< 1 Jan 5 >

1 Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
Everyone who believes that Jesus is the Christ has been born of God, and everyone who loves the Father also loves those born of Him.
2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo.
By this we know that we love the children of God: when we love God and keep His commandments.
3 Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
For this is the love of God, that we keep His commandments. And His commandments are not burdensome,
4 Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.
because everyone born of God overcomes the world. And this is the victory that has overcome the world: our faith.
5 Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
Who then overcomes the world? Only he who believes that Jesus is the Son of God.
6 Se Sila ki vini pa dlo ak san, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwen an, akoz se Lespri a ki verite.
This is the One who came by water and blood, Jesus Christ—not by water alone, but by water and blood. And it is the Spirit who testifies to this, because the Spirit is the truth.
7 Paske gen twa ki bay temwen;
For there are three that testify:
8 Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.
the Spirit, the water, and the blood—and these three are in agreement.
9 Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li.
Even if we accept human testimony, the testimony of God is greater. For this is the testimony that God has given about His Son.
10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.
Whoever believes in the Son of God has this testimony within him; whoever does not believe God has made Him out to be a liar, because he has not believed in the testimony that God has given about His Son.
11 Temwen a se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl a, epi lavi sila se nan Fis Li. (aiōnios g166)
And this is that testimony: God has given us eternal life, and this life is in His Son. (aiōnios g166)
12 Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
Whoever has the Son has life; whoever does not have the Son of God does not have life.
13 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a. (aiōnios g166)
I have written these things to you who believe in the name of the Son of God, so that you may know that you have eternal life. (aiōnios g166)
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou.
And this is the confidence that we have before Him: If we ask anything according to His will, He hears us.
15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li.
And if we know that He hears us in whatever we ask, we know that we already possess what we have asked of Him.
16 Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
If anyone sees his brother committing a sin not leading to death, he should ask God, who will give life to those who commit this kind of sin. There is a sin that leads to death; I am not saying he should ask regarding that sin.
17 Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
All unrighteousness is sin, yet there is sin that does not lead to death.
18 Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.
We know that anyone born of God does not keep on sinning; the One who was born of God protects him, and the evil one cannot touch him.
19 Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.
We know that we are of God, and that the whole world is under the power of the evil one.
20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la. (aiōnios g166)
And we know that the Son of God has come and has given us understanding, so that we may know Him who is true; and we are in Him who is true—in His Son Jesus Christ. He is the true God and eternal life. (aiōnios g166)
21 Ti moun yo, veye nou kont zidòl yo.
Little children, keep yourselves from idols.

< 1 Jan 5 >