< 1 Korint 15 >
1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe.
Moreover, brethren, I declare to you the gospel which I preached to you, which also ye have received, and in which ye stand;
2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
By which also ye are saved, if ye keep in memory what I preached to you, unless ye have believed in vain.
3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,
For I delivered to you first of all, that which I also received, that Christ died for our sins, according to the scriptures;
4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.
And that he was buried, and that he rose again the third day according to the scriptures:
5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.
And that he was seen by Cephas, then by the twelve:
6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.
After that he was seen by above five hundred brethren at once; of whom the greater part remain to this present, but some have fallen asleep.
7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo.
After that he was seen by James; then by all the apostles.
8 Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
And last of all he was seen by me also, as by one born out of due time.
9 Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.
For I am the least of the apostles, who am not worthy to be called an apostle, because I persecuted the church of God.
10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
But by the grace of God I am what I am: and his grace which [was bestowed] upon me, was not in vain; but I labored more abundantly than they all: yet not I, but the grace of God which was with me.
11 Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
Therefore whether [it was] I or they, so we preach, and so ye believed.
12 Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke pa gen rezirèksyon mò yo?
Now if Christ is preached that he rose from the dead, how say some among you that there is no resurrection of the dead?
13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve.
But if there is no resurrection of the dead, then is Christ not raised.
14 Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven.
And if Christ is not raised, then [is] our preaching vain, and your faith [is] also vain.
15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve.
And indeed we are found false witnesses of God; because we have testified concerning God that he raised up Christ: whom he raised not, if in truth the dead rise not.
16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
For if the dead rise not, then is not Christ raised:
17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.
And if Christ is not raised, your faith [is] vain; ye are yet in your sins.
18 Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.
Then they also who have fallen asleep in Christ have perished.
19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
If in this life only we have hope in Christ, we are of all men most miserable.
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.
But now is Christ raised from the dead, [and] become the first-fruits of them that slept.
21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini.
For since by man [came] death, by man [came] also the resurrection of the dead.
22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
For as in Adam all die, even so in Christ shall all be made alive.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.
But every man in his own order: Christ the first-fruits; afterward they that are Christ's at his coming.
24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo.
Then [cometh] the end, when he shall have delivered up the kingdom to God, even the Father; when he shall have put down all rule, and all authority, and power.
25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.
For he must reign, till he hath put all enemies under his feet.
26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
The last enemy [that] shall be destroyed [is] death.
27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
For he hath put all things under his feet. But when he saith, all things are put under [him], [it is] manifest that he is excepted who did put all things under him.
28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
And when all things shall be subdued to him, then shall the Son also himself be subject to him that put all things under him, that God may be all in all.
29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo?
Else what will they do, who are baptized for the dead, if the dead rise not at all? why are they then baptized for the dead?
30 Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman?
And why stand we in jeopardy every hour?
31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.
I protest by your rejoicing which I have in Christ Jesus our Lord, I die daily.
32 Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.”
If after the manner of men I have fought with beasts at Ephesus, what advantage is it to me, if the dead rise not? let us eat and drink; for to-morrow we die.
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
Be not deceived: Evil communications corrupt good manners.
34 Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
Awake to righteousness, and sin not; for some have not the knowledge of God. I speak [this] to your shame.
35 Men yon moun va di: “Kijan mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
But some [man] will say, How are the dead raised? and with what body do they come?
36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri;
[Thou] fool, that which thou sowest is not vivified except it die:
37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
And that which thou sowest, thou sowest not that body that shall be, but bare grain; it may be of wheat, or of some other [grain]:
38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li.
But God giveth it a body as it hath pleased him, and to every seed its own body.
39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason.
All flesh [is] not the same flesh; but [there is] one [kind of] flesh of men, another flesh of beasts, another of fishes, [and] another of fowls.
40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt.
[There are] also celestial bodies, and bodies terrestrial: but the glory of the celestial [is] one, and the [glory] of the terrestrial [is] another.
41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
[There is] one glory of the sun, and another glory of the moon, and another glory of the stars; for [one] star differeth from [another] star in glory.
42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
So also [is] the resurrection of the dead. It is sown in corruption, it is raised in incorruption:
43 Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
It is sown in dishonor, it is raised in glory: it is sown in weakness, it is raised in power:
44 Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
It is sown a natural body, it is raised a spiritual body. There is a natural body, and there is a spiritual body.
45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.
And so it is written, The first man Adam was made a living soul, the last Adam [was made] a vivifying spirit.
46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a.
However, that [was] not first which is spiritual, but that which is natural; and afterward that which is spiritual.
47 Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la.
The first man [is] from the earth, earthy: the second man [is] the Lord from heaven.
48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou.
As [is] the earthy, such [are] they also that are earthy: and as [is] the heavenly, such [are] they also that are heavenly.
49 Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la.
And as we have borne the image of the earthy, we shall also bear the image of the heavenly.
50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
Now this I say, brethren, that flesh and blood cannot inherit the kingdom of God; neither doth corruption inherit incorruption.
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje,
Behold, I show you a mystery; We shall not all sleep, but we shall all be changed,
52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.
In a moment, in the twinkling of an eye, at the last trumpet; for the trumpet shall sound, and the dead shall be raised incorruptible, and we shall be changed.
53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite.
For this corruptible must put on incorruption, and this mortal [must] put on immortality.
54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
So when this corruptible shall have put on incorruption, and this mortal shall have put on immortality, then shall be brought to pass the saying that is written, Death is swallowed up in victory.
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?” (Hadēs )
O death, where [is] thy sting? O grave, where [is] thy victory? (Hadēs )
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
The sting of death [is] sin; and the strength of sin [is] the law.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
But thanks [be] to God, who giveth us the victory, through our Lord Jesus Christ.
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
Therefore, my beloved brethren, be ye steadfast, immovable, always abounding in the work of the Lord, forasmuch as ye know that your labor is not in vain in the Lord.