< 1 Istwa 5 >

1 Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.
Сыновья Рувима, первенца Израилева, - он первенец; но, когда осквернил он постель отца своего, первенство его отдано сыновьям Иосифа, сына Израилева, с тем однакож, чтобы не писаться им первородными;
2 Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph),
потому что Иуда был сильнейшим из братьев своих, и вождь от него, но первенство перенесено на Иосифа.
3 fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.
Сыновья Рувима, первенца Израилева: Ханох, Фаллу, Хецрон и Харми.
4 Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a;
Сыновья Иоиля: Шемая, сын его; его сын Гог, его сын Шимей,
5 Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a.
его сын Миха, его сын Реаия, его сын Ваал,
6 Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo.
его сын Беера, которого отвел в плен Феглафелласар, царь Ассирийский. Он был князем Рувимлян.
7 Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah.
И братья его, по племенам их, по родословному списку их, были: главный Иеиель, потом Захария,
8 Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e teritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon;
и Бела, сын Азаза, сына Шемы, сына Иоиля. Он обитал в Ароере до Нево и Ваал-Меона;
9 nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.
а к востоку он обитал до входа в пустыню, идущую от реки Евфрата, потому что стада их были многочисленны в земле Галаадской.
10 Nan jou a Saül yo, yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout teritwa lès a Galaad la.
Во дни Саула они вели войну с Агарянами, которые пали от рук их, а они стали жить в шатрах и по всей восточной стороне Галаада.
11 Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Basan an jis rive Salca.
Сыновья Гада жили напротив их в земле Васанской до Салхи:
12 Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan.
в Васане Иоиль был главный, Шафан второй, потом Иаанай и Шафат.
13 Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou.
Братьев их с семействами их было семь: Михаил, Мешуллам, Шева, Иорай, Иаакан, Зия и Евер.
14 Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la;
Вот сыновья Авихаила, сына Хурия, сына Иароаха, сына Галаада, сына Михаила, сына Иешишая, сына Иахдо, сына Буза.
15 Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo.
Ахи, сын Авдиила, сына Гуниева, был главою своего рода.
16 Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout teren patiraj yo nan Saron jis rive nan limit lizyè pa yo.
Они жили в Галааде, в Васане и в зависящих от него городах и во всех окрестностях Сарона, до исхода их.
17 Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a Jotham yo, wa Juda a ak nan jou Jéroboam yo, wa Israël.
Все они перечислены во дни Иоафама, царя Иудейского, и во дни Иеровоама, царя Израильского.
18 Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te ale nan gè a.
У потомков Рувима и Гада и полуплемени Манассиина было людей воинственных, мужей, носящих щит и меч, стреляющих из лука и приученных к битве, сорок четыре тысячи семьсот шестьдесят, выходящих на войну.
19 Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jethur, Naphisch ak Nodab.
И воевали они с Агарянами, Иетуром, Нафишем и Надавом.
20 Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.
И подана была им помощь против них, и преданы были в руки их Агаряне и все, что у них было, потому что они во время сражения воззвали к Богу, и Он услышал их, за то, что они уповали на Него.
21 Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm.
И взяли они стада их: верблюдов пятьдесят тысяч, из мелкого скота двести пятьдесят тысяч, ослов две тысячи, и сто тысяч душ людей,
22 Paske anpil moun te mouri, akoz lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.
потому что много пало убитых, так как от Бога было сражение сие. И жили они на месте их до переселения.
23 Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Senir e Mòn Hermon yo te anpil.
Потомки полуколена Манассиина жили в той земле, от Васана до Ваал-Ермона и Сенира и до горы Ермона; и их было много.
24 Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.
И вот главы поколений их: Ефер, Ишьи, Елиил, Азриил, Иеремия, Годавия и Иагдиил, мужи мощные, мужи именитые, главы родов своих.
25 Men yo te aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a.
Но когда они согрешили против Бога отцов своих и стали блудно ходить вслед богов народов той земли, которых изгнал Бог от лица их,
26 Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.
тогда Бог Израилев возбудил дух Фула, царя Ассирийского, и дух Феглафелласара, царя Ассирийского, и он выселил Рувимлян и Гадитян и половину колена Манассиина, и отвел их в Халах, и Хавор, и Ару, и на реку Гозан, - где они до сего дня.

< 1 Istwa 5 >