< 1 Jan 4 >
1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
Beloved, believe not every spirit, but try the spirits whether they are of God: because many false prophets have gone out into the world.
2 Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye:
By this ye know the Spirit of God: Every spirit that confesseth that Jesus Christ hath come in the flesh, is from God:
3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou kilès nou te tande ke l ap vini, epi koulye a se deja nan lemonn lan.
And every spirit that confesseth not that Jesus Christ is come in the flesh, is not from God. And this is that [spirit] of antichrist, of which ye have heard that it should come; and even now already it is in the world.
4 Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
Ye are of God, little children, and have overcome them: because greater is he that is in you, than he that is in the world.
5 Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.
They are of the world: therefore they speak from the world, and the world heareth them.
6 Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.
We are of God. He that knoweth God, heareth us; he that is not of God, heareth not us. By this we know the spirit of truth, and the spirit of error.
7 Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye.
Beloved, let us love one another: for love is from God; and every one that loveth is born of God, and knoweth God.
8 Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.
He that loveth not, knoweth not God; for God is love.
9 Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.
In this was manifested the love of God towards us, because that God sent his only begotten Son into the world, that we might live through him.
10 Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
In this is love, not that we loved God, but that he loved us, and sent his Son [to be] the propitiation for our sins.
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
Beloved, if God so loved us, we ought also to love one another.
12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.
No man hath seen God at any time. If we love one another, God dwelleth in us, and his love is perfected in us.
13 Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
By this we know that we dwell in him, and he in us, because he hath given us of his Spirit.
14 Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.
And we have seen and do testify, that the Father sent the Son [to be] the Savior of the world.
15 Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye.
Whoever shall confess that Jesus is the Son of God, God dwelleth in him, and he in God.
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.
And we have known and believed the love that God hath to us. God is love: and he that dwelleth in love, dwelleth in God, and God in him.
17 Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
In this is our love made perfect, that we may have boldness in the day of judgment: because as he is, so are we in this world.
18 Pa gen lakrent nan lamou; men lamou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent gen pinisyon, men sila ki gen perèz pa pèfekte nan lamou.
There is no fear in love; but perfect love casteth out fear: because fear hath torment. He that feareth, is not made perfect in love.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
We love him, because he first loved us.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.
If a man sayeth, I love God, and hateth his brother, he is a liar. For he that loveth not his brother, whom he hath seen, how can he love God, whom he hath not seen?
21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.
And this commandment have we from him, That he who loveth God, love his brother also.