< 1 Istwa 26 >

1 Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis yo a Asaph yo.
To the courses of the door-keepers, pertained, —of the Korahites, Meshelemiah son of Kore, of the sons of Asaph;
2 Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan,
and, Meshelemiah, had sons, —Zechariah the firstborn, Jediael the second, Zebadiah the third, Jathniel the fourth;
3 Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan.
Elam the fifth, Jehohanan the sixth, Eliehoenai the seventh.
4 Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan,
And, Obed-edom, had sons, —Shemaiah the firstborn, Jehozabad the second, Josh the third, and Sacar the fourth, and Nethanel the fifth;
5 Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li.
Ammiel the sixth, Issachar the seventh, Peullethai, the eighth, —for God had blessed him.
6 Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj.
And, to Shemaiah his son, were born sons, who bare rule to their ancestral house, —for, heroes of valour, were they.
7 Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj.
the sons of Shemaiah, were Othni and Rephael, and Obed, Elzabad, whose brethren were sons of valour, —Elihu, and Semachiah.
8 Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom.
All these, were of the sons of Obed-edom, they and their sons and their brethren, able men in strength for the service, —sixty-two, pertaining to Obed-edom.
9 Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye.
And, Meshelemiah, had sons, and brethren, sons of valour, eighteen.
10 Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye),
And, Hosah of the sons of Merari, had sons, —Shimri the chief, for though he was not the firstborn, yet his father, made him, chief.
11 Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.
Hilkiah the second, Tebaliah the third, Zechariah the fourth, —all the sons and brethren of Hosah, were thirteen.
12 Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a.
To these, belonged the courses of door-keepers, to the chiefs of the strong men, belonged charges, equally with their brethren, —to be in attendance in the house of Yahweh.
13 Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay.
Yea they cast lots, as the small so the great, by their ancestral house, for every several gate.
14 Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò.
And the lot eastward fell to Shelemiah. And, for Zechariah his son, a discreet counsellor, they cast lots, and his lot came out, northward.
15 Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo.
To Obed-edom, southward, —and, to his sons, the storehouse.
16 Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad.
To Shuppim and to Hosah, westward, near the refuse-gate, in the causeway that goeth up, —one ward as well as another.
17 Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa.
Eastward—daily, were six, —northward—daily, four, southward—daily, four, and, for the stores, two and two.
18 Nan cham bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan cham nan a menm.
For the precinct—westward, four, at the causeway, two—by the precinct.
19 Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.
These, were the courses of the door-keepers, of the sons of the Korahites, and of the sons of Merari.
20 Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo.
And, the Levites, their brethren, were over the treasuries of the house of God, even to the treasuries of hallowed things.
21 Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan.
The sons of Ladan—the sons of the Gershonites belonging to Ladan—the ancestral chiefs belonging to Ladan the Gershonite, were Jehieli;
22 Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a.
the sons of Jehieli, Zetham and Joel his brother who were over the treasuries of the house of Yahweh.
23 Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo,
Then came certain of the Amramites, of the Izharites, of the Hebronites, of the Uzzielites.
24 Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo.
And, Shebuel, son of Gershom, son of Moses, was chief ruler over the treasuries.
25 Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a.
And, his brethren pertaining to Eliezer, were Rehabiah his son, and Jeshaiah his son, and Joram his son, and Zichri his son, and Shelomoth his son.
26 Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye.
The same Shelomoth and his brethren, were over all the treasuries of the hallowed things, which David the king and the ancestral chiefs, with the captains of thousands and hundreds and the captains of the army, had hallowed:
27 Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a.
out of the battles and out of the spoil, had they hallowed [them], —to strengthen [the provision] for the house of Yahweh.
28 Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
And, all that Samuel the seer, and Saul son of Kish, and Abner son of Ner, and Joab son of Zeruiah, had hallowed, whosoever had hallowed anything, it was under the direction of Shelomoth, and his brethren.
29 Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël.
Of the Izharites, Chenaniah and his sons, were for the outward business over Israel, —as officers, and as judges.
30 Pou Ebwonit yo, Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a.
Of the Hebronites, Hashabiah and his brethren, sons of valour, one thousand seven hundred, had the oversight of Israel, across the Jordan westward, —for all the business of Yahweh, and for the service of the king.
31 Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad).
Of the Hebronites, Jerijah, was chief, [he was] of the Hebronites by his generations, by his fathers, —in the fortieth year of the reign of David, were they sought out, and there were found among them heroes of valour, in Jazer of Gilead;
32 Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.
and, his brethren that were heroes of valour, were two thousand and seven hundred, ancestral chiefs, —so David the king gave them oversight, over the Reubenites and the Gadites and the half tribe of Manassites, in all the affairs of God, and the affairs of the king.

< 1 Istwa 26 >