< 1 Wa 10 >
1 Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.
示巴女王聽見所羅門因耶和華之名所得的名聲,就來要用難解的話試問所羅門。
2 Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.
跟隨她到耶路撒冷的人甚多,又有駱駝馱着香料、寶石,和許多金子。她來見了所羅門王,就把心裏所有的對所羅門都說出來。
3 Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li.
所羅門王將她所問的都答上了,沒有一句不明白、不能答的。
4 Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a,
示巴女王見所羅門大有智慧,和他所建造的宮室,
5 manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò.
席上的珍饈美味,群臣分列而坐,僕人兩旁侍立,以及他們的衣服裝飾和酒政的衣服裝飾,又見他上耶和華殿的臺階,就詫異得神不守舍;
6 Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè.
對王說:「我在本國裏所聽見論到你的事和你的智慧實在是真的!
7 Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a.
我先不信那些話,及至我來親眼見了才知道人所告訴我的還不到一半。你的智慧和你的福分越過我所聽見的風聲。
8 Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou.
你的臣子、你的僕人常侍立在你面前聽你智慧的話是有福的!
9 Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.”
耶和華-你的上帝是應當稱頌的!他喜悅你,使你坐以色列的國位;因為他永遠愛以色列,所以立你作王,使你秉公行義。」
10 Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.
於是,示巴女王將一百二十他連得金子和寶石,與極多的香料,送給所羅門王。她送給王的香料,以後奉來的不再有這樣多。 (
11 Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye.
希蘭的船隻從俄斐運了金子來,又從俄斐運了許多檀香木和寶石來。
12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.
王用檀香木為耶和華殿和王宮做欄杆,又為歌唱的人做琴瑟。以後再沒有這樣的檀香木進國來,也沒有人看見過,直到如今。)
13 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.
示巴女王一切所要所求的,所羅門王都送給她,另外照自己的厚意餽送她。於是女王和她臣僕轉回本國去了。
14 Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò,
所羅門每年所得的金子共有六百六十六他連得。
15 anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo.
另外還有商人和雜族的諸王,與國中的省長所進的金子。
16 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye.
所羅門王用錘出來的金子打成擋牌二百面,每面用金子六百舍客勒;
17 Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an.
又用錘出來的金子打成盾牌三百面,每面用金子三彌那,都放在黎巴嫩林宮裏。
18 Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine.
王用象牙製造一個寶座,用精金包裹。
19 Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo.
寶座有六層臺階,座的後背是圓的,兩旁有扶手,靠近扶手有兩個獅子站立。
20 Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm.
六層臺階上有十二個獅子站立,每層有兩個:左邊一個,右邊一個;在列國中沒有這樣做的。
21 Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo.
所羅門王一切的飲器都是金子的。黎巴嫩林宮裏的一切器皿都是精金的。所羅門年間,銀子算不了甚麼。
22 Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.
因為王有他施船隻與希蘭的船隻一同航海,三年一次,裝載金銀、象牙、猿猴、孔雀回來。
23 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.
所羅門王的財寶與智慧勝過天下的列王。
24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li.
普天下的王都求見所羅門,要聽上帝賜給他智慧的話。
25 Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.
他們各帶貢物,就是金器、銀器、衣服、軍械、香料、騾馬,每年有一定之例。
26 Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem.
所羅門聚集戰車馬兵,有戰車一千四百輛,馬兵一萬二千名,安置在屯車的城邑和耶路撒冷,就是王那裏。
27 Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan.
王在耶路撒冷使銀子多如石頭,香柏木多如高原的桑樹。
28 Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri.
所羅門的馬是從埃及帶來的,是王的商人一群一群按着定價買來的。
29 Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a tout wa Etyen avèk wa Siryen yo.
從埃及買來的車,每輛價銀六百舍客勒,馬每匹一百五十舍客勒。赫人諸王和亞蘭諸王所買的車馬,也是按這價值經他們手買來的。