< 1 Korint 2 >

1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a.
When I came to you, brothers, I did not come with eloquence of speech or wisdom as I proclaimed hidden truths about God.
2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a.
For I decided to know nothing when I was among you except Jesus Christ, and him crucified.
3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman.
And I was with you in weakness, and in fear, and in much trembling.
4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a,
And my message and my proclamation were not with persuasive words of wisdom. Instead, they were with the demonstration of the Spirit and of power,
5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
so that your faith might not be in the wisdom of humans, but in the power of God.
6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. (aiōn g165)
Now we do speak wisdom among the mature, but not the wisdom of this world, or of the rulers of this age, who are passing away. (aiōn g165)
7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; (aiōn g165)
Instead, we speak God's wisdom in hidden truth, the hidden wisdom that God predestined before the ages for our glory. (aiōn g165)
8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. (aiōn g165)
None of the rulers of this age understood it, for if they had understood it, they would not have crucified the Lord of glory. (aiōn g165)
9 Men jan sa ekri a: “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, ki pa janm antre nan kè a lòm; tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
But as it is written, “Things that no eye has seen, no ear has heard, no mind has imagined, the things that God has prepared for those who love him.”
10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a.
These are the things that God has revealed to us through the Spirit. For the Spirit searches everything, even the deep things of God.
11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a.
For who knows a person's thoughts except the spirit of the person in him? So also, no one knows the deep things of God except the Spirit of God.
12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo.
But we did not receive the spirit of the world, but the Spirit who is from God, so that we might know the things freely given to us by God.
13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.
We speak about these things in words that man's wisdom cannot teach, but which the Spirit teaches us. The Spirit interprets spiritual words with spiritual wisdom.
14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.
The unspiritual person does not receive the things that belong to the Spirit of God, for they are foolishness to him. He cannot know them because they are spiritually discerned.
15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.
The one who is spiritual judges all things, but he is not subject to the judgment of others.
16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.
“For who can know the mind of the Lord, that he can instruct him?” But we have the mind of Christ.

< 1 Korint 2 >