必因所罗门所行的使大卫后裔受患难,但不至于永远。’”
40 Akoz sa, Salomon te chache mete Jéroboam a lanmò, men Jéroboam te leve e te sove ale rive an Égypte kote Schischak, wa Égypte la, e li te rete an Égypte jiska lanmò Salomon.
所罗门因此想要杀耶罗波安。耶罗波安却起身逃往埃及;到了埃及王示撒那里,就住在埃及,直到所罗门死了。
41 Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo?
所罗门其余的事,凡他所行的和他的智慧都写在所罗门记上。
42 Konsa, tan ke Salomon te renye Jérusalem sou tout Israël la se te karantan.
所罗门在耶路撒冷作以色列众人的王共四十年。
43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.
所罗门与他列祖同睡,葬在他父亲大卫的城里。他儿子罗波安接续他作王。

< 1 Wa 11 >