< 1 Istwa 23 >
1 Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
다윗이 나이 많아 늙으매 아들 솔로몬으로 이스라엘 왕을 삼고
2 Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.
이스라엘 모든 방백과 제사장과 레위 사람을 모았더라
3 Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trant-uit-mil.
레위 사람은 삼십 세 이상으로 계수하였으니 모든 남자의 명수가 삼만 팔천인데
4 Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,
그 중에 이만 사천은 여호와의 전 사무를 보살피는 자요 육천은 유사와 재판관이요
5 kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.
사천은 문지기요 사천은 다윗의 찬송하기 위하여 지은 악기로 여호와를 찬송하는 자라
6 David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis yo a Lévi: Guerschon, Kehath, ak Merari.
다윗이 레위의 아들 게르손과 그핫과 므라리의 각 족속을 따라 그 반열을 나누었더라
7 Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï.
게르손 자손은 라단과 시므이라
8 Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa.
라단의 아들들은 족장 여히엘과 또 세담과 요엘 세 사람이요
9 Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Ladann yo.
시므이의 아들들은 슬로밋과 하시엘과 하란 세 사람이니 이는 라단의 족장들이며
10 Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï.
또 시므이의 아들들은 야핫과 시나와 여우스와 브리아니 이 네 사람도 시므이의 아들이라
11 Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.
그 족장은 야핫이요 그 다음은 시사며 여우스와 브리아는 아들이 많지 아니하므로 저희와 한 족속으로 계수되었더라
12 Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat.
그핫의 아들들은 아므람과 이스할과 헤브론과 웃시엘 네 사람이라
13 Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.
아므람의 아들들은 아론과 모세니 아론은 그 자손들과 함께 구별되어 몸을 성결케 하여 영원토록 지극히 거룩한 자가 되어 여호와 앞에 분향하며 섬기며 영원토록 그 이름을 받들어 축복하게 되었으며
14 Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a.
하나님의 사람 모세의 아들들은 레위 지파 중에 기록되었으니
15 Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer.
모세의 아들은 게르솜과 엘리에셀이라
16 Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la.
게르솜의 아들 중에 스브엘이 족장이 되었고
17 Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite.
엘리에셀의 아들은 족장 르하뱌라 엘리에셀이 이 외에는 다른 아들이 없고 르하뱌의 아들은 심히 많았으며
18 Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la.
이스할의 아들은 족장 슬로밋이요
19 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan.
헤브론의 아들들은 족장 여리야와 둘째 아마랴와 셋째 야하시엘과 넷째 여가므암이며
20 Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.
웃시엘의 아들은 족장 미가와 그 다음 잇시야더라
21 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis.
므라리의 아들들은 마흘리와 무시요 마흘리의 아들들은 엘르아살과 기스라
22 Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo.
엘르아살이 아들이 없이 죽고 딸만 있더니 그 형제 기스의 아들이 저에게 장가 들었으며
23 Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.
무시의 아들들은 마흘리와 에델과 여레못 세 사람이더라
24 Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis.
이는 다 레위 자손이니 그 종가를 따라 계수함을 입어 이름이 기록되고 여호와의 전에서 섬기는 일을 하는 이십 세 이상 된 족장들이라
25 Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan.
다윗이 이르기를 이스라엘 하나님 여호와께서 평강을 그 백성에게 주시고 예루살렘에 영원히 거하시나니
26 Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.”
레위 사람이 다시는 성막과 그 가운데서 쓰는 모든 기구를 멜 것이 없다 한지라
27 Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis.
다윗의 유언대로 레위 자손이 이십 세 이상으로 계수되었으니
28 Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,
그 직분은 아론의 자손에게 수종들어 여호와의 전과 뜰과 골방에서 섬기고 또 모든 성물을 정결케 하는 일 곧 하나님의 전에서 섬기는 일과
29 epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.
또 진설병과 고운 가루의 소제물 곧 무교전병이나 남비에 지지는 것이나 반죽하는 것이나 또 모든 저울과 자를 맡고
30 Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè,
새벽과 저녁마다 서서 여호와께 축사하며 찬송하며
31 epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.
또 안식일과 초하루와 절기에 모든 번제를 여호와께 드리되 그 명하신 규례의 정한 수효대로 항상 여호와 앞에 드리며
32 Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.
또 회막의 직무와 성소의 직무와 그 형제 아론 자손의 직무를 지켜 여호와의 전에서 수종드는 것이더라