< 1 Istwa 17 >
1 Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
І сталося, як Давид сидів був у домі своїм, то сказав Давид до пророка Натана: „Ось я сиджу́ в ке́дровому домі, а ковчег Господнього заповіту — під занаві́сами!“
2 Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”
I сказав Ната́н до Давида: „Зроби все, що в серці твоєму, бо Бог із тобою!“
3 Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di:
І сталося тієї ночі, і було́ Боже слово до Натана, говорячи:
4 “Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann;
„Іди, і скажеш Моєму рабові Давидові: Так сказав Господь: Не ти збудуєш Мені цього храма на перебува́ння.
5 paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt.
Бо Я не сидів у храмі від дня, коли вивів Ізраїля, аж до дня цього, і ходив від шатра́ до шатра́, і від намету до намету.
6 Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”
Скрізь, де тільки ходив Я між усім Ізраїлем, чи сказав Я хоч слово котро́му з Ізраїлевих су́ддів, яким наказав Я па́сти народа Мого: Чому́ ви не збудували Мені ке́дрового храма?
7 Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël.
А тепер так скажеш рабові Моєму Давидові: Так сказав Господь Савао́т: Я взяв тебе з пасови́ська від ота́ри, щоб став ти володарем над Моїм народом, Ізраїлем.
8 Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou pare ak pi gwo moun sou latè yo.
І був Я з тобою скрізь, де́ ти ходив, і ви́нищив Я всіх ворогів Твоїх перед тобою, і зробив Я тобі ім'я́, як ім'я́ тих великих, що на землі.
9 Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan,
І дав Я місце Моє́му наро́дові Ізраїлеві, і посадив його так, що він перебува́тиме на тому́ самому місці. І він уже не тремті́тиме, а кри́вдники не будуть нищити його, як перше.
10 depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou.
А від днів, коли Я настанови́в су́ддів над Своїм наро́дом, Ізраїлем, то пони́зив усіх ворогів твоїх. І звіщаю тобі, що Господь збудує тобі дім.
11 Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li.
І станеться, коли ви́повняться твої дні, щоб піти до батькі́в своїх, то Я поста́влю по тобі твоє насіння, що буде з синів твоїх, і поставлю міцно його царство.
12 Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan.
Він збудує Мені храм, а Я поста́влю його тропа міцно аж навіки.
13 Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.
Я бу́ду йому за батька, а він буде Мені за сина, а милости Своєї Я не відійму́ від нього, як відняв Я від того, що був перед тобою.
14 Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’”
І поставлю його в храмі Своїм та в царстві Своїм аж навіки, і трон його буде міцно стояти навіки“.
15 Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.
За всіма́ цими словами, за всім цим виді́нням, — так говорив Ната́н до Давида.
16 Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la?
І прийшов цар Давид, і сів перед Господнім лицем та й промовив: „Хто́ я, Господи, Боже, і що́ таке дім мій, що Ти довів мене аж сюди?
17 Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye.
Та й це було мале в оча́х Твоїх, Боже, і Ти говорив про дім Свого раба на майбутнє, і Ти показав мені покоління лю́дське, і підніс мене, Господи Боже!
18 Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou.
Що́ Давид додасть ще до Твого на вшанува́ння Твого раба? А Ти Свого раба знаєш!
19 O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo.
Господи, ради Свого раба та за серцем Своїм зробив Ти все це велике, щоб завідо́мити про всі ті великі речі.
20 O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.
Господи, нема Такого, як Ти, і нема Бога, окрім Тебе, за всім тим, що́ ми чули своїми уши́ма.
21 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachete, fè soti nan Egypte.
І який є ще один люд на землі, як Твій наро́д, Ізраїль, щоб Бог приходив ви́купити його Собі за наро́да, і щоб установити Собі ймення великих та страшни́х рече́й, щоб ви́гнати наро́ди перед наро́дом Своїм, якого Ти ви́купив із Єгипту?
22 Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.
І зробив Ти наро́д Свій, Ізраїля, Собі за наро́да аж навіки, і Ти, Господи, став йому́ за Бога!
23 Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a.
А тепер, Господи, нехай стане певним аж навіки те слово, яке говорив Ти про Свого раба, і зроби, як говорив!
24 Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a se etabli devan Ou.
А Твоє Ім'я́ нехай буде міцне́, і нехай буде велике аж навіки, щоб казали: Господь Савао́т, Бог Ізраїлів — Бог для Ізраїля, а дім Твого раба Давида поста́влений міцно перед лицем Твоїм.
25 Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou.
Бо Ти, Боже мій, об'явив Своєму рабові, що Ти збудуєш йому дім, тому раб Твій знайшов потребу молитися перед лицем Твоїм.
26 Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a.
А тепер, Господи, Ти Той Бог, і сказав про Свого раба оце добре.
27 Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”
А тепер був Ти ласка́вий поблагословити дім Свого раба, щоб бути навіки перед лицем Твоїм, бо Ти, Господи, поблагословив, — і він поблагосло́влений навіки!“