< 1 Korint 3 >
1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo.
И аз, братя, не можах да говоря на вас, като на духовни, но като на плътски, като на младенци в Христа.
2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab,
С мляко ви храних, не с твърда храна; защото още не можехте да го приемете, а и сега още не можете.
3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?
Понеже и досега сте плътски; защото, докато има между вас завист и разпра, не сте ли плътски, и не постъпвате ли по човешки?
4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
Защото, кога един казва: Аз съм Павлов, а друг: Аз съм Аполосов, не сте ли като човеци слаби?
5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.
Какво е, прочее, Аполос, и какво е Павел? Те са служители, чрез които повярвахте, и то както Господ е дал на всеки от тях.
6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.
Аз насадих, Аполос напои, но Господ прави да расте.
7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.
И тъй, нито който сади е нещо, нито който пои, а Господ, Който прави да расте.
8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.
Прочее, тоя, който сади, и тоя, който пои, са равни, обаче всеки според своя труд ще получи своята награда;
9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
защото сме съработници на Бога, като вие сте Божия нива, Божие здание.
10 Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.
Според дадената ми Божия благодат, като изкусен строител аз положих основа; а друг гради на нея.
11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.
Защото никой не може да положи друга основа, освен положената, която е Исус Христос.
12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay,
И ако някой гради на основата злато, сребро, скъпоценни камъни, дърво, сено, слама,
13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun.
всекиму работата ще стане явна каква е; защото Господният ден ще я изяви, понеже тя чрез огън се открива; и самият огън ще изпита работата на всекиго каква е.
14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans.
Тоя, комуто работата, която е градил, устои, ще получи награда.
15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
А тоя, комуто работата изгори, ще претърпи загуба; а сам той ще се избави, но тъй като през огън.
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?
Не знаете ли, че сте храм на Бога, и че Божият Дух живее във вас?
17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
Ако някой развали Божия храм, него Бог ще развали; защото Божият храм е свет, който храм сте вие.
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj. (aiōn )
Никой да не се лъже. Ако някой между вас мисли, че е мъдър според тоя век, нека стане глупав за да бъде мъдър. (aiōn )
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”
Защото мъдростта на тоя свят е глупост пред Бога, понеже е писано: "Улавя мъртвите в лукавството им";
20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”
и пак: "Господ знае, разсъжденията на мъдрите са суетни".
21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm,
Затова никой да се не хвали с човеците. Защото всичко е ваше;
22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm.
било Павел, или Аполос, или Кифа, или светът, или животът, или смъртта, или сегашното, или бъдещето, всичко е ваше;
23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
а вие сте Христови, а Христос Божий.