< 1 Istwa 21 >

1 Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo.
時にサタンが起ってイスラエルに敵し、ダビデを動かしてイスラエルを数えさせようとした。
2 Pou sa, David te di a Joab, e a chèf a pèp yo: “Ale konte moun Israël yo soti Beer-Schéba jis rive Dan, e pote ban m chif yo pou m kab konnen fòs kantite yo.”
ダビデはヨアブと軍の将校たちに言った、「あなたがたは行って、ベエルシバからダンまでのイスラエルを数え、その数を調べてわたしに知らせなさい」。
3 Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”
ヨアブは言った、「それがどのくらいあっても、どうか主がその民を百倍に増されるように。しかし王わが主よ、彼らは皆あなたのしもべではありませんか。どうしてわが主はこの事を求められるのですか。どうしてイスラエルに罪を得させられるのですか」。
4 Malgre sa, pawòl wa a te vin genyen kont pawòl Joab yo. Konsa, Joab te sòti ale nan tout Israël pou te rive Jérusalem.
しかし王の言葉がヨアブに勝ったので、ヨアブは出て行って、イスラエルをあまねく行き巡り、エルサレムに帰って来た。
5 Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo.
そしてヨアブは民の総数をダビデに告げた。すなわちイスラエルにはつるぎを抜く者が百十万人、ユダにはつるぎを抜く者が四十七万人あった。
6 Men li pa t kontwole Lévi avèk Benjamin pami yo, paske kòmand wa a te twouve byen rayisab pou Joab.
しかしヨアブは王の命令を快しとしなかったので、レビとベニヤミンとはその中に数えなかった。
7 “Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.
この事が神の目に悪かったので、神はイスラエルを撃たれた。
8 David te di a Bondye: Mwen te peche anpil, pwiske mwen te fè bagay sa a. Men souple, koulye a, retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te fè yon bagay byen sòt.”
そこでダビデは神に言った、「わたしはこの事を行って大いに罪を犯しました。しかし今どうか、しもべの罪を除いてください。わたしは非常に愚かなことをいたしました」。
9 SENYÈ a te pale ak Gad, konseye David la, epi te di l:
主はダビデの先見者ガデに告げて言われた、
10 “Ale pale ak David. Di l: ‘Konsa pale SENYÈ a, “M ap ofri ou twa bagay. Chwazi pou kont ou youn nan yo, ke mwen va fè pou ou.”’”
「行ってダビデに言いなさい、『主はこう仰せられる、わたしは三つの事を示す。あなたはその一つを選びなさい。わたしはそれをあなたに行おう』と」。
11 Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm
ガデはダビデのもとに来て言った、「主はこう仰せられます、『あなたは選びなさい。
12 oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout teritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”
すなわち三年のききんか、あるいは三月の間、あなたのあだの前に敗れて、敵のつるぎに追いつかれるか、あるいは三日の間、主のつるぎすなわち疫病がこの国にあって、主の使がイスラエルの全領域にわたって滅ぼすことをするか』。いま、わたしがどういう答をわたしをつかわしたものになすべきか決めなさい」。
13 David te di a Gad: “Mwen byen twouble. Souple, kite mwen tonbe nan men SENYÈ a, paske mizerikòd Li byen gran. Men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
ダビデはガデに言った、「わたしは非常に悩んでいるが、主のあわれみは大きいゆえ、わたしを主の手に陥らせてください。しかしわたしを人の手に陥らせないでください」。
14 Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe.
そこで主はイスラエルに疫病を下されたので、イスラエルびとのうち七万人が倒れた。
15 Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an.
神はまたみ使をエルサレムにつかわして、これを滅ぼそうとされたが、み使がまさに滅ぼそうとしたとき、主は見られて、この災を悔い、その滅ぼすみ使に言われた、「もうじゅうぶんだ。今あなたの手をとどめよ」。そのとき主の使はエブスびとオルナンの打ち場のかたわらに立っていた。
16 David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem. Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.
ダビデが目をあげて見ると、主の使が地と天の間に立って、手に抜いたつるぎをもち、エルサレムの上にさし伸べていたので、ダビデと長老たちは荒布を着て、ひれ伏した。
17 David te di a Bondye: “Èske se pa mwen menm ki te kòmande kontwòl a tout pèp la? Anverite, se te mwen ki te peche e ki te fè anpil mal. Men mouton sila yo, se kisa yo menm te fè? O SENYÈ, Bondye mwen an, souple, kite men Ou vin kont mwen avèk lakay zansèt mwen yo, men pa kont pèp Ou a, pou yo ta vin toumante.”
そしてダビデは神に言った、「民を数えよと命じたのはわたしではありませんか。罪を犯し、悪い事をしたのはわたしです。しかしこれらの羊は何をしましたか。わが神、主よ、どうぞあなたの手をわたしと、わたしの父の家にむけてください。しかし災をあなたの民に下さないでください」。
18 Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an.
時に主の使はガデに命じ、ダビデが上って行って、エブスびとオルナンの打ち場で主のために一つの祭壇を築くように告げさせた。
19 Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.
そこでダビデはガデが主の名をもって告げた言葉に従って上って行った。
20 Alò, Ornan te vire fè bak, e li te wè zanj lan. Kat fis pa li yo ki te avè l yo te kache tèt yo. Alò, Ornan t ap bat ble.
そのときオルナンは麦を打っていたが、ふりかえってみ使を見たので、ともにいた彼の四人の子は身をかくした。
21 Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.
ダビデがオルナンに近づくと、オルナンは目を上げてダビデを見、打ち場から出て来て地にひれ伏してダビデを拝した。
22 Alò, David te di a Ornan: “Ban mwen anplasman sila a avèk glasi vannen an, pou m kab bati yon lotèl a SENYÈ a. Pou valè tout pri li, ou va ban mwen li, pou touman sila a kab vin frennen pami pèp la.”
ダビデはオルナンに言った、「この打ち場の所をわたしに与えなさい。わたしは災が民に下るのをとどめるため、そこに主のために一つの祭壇を築きます。あなたは、そのじゅうぶんな価をとってこれをわたしに与えなさい」。
23 Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”
オルナンはダビデに言った、「どうぞこれをお取りなさい。そして王わが主の良しと見られるところを行いなさい。わたしは牛を燔祭のために、打穀機をたきぎのために、麦を素祭のためにささげます。わたしは皆これをささげます」。
24 Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”
ダビデ王はオルナンに言った、「いいえ、わたしはじゅうぶんな代価を払ってこれを買います。わたしは主のためにあなたのものを取ることをしません。また、費えなしに燔祭をささげることをいたしません」。
25 Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an.
それでダビデはその所のために金六百シケルをはかって、オルナンに払った。
26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
こうしてダビデは主のために、その所に一つの祭壇を築き、燔祭と酬恩祭をささげて、主を呼んだ。主は燔祭の祭壇の上に天から火を下して答えられた。
27 SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.
また主がみ使に命じられたので、彼はつるぎをさやにおさめた。
28 Nan lè sa, lè David te wè ke SENYÈ a te reponn li sou glasi vannen Ornan an, Jebizyen an. Li te ofri yon sakrifis la.
その時ダビデは主がエブスびとオルナンの打ち場で自分に答えられたのを見たので、その所で犠牲をささげた。
29 Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a.
モーセが荒野で造った主の幕屋と燔祭の祭壇とは、その時ギベオンの高き所にあったからである。
30 Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.
しかしダビデはその前へ行って神に求めることができなかった。彼が主の使のつるぎを恐れたからである。

< 1 Istwa 21 >