< 1 Istwa 24 >

1 Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar.
These were the divisions of the descendants of Aaron. The sons of Aaron were Nadab, Abihu, Eleazar, and Ithamar.
2 Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt.
But Nadab and Abihu died before their father did, and they had no sons; so Eleazar and Ithamar served as priests.
3 David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo.
With the help of Eleazar’s descendant Zadok and Ithamar’s descendant Ahimelech, David divided them according to the offices of their service.
4 Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo.
Since more leaders were found among Eleazar’s descendants than those of Ithamar, they were divided accordingly. There were sixteen heads of families from the descendants of Eleazar and eight from the descendants of Ithamar.
5 Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo.
Thus they were divided by lot, for there were officers of the sanctuary and officers of God among both Eleazar’s and Ithamar’s descendants.
6 Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou trib Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.
The scribe, Shemaiah son of Nethanel, a Levite, recorded their names in the presence of the king and of the officers: Zadok the priest, Ahimelech son of Abiathar, and the heads of families of the priests and the Levites—one family being taken from Eleazar, and then one from Ithamar.
7 Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja;
The first lot fell to Jehoiarib, the second to Jedaiah,
8 twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim;
the third to Harim, the fourth to Seorim,
9 senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin;
the fifth to Malchijah, the sixth to Mijamin,
10 setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a Abija;
the seventh to Hakkoz, the eighth to Abijah,
11 nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania;
the ninth to Jeshua, the tenth to Shecaniah,
12 onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim;
the eleventh to Eliashib, the twelfth to Jakim,
13 trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab;
the thirteenth to Huppah, the fourteenth to Jeshebeab,
14 kenzyèm nan a Bilga; sizyèm nan a Immer;
the fifteenth to Bilgah, the sixteenth to Immer,
15 di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets;
the seventeenth to Hezir, the eighteenth to Happizzez,
16 diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel;
the nineteenth to Pethahiah, the twentieth to Jehezkel,
17 ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul;
the twenty-first to Jachin, the twenty-second to Gamul,
18 venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia.
the twenty-third to Delaiah, and the twenty-fourth to Maaziah.
19 Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.
This was their appointed order for service when they entered the house of the LORD, according to the regulations prescribed for them by their forefather Aaron, as the LORD, the God of Israel, had commanded him.
20 Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia;
Now these were the remaining descendants of Levi: From the sons of Amram: Shubael; from the sons of Shubael: Jehdeiah.
21 a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija.
As for Rehabiah, from his sons: The first was Isshiah.
22 Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath.
From the Izharites: Shelomoth; from the sons of Shelomoth: Jahath.
23 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan.
From the sons of Hebron: Jeriah was the first, Amariah the second, Jahaziel the third, and Jekameam the fourth.
24 Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir.
From the sons of Uzziel: Micah; from the sons of Micah: Shamir.
25 Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie.
The brother of Micah: Isshiah; from the sons of Isshiah: Zechariah.
26 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno.
The sons of Merari: Mahli and Mushi. The son of Jaaziah: Beno.
27 Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri.
The descendants of Merari from Jaaziah: Beno, Shoham, Zaccur, and Ibri.
28 Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis.
From Mahli: Eleazar, who had no sons.
29 Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel.
From Kish: Jerahmeel the son of Kish.
30 Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth.
And the sons of Mushi: Mahli, Eder, and Jerimoth. These were the sons of the Levites, according to their families.
31 Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.
As their brothers the descendants of Aaron did, they also cast lots in the presence of King David and of Zadok, Ahimelech, and the heads of the families of the priests and Levites—the family heads and their younger brothers alike.

< 1 Istwa 24 >