< 1 Korint 10 >

1 Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.
Nokuti hama dzangu, handidi kuti murege kuziva kuti madzibaba edu ose akanga ari pasi pegore uye kuti vose vakayambuka gungwa.
2 Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a;
Vose vakabhabhatidzwa muna Mozisi mugore nomugungwa.
3 e yo tout te manje menm manje lespri a.
Vose vakadya zvokudya zvimwe chete zvoMweya
4 Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.
uye vose vakanwa zvokunwa zvimwe chete zvomweya; nokuti vakanwa kubva padombo romweya rakafamba navo, uye dombo iri raiva Kristu.
5 Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
Kunyange zvakadaro, Mwari haana kufadzwa navazhinji vavo; mitumbi yavo yakaparadzirwa murenje.
6 Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a.
Zvino, zvinhu izvi zvakanga zviri semienzaniso kwatiri, kuti tirege kuisa mwoyo yedu pazvinhu zvakaipa sezvavakaita.
7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
Musanamata zvifananidzo, sezvakaita vamwe vavo; sezvazvakanyorwa zvichinzi: “Vanhu vakagara pasi vakadya, vakanwa, uye vakasimuka kuti vatambe.”
8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.
Hatifaniri kuita upombwe, sezvakaita vamwe vavo, uye vakafa zviuru makumi maviri nezvitatu muzuva rimwe chete.
9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.
Hatifaniri kuedza Ishe, sezvakaita vamwe vavo, uye vakaurayiwa nenyoka.
10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.
Uye murege kugununʼuna sezvakaita vamwe vavo, uye vakazourayiwa nomutumwa wokuparadza.
11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. (aiōn g165)
Zvinhu izvi zvakaitika kwavari semienzaniso kwatiri uye zvikanyorwa kuti zvive yambiro kwatiri, iyesu takasvikirwa nokuzadziswa kwokuguma kwenyika. (aiōn g165)
12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
Saka, kana uchifunga kuti wakamira zvakasimba, chenjera kuti urege kuwa!
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
Hakuna muedzo wakakuwirai imi, kunze kwaiwo unowira munhu wose. Uye Mwari akatendeka, haangatenderi kuti muedzwe kupfuura pamunogona napo. Asi kana muchiedzwa, iye achakupai nzira yokubuda nayo kuti mugone kutsunga pairi.
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.
Naizvozvo, shamwari dzangu dzinodikanwa, tizai kunamata zvifananidzo.
15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.
Ndiri kutaura kuvanhu vakachenjera; zvitongerei pachenyu pane zvandinotaura.
16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
Ko, mukombe wokuvonga watinovonga, hakuzi kusangana neropa raKristu here? Uye chingwa chatinomedura, hakuzi kusangana nomuviri waKristu here?
17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.
Nokuti pane chingwa chimwe chete, isu vazhinji tiri muviri mumwe, nokuti tinogovana tose pachingwa chimwe.
18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
Cherechedzai vanhu veIsraeri: Ko, avo vanodya zvibayiro havagovani nearitari here?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?
Ko, ndinoreva kuti chibayiro chinobayirwa chifananidzo chinhu here, kana kuti chifananidzo chinhu here?
20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
Kwete, asi zvibayiro zvavahedheni zvinopiwa kumadhimoni kwete kuna Mwari, uye ini handidi kuti mugovane namadhimoni.
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.
Hamunganwi mukombe waShe uye nomukombe wamadhimoniwo; hamungavi nomugove patafura yaShe uye napatafura yamadhimoni.
22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
Tiri kuedza kumutsa godo raShe here? Takasimba kupfuura iye here?
23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.
Zvinhu zvose zvinotenderwa, asi hazvisi zvose zvinobatsira. Zvinhu zvose zvinotenderwa, asi hazvisi zvose zvinovaka.
24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.
Munhu ngaarege kutsvaka zvakamunakira iye, asi zvakanakira vamwe.
25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon.
Idyai zvose zvinotengeswa pamusika wenyama musingabvunzi chinhu nokuda kwehana,
26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”
nokuti, “Nyika ndeyaShe, nokuzara kwayo.”
27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon.
Kana mumwe asingatendi akakukoka kuzodya, uye kana uchida kuenda, udye zvose zvinenge zvaiswa pamberi pako usingabvunzi mubvunzo nokuda kwehana.
28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.”
Asi kana mumwe akati kwauri, “Ichi chipiriso chakabayirwa,” rega kudya, nokuda kwaiye akuratidza, uye nokuda kwehana,
29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt?
ndinoreva hana yomumwe, kwete yako. Nokuti kusununguka kwangu kungatongerweiko nehana yomumwe?
30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
Kana ini ndichidya ndavonga, ndingagotukirweiko nokuda kwechinhu chandavonga Mwari pamusoro pacho?
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
Naizvozvo, kunyange muchidya kana kunwa, chinhu chipi nechipi chamungaita, itai zvose kuti Mwari agokudzwa.
32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
Musagumbusa munhu upi noupi zvake, angava muJudha, kana muGiriki kana kereke yaMwari,
33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.
kunyange sezvandinoedzawo kufadza munhu wose pazvinhu zvose. Nokuti handitsvaki zvakandinakira ini asi zvakanakira vazhinji, kuitira kuti vagoponeswa.

< 1 Korint 10 >