< 1 Korint 11 >

1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
Be imitators of me, as I am of Christ.
2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an.
Now, I praise you, brethren, because you remember me in all things, and keep the traditions as I delivered them to you.
3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
But I wish you to know, that the head of every man is the Christ, and the head of the woman is the man; and the head of Christ is God.
4 Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li.
Every man that prays or prophesies, having his head covered, dishonors his head.
5 Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li.
But every woman that prays or prophesies with her head uncovered, dishonors her head: for it is one and the same as if she was shaved.
6 Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li.
For if a woman has no vail on, let her also be shaved. But if it is a shame to a woman to be shorn or shaven, let her have a vail.
7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.
For a man ought not to vail his head, because he is the image and glory of God; but the woman is the glory of the man.
8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason.
For the man is not of the woman, but the woman of the man:
9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an.
for the man was not created for the woman, but the woman for the man.
10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.
For this reason ought the woman to have a token of subjection on her head, on account of the angels.
11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan.
But neither is the woman without the man, nor the: man without the woman, in the Lord.
12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.
For as the woman is of the man, so also is the man by the woman; but all things are of God.
13 Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri?
Judge in yourselves, whether it is becoming that a woman pray to God unvailed.
14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li,
Does not nature itself teach you, that, if a man has long hair, it is a dishonor to him?
15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li.
But if a woman has long hair, it is a glory to her; for her hair is given to her for a vail.
16 Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni legliz Bondye yo pa pou gen okenn lòt pratik.
But if any one seems to be contentious, we have no such custom, nor have the churches of God.
17 Men lè mwen bay nou komman sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal.
But I praise you not in this, which I now mention, that you come together, not for the better, but for the worse.
18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite.
For, in the first place, when you come together in the church, I hear that there are schisms among you, and I partly believe it:
19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.
for there must be sects among you, that the approved may be made known among you.
20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a.
When, therefore, you come together in one place, it is not to eat the Lord’s supper;
21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou.
for each one, in eating, takes before another, his own supper; and one is hungry, and another is drunken.
22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
What, have you not houses in which to eat and drink? or do you despise the church of God, and put those to shame who have nothing to eat? What shall I say to you? Shall I praise you in this? I praise you not.
23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.
For I received from the Lord that which I also delivered to you: That the Lord Jesus, on the night in which he was delivered up, took bread;
24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
and when he had given thanks, he broke it, and said: Take, eat; this is my body, which is broken for you; do this in remembrance of me.
25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.”
In like manner also, the cup, after he had supped, saying: This cup is the new covenant in my blood: do this, as often as you drink it, in remembrance of me.
26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.
For as often as you eat this bread, and drink this cup, you do show the Lord’s death till he come.
27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a.
Wherefore he that eats this bread, or drinks this cup of the Lord, in an improper manner, shall be guilty of the body and the blood of the Lord.
28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la.
But let a man examine himself, and so let him eat of this bread, and drink of this cup:
29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a.
for he that eats and drinks in an improper manner, eats and drinks condemnation to himself, not discerning the Lord’s body.
30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri.
For this reason, many among you are weak and sick, and many sleep.
31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije.
For if we would judge ourselves, we should not be judged;
32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
but being judged, we are chastened by the Lord, that we may not be condemned with the world.
33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt.
Wherefore, my brethren, when you come together to eat, wait for one another:
34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
and if any one is hungry, let him eat at home, that you come not together for condemnation. But other things I will set in order when I come.

< 1 Korint 11 >