< 1 Korint 12 >

1 Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo.
De spiritualibus autem, nolo vos ignorare fratres.
2 Nou konnen ke lè nou te payen, nou te mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou.
Scitis quoniam cum Gentes essetis, ad simulachra muta prout ducebamini euntes.
3 Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.
Ideo notum vobis facio, quod nemo in Spiritu Dei loquens, dicit anathema Iesu. Et nemo potest dicere, Dominus Iesus, nisi in Spiritu sancto.
4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a.
Divisiones vero gratiarum sunt, idem autem Spiritus:
5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a.
Et divisiones ministrationum sunt, idem autem Dominus:
6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun.
Et divisiones operationum sunt, idem vero Deus, qui operatur omnia in omnibus.
7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.
Unicuique autem datur manifestatio Spiritus ad utilitatem.
8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.
Alii quidem per Spiritum datur sermo sapientiæ: alii autem sermo scientiæ secundum eundem Spiritum:
9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,
alteri fides in eodem Spiritu: alii gratia sanitatum in uno Spiritu:
10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.
alii operatio virtutum, alii prophetia, alii discretio spirituum, alii genera linguarum, alii interpretatio sermonum.
11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
Hæc autem omnia operantur unus atque idem Spiritus, dividens singulis prout vult.
12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
Sicut enim corpus unum est, et membra habet multa, omnia autem membra corporis cum sint multa, unum tamen corpus sunt: ita et Christus.
13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
Etenim in uno Spiritu omnes nos in unum corpus baptizati sumus, sive Iudæi, sive Gentiles, sive servi, sive liberi: et omnes in uno Spiritu potati sumus.
14 Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm.
Nam et corpus non est unum membrum, sed multa.
15 Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a.
Si dixerit pes: Quoniam non sum manus, non sum de corpore: num ideo non est de corpore?
16 Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a.
Et si dixerit auris: Quoniam non sum oculus, non sum de corpore: num ideo est de corpore?
17 Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye?
Si totum corpus oculus: ubi auditus? Si totum auditus: ubi odoratus?
18 Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a.
Nunc autem posuit Deus membra, unumquodque eorum in corpore sicut voluit.
19 Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye?
Quod si essent omnia unum membrum, ubi corpus?
20 Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò.
Nunc autem multa quidem membra, unum autem corpus.
21 Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.”
Non potest autem oculus dicere manui: Opera tua non indigeo: aut iterum caput pedibus: Non estis mihi necessarii.
22 Okontrè, li pi vrè ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè.
Sed multo magis quæ videntur membra corporis infirmiora esse, necessariora sunt:
23 Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab,
et quæ putamus ignobiliora membra esse corporis, his honorem abundantiorem circumdamus: et quæ inhonesta sunt nostra, abundantiorem honestatem habent.
24 pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo,
Honesta autem nostra nullius egent: sed Deus temperavit corpus, ei, cui deerat, abundationem tribuendo honorem,
25 jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt.
ut non sit schisma in corpore, sed idipsum pro invicem solicita sint membra.
26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
Et si quid patitur unum membrum, compatiuntur omnia membra: sive gloriatur unum membrum, congaudent omnia membra.
27 Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.
Vos autem estis corpus Christi, et membra de membro.
28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.
Et quosdam quidem posuit Deus in Ecclesia primum Apostolos, secundo Prophetas, exinde Doctores, deinde virtutes, exinde gratias curationum, opitulationes, gubernationes, genera linguarum, interpretationes sermonum.
29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non!
Numquid omnes Apostoli? numquid omnes Prophetæ? numquid omnes Doctores?
30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non!
numquid omnes virtutes? numquid omnes gratiam habent curationum? numquid omnes linguis loquuntur? numquid omnes interpretantur?
31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
Æmulamini autem charismata meliora. Et adhuc excellentiorem viam vobis demonstro.

< 1 Korint 12 >