< 1 Korint 4 >
1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
Úgy tekintsen minket az ember, mint Krisztus szolgáit és Isten titkainak sáfárait.
2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.
Márpedig a sáfároktól azt kívánják meg, hogy mindegyikük hűséges legyen.
3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen.
Nekem pedig vajmi keveset számít, hogy ti vagy mások hogyan ítélkeztek felettem. Hiszen én sem ítélkezem magam felett.
4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.
Semmi sem terheli lelkiismeretemet, de nem ez igazol engem. Felettem ugyanis az Úr ítélkezik.
5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Ti se ítélkezzetek hát idő előtt, míg el nem jön az Úr, aki megvilágítja a sötétség titkait, leleplezi a szívek szándékát. Akkor majd Isten részesít mindenkit elismerésben.
6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.
Ezeket, testvéreim, miattatok alkalmaztam magamra és Apollósra, hogy rajtunk tanuljátok meg, nem szabad túllépni azon, ami meg van írva. Senki se lelkesedjék tehát egyvalakiért, a másik rovására.
7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
Mi tesz téged másnál különbbé? Mid van ugyanis, amit nem kaptál volna? Ha pedig úgy kaptad, mit dicsekszel, mintha nem kaptad volna?
8 Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.
Ti már jóllaktatok, meggazdagodtatok, nélkülünk uralomra jutottatok. Bár csakugyan uralomra jutottatok volna, hogy mi is veletek együtt uralkodhatnánk.
9 Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.
Mert úgy vélem, hogy Isten minket, apostolokat utolsó helyre állított, mintegy halálra szánt, mert látványossága lettünk a világnak, mind angyaloknak, mind embereknek.
10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.
Mi bolondok vagyunk a Krisztusért, ti pedig bölcsek a Krisztusban. Mi erőtlenek, ti pedig erősek. Ti megbecsültek, mi pedig megvetettek.
11 Jiska moman sa a nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete.
Mind ez ideig éhezünk is, szomjazunk is, ruhánk sincs, bántalmaznak minket, és otthonunk sincs,
12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.
fáradozunk is, tulajdon kezünkkel munkálkodva. Ha szidalmaznak, jót kívánunk, ha üldöznek, békésen tűrünk,
13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
Ha gyaláznak, áldást mondunk. Szinte a világ szemetjévé lettünk, mindenkinek söpredékévé egész mostanig.
14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen.
Nem azért írom ezeket, hogy megszégyenítselek titeket, hanem hogy mint szeretett gyermekeimet intselek.
15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.
Ha tízezer tanítómesteretek lenne is a Krisztusban, de nem sok atyátok, mert én vagyok a ti atyátok a Krisztus Jézusban az evangélium által.
16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm.
Kérlek azért titeket, legyetek az én követőim.
17 Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.
Azért küldtem hozzátok Timóteust, az én szeretett és hű fiamat az Úrban, hogy juttassa eszetekbe az én útjaimat a Krisztusban, hogy miként tanítok mindenütt, minden gyülekezetben.
18 Alò, kèk nan nou vin awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou.
De némelyek úgy fölfuvalkodtak, mintha el se mennék hozzátok.
19 Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.
Pedig, ha az Úr akarja, hamarosan elmegyek hozzátok, és akkor megismerem a felfuvalkodottaknak nem a beszédét, hanem az erejét.
20 Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans.
Mert nem beszédben áll az Isten országa, hanem erőben.
21 Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
Mit akartok? Vesszővel menjek-e hozzátok, vagy szeretettel és a szelídség lelkével?