< 1 Istwa 29 >
1 Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.
И сказал царь Давид всему собранию: Соломон, сын мой, которого одного избрал Бог, молод и малосилен, а дело сие велико, потому что не для человека здание сие, а для Господа Бога.
2 Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite.
Всеми силами я заготовил для дома Бога моего золото для золотых вещей и серебро для серебряных, и медь для медных, железо для железных, и дерева для деревянных, камни оникса и камни вставные, камни красивые и разноцветные, и всякие дорогие камни, и множество мрамора;
3 Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,
и еще по любви моей к дому Бога моего, есть у меня сокровище собственное из золота и серебра, и его я отдаю для дома Бога моего, сверх всего, что заготовил я для святого дома:
4 kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo;
три тысячи талантов золота, золота Офирского, и семь тысяч талантов серебра чистого, для обложения стен в домах,
5 lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”
для каждой из золотых вещей, и для каждой из серебряных, и для всякого изделия рук художнических. Не поусердствует ли еще кто жертвовать сегодня для Господа?
6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte;
И стали жертвовать начальники семейств и начальники колен Израилевых, и начальники тысяч и сотен, и начальники над имениями царя.
7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè.
И дали на устроение дома Божия пять тысяч талантов и десять тысяч драхм золота, и серебра десять тысяч талантов, и меди восемнадцать тысяч талантов, и железа сто тысяч талантов.
8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan.
И у кого нашлись дорогие камни, те отдавали и их в сокровищницу дома Господня, на руки Иехиилу Герсонитянину.
9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
И радовался народ усердию их, потому что они от всего сердца жертвовали Господу, также и царь Давид весьма радовался.
10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
И благословил Давид Господа пред всем собранием, и сказал Давид: благословен Ты, Господи Боже Израиля, отца нашего, от века и до века!
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout.
Твое, Господи, величие, и могущество, и слава, и победа и великолепие, и все, что на небе и на земле, Твое: Твое, Господи, царство, и Ты превыше всего, как Владычествующий.
12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
И богатство и слава от лица Твоего, и Ты владычествуешь над всем, и в руке Твоей сила и могущество, и во власти Твоей возвеличить и укрепить все.
13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
И ныне, Боже наш, мы славословим Тебя и хвалим величественное имя Твое.
14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.
Ибо кто я и кто народ мой, что мы имели возможность так жертвовать? Но от Тебя все, и от руки Твоей полученное мы отдали Тебе,
15 Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.
потому что странники мы пред Тобою и пришельцы, как и все отцы наши, как тень дни наши на земле, и нет ничего прочного.
16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou.
Господи Боже наш! все это множество, которое приготовили мы для построения дома Тебе, святому имени Твоему, от руки Твоей оно, и все Твое.
17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.
Знаю, Боже мой, что Ты испытываешь сердце и любишь чистосердечие; я от чистого сердца моего пожертвовал все сие, и ныне вижу, что и народ Твой, здесь находящийся, с радостью жертвует Тебе.
18 O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.
Господи, Боже Авраама, Исаака и Израиля, отцов наших! сохрани сие навек, сие расположение мыслей сердца народа Твоего, и направь сердце их к Тебе...
19 Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”
Соломону же, сыну моему, дай сердце правое, чтобы соблюдать заповеди Твои, откровения Твои и уставы Твои, и исполнить все это и построить здание, для которого я сделал приготовление.
20 Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.
И сказал Давид всему собранию: благословите Господа Бога нашего. - И благословило все собрание Господа Бога отцов своих, и пало, и поклонилось Господу и царю.
21 Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochèn jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël.
И принесли Господу жертвы, и вознесли всесожжения Господу, на другой после сего день: тысячу тельцов, тысячу овнов, тысячу агнцев с их возлияниями, и множество жертв от всего Израиля.
22 Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.
И ели и пили пред Господом в тот день, с великою радостью; и в другой раз воцарили Соломона, сына Давидова, и помазали пред Господом в правителя верховного, а Садока во священника.
23 Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm.
И сел Соломон на престоле Господнем, как царь, вместо Давида, отца своего, и был благоуспешен, и весь Израиль повиновался ему.
24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon.
И все начальники и сильные, также и все сыновья царя Давида подчинились Соломону царю.
25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
И возвеличил Господь Соломона пред очами всего Израиля, и даровал ему славу царства, какой не имел прежде его ни один царь у Израиля.
26 Alò David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël.
И Давид, сын Иессеев, царствовал над всем Израилем.
27 Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan.
Времени царствования его над Израилем было сорок лет: в Хевроне царствовал он семь лет, и в Иерусалиме царствовал тридцать три года.
28 Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li.
И умер в доброй старости, насыщенный жизнью, богатством и славою; и воцарился Соломон, сын его, вместо него.
29 Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,
Дела царя Давида, первые и последние, описаны в записях Самуила провидца и в записях Нафана пророка и в записях Гада прозорливца,
30 avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.
равно и все царствование его, и мужество его, и происшествия, случившиеся с ним и с Израилем и со всеми земными царствами.