< 1 Istwa 20 >
1 Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt.
Au moment du retour de l'année, au moment où les rois sortent, Joab prit la tête de l'armée et ravagea le pays des enfants d'Ammon, puis il vint assiéger Rabba. Mais David resta à Jérusalem. Joab frappa Rabba et la renversa.
2 David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite.
David prit la couronne de leur roi de dessus sa tête, et il trouva qu'elle pesait un talent d'or, et qu'elle contenait des pierres précieuses. Il la mit sur la tête de David, qui fit sortir de la ville un très grand pillage.
3 Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.
Il fit sortir les gens qui s'y trouvaient, et les fit couper avec des scies, des pics de fer et des haches. David fit de même pour toutes les villes des enfants d'Ammon. Puis David et tout le peuple retournèrent à Jérusalem.
4 Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.
Après cela, il y eut une guerre à Guézer avec les Philistins. Alors Sibbecaï, le Hushathite, tua Sippaï, d'entre les fils du géant, et ils furent soumis.
5 Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a.
Il y eut encore une guerre avec les Philistins; et Elhanan, fils de Jaïr, tua Lahmi, frère de Goliath, le Gittien, dont le bâton de la lance était comme une poutre de tisserand.
6 Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo.
Il y eut encore une guerre à Gath, où se trouvait un homme de grande taille, qui avait vingt-quatre doigts et orteils, six à chaque main et six à chaque pied.
7 Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li.
Lorsqu'il défia Israël, Jonathan, fils de Schimea, frère de David, le tua.
8 Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.
Ceux-là étaient nés du géant à Gath, et ils tombèrent par la main de David et par la main de ses serviteurs.