< 1 Korint 14 >

1 Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.
Recherchez la charité. Aspirez néanmoins aux dons spirituels, mais surtout à celui de prophétie.
2 Paske sila ki pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale mistè yo.
En effet, celui qui parle en langue ne parle pas aux hommes, mais à Dieu, car personne ne le comprend, et c’est en esprit qu’il dit des mystères.
3 Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.
Celui qui prophétise au contraire, parle aux hommes, les édifie, les exhorte, les console.
4 Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.
Celui qui parle en langue s’édifie lui-même; celui qui prophétise édifie l’Église [de Dieu].
5 Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.
Je désire que vous parliez tous en langues, mais encore plus que vous prophétisiez; car celui qui prophétise est plus grand que celui qui parle en langues, à moins que ce dernier n’interprète ce qu’il dit, pour que l’Église en reçoive de l’édification.
6 Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?
Voyons, frères, de quelle utilité vous serais-je, si je venais à vous parlant en langues, et si je ne vous parle pas par révélation, ou par science, ou par prophétie, ou par doctrine?
7 Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?
Si les objets inanimés qui rendent un son, comme une flûte ou une harpe, ne rendent pas des sons distincts, comment connaîtra-t-on ce qui est joué sur la flûte ou sur la harpe?
8 Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?
Et si la trompette rend un son confus, qui se préparera au combat?
9 Donk nou menm tou, sof ke nou pale an lang pawòl ki klè, kijan yo va konnen sa ki pale a? Paske si li pa konsa, se konsi, nou pale pawòl anlè.
De même vous, si vous ne faites pas entendre avec la langue une parole distincte, comment saura-t-on ce que vous dites? Vous parlerez en l’air.
10 Genyen, petèt, anpil kalite lang nan mond lan, e okenn pa san konprann.
Quelque nombreuses que puissent être dans le monde les diverses langues, il n’en est aucune qui consiste en sons inintelligibles.
11 Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.
Si donc j’ignore la valeur du son, je serai un barbare pour celui qui parle, et celui qui parle sera un barbare pour moi.
12 Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.
De même vous aussi, puisque vous aspirez aux dons spirituels, que ce soit pour l’édification de l’Église que vous cherchiez à en avoir abondamment.
13 Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.
C’est pourquoi, que celui qui parle en langue prie pour obtenir le don d’interpréter.
14 Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.
Car si je prie en langue, mon esprit est en prière, mais mon intelligence demeure sans fruit.
15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.
Que faire donc? Je prierai avec l’esprit, mais je prierai aussi avec l’intelligence; je chanterai avec l’esprit, mais je chanterai aussi avec l’intelligence.
16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?
Autrement, si tu rends grâces avec l’esprit, comment celui qui est dans les rangs de l’homme du peuple répondra-t-il « Amen! » à ton action de grâces, puisqu’il ne sait pas ce que tu dis?
17 Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.
Ton hymne d’action de grâces est sans doute fort beau; mais lui n’en est pas édifié.
18 Mwen remèsye Bondye m, mwen pale an lang plis ke nou tout.
Je rends grâces à [mon] Dieu de ce que je parle en langues plus que vous tous;
19 Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.
mais, dans l’Église, j’aime mieux dire cinq paroles avec mon intelligence, afin d’instruire aussi les autres, que dix mille paroles en langue.
20 Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
Frères, ne soyez pas des enfants sous le rapport du jugement; mais faites-vous enfants sous le rapport de la malice, et, pour le jugement, soyez des hommes faits.
21 Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.
Il est écrit dans la Loi: « C’est par des hommes d’une autre langue et par des lèvres étrangères que je parlerai à ce peuple, et même ainsi ils ne m’écouteront pas, dit le Seigneur. »
22 Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.
C’est donc que les langues sont un signe, non pour les croyants, mais pour les infidèles; la prophétie, au contraire, est un signe, non pour les infidèles, mais pour les croyants.
23 Donk, si tout legliz la reyini ansanm e yo tout pale an lang, e moun ki san don oubyen enkwayan yo antre, èske yo p ap di ke nou fou?
Si donc, l’Église entière se trouvant réunie en assemblée, tous parlent en langues, et qu’il survienne des hommes non initiés ou des infidèles, ne diront-ils pas que vous êtes des fous?
24 Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay.
Mais si tous prophétisent, et qu’il survienne un infidèle ou un homme non initié, il est convaincu par tous, il est jugé par tous,
25 Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
les secrets de son cœur sont dévoilés, de telle sorte que, tombant sur sa face, il adorera Dieu, et publiera que Dieu est vraiment au milieu de vous.
26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
Que faire donc, mes frères? Lorsque vous vous assemblez, tel d’entre vous a un cantique, tel une instruction, tel une révélation, tel un discours en langue, tel une interprétation, que tout se passe de manière à édifier.
27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
Si l’on parle en langue, que ce soient chaque fois deux ou trois au plus, chacun à son tour, et qu’il y ait un interprète;
28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
s’il n’y a point d’interprète, qu’on se taise dans l’assemblée et qu’on se parle à soi-même et à Dieu.
29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
Pour les prophètes, qu’il y en ait deux ou trois à parler, et que les autres jugent;
30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
et si un autre, qui est assis, a une révélation, que le premier se taise.
31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
Car vous pouvez tous prophétiser l’un après l’autre, afin que tous soient instruits et que tous soient exhortés.
32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
Or les esprits des prophètes sont soumis aux prophètes,
33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
car Dieu n’est pas un Dieu de désordre, mais de paix. Comme cela a eu lieu dans toutes les Églises des saints,
34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.
que vos femmes se taisent dans les assemblées, car elles n’ont pas mission de parler; mais qu’elles soient soumises, comme le dit aussi la Loi.
35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.
Si elles veulent s’instruire sur quelque point, qu’elles interrogent leurs maris à la maison; car il est malséant à une femme de parler dans une assemblée.
36 Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?
Est-ce de chez vous que la parole de Dieu est sortie? ou est-ce à vous seuls qu’elle est parvenue?
37 Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.
Si quelqu’un croit être prophète ou riche en dons spirituels, qu’il reconnaisse que ces choses que je vous ai écrites sont des commandements du Seigneur.
38 Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.
Et s’il veut l’ignorer, qu’il l’ignore.
39 Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.
Ainsi donc, mes frères, aspirez au don de prophétie, et n’empêchez pas de parler en langue.
40 Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.
Mais que tout se fasse avec bienséance et avec ordre.

< 1 Korint 14 >