< 1 Istwa 18 >
1 Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo.
[達味的武功]此後,達味攻打培肋舍特人,將他們克服,由培肋舍特人手中,奪取了加特城及所屬村鎮。
2 Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.
以後打敗了摩阿布,摩阿布人也臣屬於達味,給他進貢。
3 David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la.
當祚巴哈瑪特王哈達德則爾向幼發拉的河伸展自己的勢力時,達味也打敗了他,
4 David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha.
擄獲了他的車輛一千,騎兵七千,步兵兩萬;達味割斷了所有拉戰車的馬蹄筋,只留下足以拉一百輛車的馬。
5 Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo.
後有大馬士革的阿蘭人,來援助祚巴王哈達德則爾,達味擊殺了兩萬二千阿蘭人。
6 Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David.
達味遂在大馬士革阿蘭屯兵駐守,阿蘭也臣屬於達味,給他進貢;達味無論往那裏去,上主總使他獲勝。
7 David te pran boukliye an lò yo ki te pote pa sèvitè Hadarézer yo pou te pote yo Jérusalem.
達味奪了哈達德則爾臣僕所帶的金盾牌,送到耶路撒冷。
8 Osi, soti Thibchath avèk Cun, vil a Hadarézer yo, David te pran yon trè gran kantite bwonz avèk sila Salomon te fè lanmè a an bwonz e pilye avèk zouti yo te fèt an bwonz.
達味又由貝塔和貢,哈達德則爾的兩座城內,奪取了大量的銅;以後撒羅滿用來作銅海、圓柱及銅器。
9 Alò, lè Thohu, wa Hamath la, te tande ke David te fin bat tout lame a Hadarézer a, wa Tsoba a,
哈瑪特王托烏,聽說達味打敗了祚巴王哈達德則爾所有的軍隊,
10 li te voye Hadoram, fis li a, kote wa David pou salye li e beni li; paske li te goumen kont Hadarézer e te bat li; paske Hadarézer t ap fè lagè avèk Thohu. Epi Hadoram te pote tout kalite bagay an lò avèk ajan ak bwonz.
便派自己的兒子哈多蘭到達味王那裏向他致敬,祝賀他打敗了哈達德則爾,因哈達德則爾原是托烏的敵人;他還送來了各種金、銀、銅器。
11 Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
達味王也將這些,連同那些由各民族,即厄東、摩阿布、阿孟子民、培肋舍特人、阿瑪肋克人所得來的金銀,一起奉獻給上主。
12 Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la.
責魯雅的兒子阿彼瑟在鹽谷擊殺了一萬八千厄東人後,
13 Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.
達味遂又屯兵厄東,厄東人全臣屬於達味。達味無論往那裏去,上主總使他獲勝。[重要的朝臣]
14 Konsa, David te renye sou tout Israël. Li te administre jistis avèk ladwati pou tout pèp li a.
達味作了全以色列的君王,對自己所有的人民秉公行義。
15 Joab, fis a Tseruja a, te kòmandan lame a, e Josaphat, fis a Achilud la, te achivist la;
責魯雅的兒子約阿布統領軍隊,阿希路得的兒子約沙法特為御史,
16 epi Tsadok, fis a Achithub la avèk Abimélèc, fis a Abiathar a, te prèt, e Schavscha te sekretè;
阿希托布的兒子匝多克和厄貝雅塔爾的兒子阿希默肋客任司祭,沙委沙為秘書,
17 epi Benaja, fis a Jehojada a, te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te premye chèf ansanm akote wa a.
約雅達的兒子貝納雅管理革勒提與培肋提人,達味的兒子們在君王左右為輔相。