< 1 Istwa 28 >

1 Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.
David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.
2 Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.
David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
3 Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’
Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule.
4 Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan.
Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.
5 Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël.
Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
6 Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.
Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.
7 Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”
M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a.
8 “Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba.
9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
10 Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”
Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay!
11 Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a;
Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.
12 epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo;
Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.
13 anplis, pou divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo;
David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan.
14 pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo;
Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo,
15 epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye;
pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo,
16 epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo;
pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a.
17 epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl;
Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak.
18 epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a.
Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.
19 David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”
David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè.
20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
21 Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”
Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.

< 1 Istwa 28 >