< 1 Korint 9 >

1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
Não sou eu apostolo? Não sou livre? Não vi eu a Jesus Christo Senhor nosso? Não sois vós a minha obra no Senhor?
2 Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
Se eu não sou apostolo para os outros, ao menos o sou para vós; porque vós sois o sello do meu apostolado no Senhor.
3 Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:
Esta é a minha defeza para com os que me condemnam.
4 Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?
Não temos nós poder de comer e de beber?
5 Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?
Não temos nós poder de levar comnosco uma mulher irmã, como tambem os demais apostolos, e os irmãos do Senhor, e Cephas?
6 Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?
Ou só eu e Barnabé não temos poder de não trabalhar?
7 Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?
Quem jámais milita á sua propria custa? Quem planta a vinha e não come do seu fructo? Ou quem apascenta o gado e não come do leite do gado?
8 Èske mwen pale bagay sa yo jan moun refleshi? Oubyen èske lalwa pa di menm bagay sa yo tou.
Digo eu isto segundo os homens? Ou não diz a lei tambem o mesmo?
9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?
Porque na lei de Moysés está escripto: Não atarás a bocca ao boi que trilha o grão. Porventura tem Deus cuidado dos bois
10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.
Ou não o diz certamente por nós? Certamente que por nós está escripto; porque o que lavra deve lavrar com esperança, e o que trilha deve trilhar com esperança de ser participante.
11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?
Se nós vos semeamos as coisas espirituaes, será muito que de vós recolhamos as carnaes?
12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.
Se outros participam d'este poder sobre vós, porque não mais justamente nós? Mas nós não usamos d'este poder; antes supportamos tudo, para não pormos impedimento algum ao evangelho de Christo.
13 Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?
Não sabeis vós que os que administram as coisas sagradas comem do sagrado? E que os que de continuo estão junto ao altar, participam do altar?
14 Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.
Assim ordenou tambem o Senhor aos que annunciam o evangelho, que vivam do evangelho.
15 Men mwen pa t itilize okenn nan bagay sa yo. E mwen p ap ekri bagay sa yo pou sa kab fèt nan ka pa m nan; paske li ta pi bon pou m mouri, pase pou m kite okenn moun retire fyète m nan men m.
Porém eu de nenhuma d'estas coisas usei, e não escrevi isto para que assim se faça comigo; porque melhor me fôra morrer, do que alguem fazer vã esta minha gloria,
16 Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
Porque, se annuncio o evangelho, não tenho de que me gloriar, pois me é imposta essa obrigação; e ai de mim, se não annunciar o evangelho!
17 Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.
Porque, se o faço de boamente, terei premio; mas, se de má vontade, de uma dispensação estou encarregado.
18 Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.
Logo, que premio tenho? Que, evangelizando, proponha de graça o evangelho de Christo para não abusar do meu poder no evangelho.
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
Porque, sendo livre para com todos, fiz-me servo de todos para ganhar ainda mais.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
E fiz-me como judeo para os judeos, para ganhar os judeos: para os que estão debaixo da lei, como se estivera debaixo da lei, para ganhar os que estão debaixo da lei.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
Para os que estão sem lei, como se estivera sem lei (não estando sem lei para com Deus, mas debaixo da lei de Christo), para ganhar os que estão sem lei.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
Fiz-me como fraco para os fracos, para ganhar os fracos. Fiz-me tudo para todos, para por todos os meios chegar a salvar alguns.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
E eu faço isto por causa do evangelho, para ser tambem participante d'elle.
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
Não sabeis vós que os que correm no estadio, todos, na verdade, correm, mas um só leva o premio? Correi de tal maneira que o alcanceis.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
E todo aquelle que lucta de tudo se abstem; elles o fazem para alcançar uma corôa corruptivel, nós, porém, uma incorruptivel.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
Pois eu assim corro, não como a coisa incerta: assim combato, não como batendo no ar,
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
Antes subjugo o meu corpo, e o reduzo á servidão, para que, prégando aos outros, eu mesmo não venha d'alguma maneira a ficar reprovado.

< 1 Korint 9 >