< 1 Istwa 27 >

1 Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:
Og dette er Israels-sønerne, etter talet deira, med ættarhovdingarne og med herhovdingar yver tusund og hundrad og tilsynsmennerne deira, som tente kongen i alt som vedkom herflokkarne; dei herflokkarne gjekk inn og gjekk ifrå for til skiftes kvar månad i året, og kvar flokk var fire og tjuge tusund mann sterk.
2 Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm.
Yver den fyrste skiftet, for den fyrste månaden, stod Jasobam Zabdielsson; og i hans skift var det fire og tjuge tusund mann.
3 Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a.
Han var av Peres-sønerne og var hovding for alle hovudsmennerne den fyrste månaden.
4 Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm.
Yver det andre månadsskiftet, stod Dodai, ahohiten; der var og fyrsten Miklot. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
5 Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm.
Tridje herhovdingen, for den tridje månaden, var Benaja, son åt presten Jojada, yverhovding. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
6 Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li.
Denne Benaja var ei kjempa millom dei tretti, og hovding for dei tretti. Og i hans skift var Ammizabad, son hans.
7 Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den fjorde, som gjorde tenesta den fjorde månaden, var Asael, bror åt Joab, og etter honom Zebadja, son hans. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
8 Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den femte, for den femte månaden, var Samhut, jizrahiten. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
9 Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den sette, for den sette månaden, var Ira Ikkesson, frå Tekoa. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
10 Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den sjuande, for den sjuande månaden, var peloniten Heles, av Efraims-sønerne. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
11 Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den åttande, for den åttande månaden, var husatiten Sibbekai, som høyrde til zerahitarne. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
12 Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den niande, for den niande månaden, var Abiezer frå Anatot, av Benjamins-ætti. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
13 Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den tiande, for den tiande månaden, var Maharai frå Netofa, som høyrde til zerahitarne. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
14 Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Den ellevte, for den ellevte månaden, var Benaja frå Piraton, av Efraims-sønerne. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
15 Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.
Den tolvte, for den tolvte månaden, var Heldai frå Netofa, av Otniels-ætti. Og i skiftet hans var fire og tjuge tusund.
16 Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a;
Og dette er ættarhovdingarne yver Israel: Jarlen for rubenitarne var Eliezer Zikrison, for simeonitarne Sefatja Ma’akason;
17 pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok;
for Levi Hasabja Kemuelsson, for Arons-ætti Sadok,
18 pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la;
hjå Juda Elihu, ein av David brør, for Issakar Omri Mikaelsson,
19 pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la;
for Sebulon Jismaja Obadjason, for Naftali Jerimot Azrielsson
20 pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a;
for Efraims-sønerne Hosea Azazjason, for den halve Manasse-ætti Joel Pedajason,
21 pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a;
for den halve Manasse-ætti i Gilead Jiddo Zakarjason, for Benjamin Ja’asiel Abnersson,
22 pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. Sila yo se te chèf a tribi Israël yo.
for Dan Azarel Jerohamson. Dette var ættarhovdingarne i Israel.
23 Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo.
Men David tok ikkje tal på deim som var yngre enn tjuge år; for Herren hadde sagt at han vilde auka Israel so dei vart mange som stjernorne på himmelen.
24 Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.
Joab Serujason tok til å telja, men fullførde det ikkje; for det kom vreide yver Israel for telgjingi skuld, og talet vart ikkje uppsett på nokor lista i kong Davids krønikebok.
25 Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo.
Azmavet Adielsson hadde tilsyn med skattarne åt kongen, og Jonatan Uzziason med forrådi på marki, i byarne og bygderne og borgerne.
26 Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo.
Og Ezri Kelubsson såg til med onne-arbeidarane, som dreiv med jordbruket.
27 Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo.
Sime’i frå Rama vart sett yver vinhagarne, og Zabdi, sifmiten, yver vinforrådi i vinhagarne.
28 Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo.
Ba’al-Hanan frå Gedera hadde tilsyn med oljeplantningarne og fiketrei i låglandet, og Joas med oljeforrådi,
29 Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo.
og Sitrai frå Saron såg til med det storfeet som beitte i Saron, og Safat Adlaison med storfeet i dalarne,
30 Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.
ismaeliten Obil med kamelarne, Jehdeja frå Meronot med asnorne,
31 Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.
og hagariten Jaziz med småfeet. Alle desse var tilsynsmenner yver eigorne åt kong David.
32 Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo.
Men Jonatan, farbror åt David, var rådgjevar; han var ein vitug og skriftlærd mann. Jehiel Hakmonison var hjå kongssønerne.
33 Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a.
Ahitofel var rådgjevaren åt kongen, og Husai, arkiten, var kongens ven.
34 Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.
Etter Ahitofel kom Jojada Benajason og Abjatar. Og Joab var kongens herhovding.

< 1 Istwa 27 >