< 1 Istwa 16 >
1 Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye.
Tanrı'nın Antlaşma Sandığı'nı getirip Davut'un bu amaçla kurduğu çadırın içine koydular. Tanrı'ya yakmalık sunular ve esenlik sunuları sundular.
2 Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a.
Davut yakmalık sunuları ve esenlik sunularını sunmayı bitirince, RAB'bin adıyla halkı kutsadı.
3 Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.
Ardından erkek, kadın her İsrailli'ye birer somun ekmekle birer hurma ve üzüm pestili dağıttı.
4 Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:
RAB'bin Antlaşma Sandığı önünde hizmet etmek, İsrail'in Tanrısı RAB'bi anmak, O'na şükretmek ve övgüler sunmak için bazı Levililer'i atadı.
5 Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo,
Bunların önderi Asaf, yardımcısı Zekeriya'ydı. Öbürleri Yeiel, Şemiramot, Yehiel, Mattitya, Eliav, Benaya, Ovet-Edom ve Yeiel'di. Bunlar çenk ve lir, Asaf yüksek sesli zil,
6 epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.
Kâhin Benaya ile Yahaziel de Tanrı'nın Antlaşma Sandığı önünde sürekli borazan çalacaklardı.
7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
O gün Davut RAB'be şükretme işini ilk kez Asaf'la kardeşlerine verdi.
8 O bay remèsiman a SENYÈ a. Rele non Li. Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.
RAB'be şükredin, O'nu adıyla çağırın, Halklara duyurun yaptıklarını!
9 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li menm. Pale tout mèvèy Li yo.
O'nu ezgilerle, ilahilerle övün, Bütün harikalarını anlatın!
10 Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.
Kutsal adıyla övünün, Sevinsin RAB'be yönelenler!
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li. Chache figi Li san rete.
RAB'be ve O'nun gücüne bakın, Durmadan O'nun yüzünü arayın!
12 Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, mèvèy Li yo ak jijman, ki sòti depi nan bouch Li,
Ey sizler, kulu İsrail'in soyu, Seçtiği Yakupoğulları, O'nun yaptığı harikaları, Olağanüstü işlerini Ve ağzından çıkan yargıları anımsayın!
13 O desandan Israël, sèvitè Li yo, fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!
14 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.
Tanrımız RAB O'dur, Yargıları bütün yeryüzünü kapsar.
15 Sonje akò Li a pou tout tan, Pawòl ke Li te kòmande a mil jenerasyon yo,
O'nun antlaşmasını, Bin kuşak için verdiği sözü, İbrahim'le yaptığı antlaşmayı, İshak için içtiği andı sonsuza dek anımsayın.
16 akò ke li te fè avèk Abraham nan, sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.
17 Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman, A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,
“Hakkınıza düşen mülk olarak Kenan ülkesini size vereceğim” diyerek, Bunu Yakup için bir kural, İsrail'le sonsuza dek geçerli bir antlaşma yaptı.
18 epi te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.”
19 Pandan yo te piti an nonb, trè piti e etranje, yo nan li,
O zaman bir avuç insandınız, Sayıca az ve ülkeye yabancıydınız.
20 yo te mache toupatou nan yon nasyon a yon lòt, sòti nan yon wayòm pou rive nan yon lòt pèp.
Bir ulustan öbürüne, Bir ülkeden ötekine dolaşıp durdular.
21 Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.
RAB kimsenin onları ezmesine izin vermedi, Onlar için kralları bile payladı:
22 Li te di “Pa touche onksyone pa M yo, ni pa fè mal a pwofèt Mwen yo.”
“Meshettiklerime dokunmayın, Peygamberlerime kötülük etmeyin!” dedi.
23 Chante a SENYÈ a, tout latè! Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.
Ey bütün dünya, ezgiler söyleyin RAB'be! Her gün duyurun kurtarışını!
24 Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Görkemini uluslara, Harikalarını bütün halklara anlatın!
25 Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.
Çünkü RAB uludur, yalnız O övgüye değer, İlahlardan çok O'ndan korkulur.
26 Paske tout dye a pèp yo se zidòl yo ye, men SENYÈ a te fè syèl yo.
Halkların bütün ilahları bir hiçtir, Oysa gökleri yaratan RAB'dir.
27 Tout richès avèk majeste devan Li. Lafòs ak lajwa lakay Li.
Yücelik, ululuk O'nun huzurundadır, Güç ve sevinç O'nun konutundadır.
28 Bay a SENYÈ a, O tout fanmi yo ak tout pèp yo, bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!
Ey bütün halklar, RAB'bi övün, RAB'bin gücünü, yüceliğini övün,
29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an. Pote lofrann yo vini devan L. Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.
RAB'bin görkemini adına yaraşır biçimde övün, Sunular getirip O'nun önüne çıkın! Kutsal giysiler içinde RAB'be tapının!
30 Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.
Titreyin O'nun önünde, ey bütün yeryüzündekiler! Dünya sağlam kurulmuş, sarsılmaz.
31 Kite syèl yo kontan e kite lemond rejwi:
Sevinsin gökler, coşsun yeryüzü, Uluslar arasında, “RAB egemenlik sürüyor!” densin.
32 Kite lanmè a fè gwo bwi, avèk tout sa ki ladann! Kite chan an ranpli ak jwa, ak tout sa ki ladann!
Gürlesin deniz içindekilerle birlikte, Bayram etsin kırlar ve üzerindekiler!
33 Konsa, tout bwa forè yo va chante avèk jwa devan SENYÈ a. Paske L ap vini pou jije latè.
O zaman RAB'bin önünde ormanın ağaçları Sevinçle haykıracak. Çünkü O yeryüzünü yargılamaya geliyor.
34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li, paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
RAB'be şükredin, çünkü O iyidir, Sevgisi sonsuzdur.
35 Di: “Sove nou, O Bondye a delivrans nou an! Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen pa W la, pou nou trionfe nan lwanj Ou.”
Şöyle seslenin: “Kurtar bizi, ey kurtarıcımız Tanrı, Topla bizi, ulusların arasından çıkar. Kutsal adına şükredelim, Yüceliğinle övünelim.
36 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.
İsrail'in Tanrısı RAB'be Öncesizlikten sonsuza dek övgüler olsun!” Bütün halk, “Amin!” diyerek RAB'be övgüler sundu.
37 Konsa, li te kiteAsaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a;
Davut RAB'bin Antlaşma Sandığı'nın önünde günlük işlerde sürekli hizmet etmeleri için Asaf'la Levili kardeşlerini atadı.
38 epi Obed-Édom avèk swasant-uit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo,
Onlarla birlikte hizmet etmeleri için Ovet-Edom'la altmış sekiz Levili akrabasını da atadı. Yedutun oğlu Ovet-Edom'la Hosa kapı nöbetçileriydi.
39 Li te kite Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an,
Davut Kâhin Sadok'la öbür kâhin kardeşlerini Givon'daki tapınma yerinde, RAB'bin Çadırı'nın bulunduğu yerde görevlendirdi.
40 pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo.
Bunlar RAB'bin İsrail'e verdiği yasada yazılanlar uyarınca, sabah akşam, düzenli olarak yakmalık sunu sunağında RAB'be sunular sunacaklardı.
41 Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen.
Onlarla birlikte Heman'la Yedutun'u ve RAB'bin sonsuz sevgisi için şükretsinler diye özel olarak seçilen öbürlerini de görevlendirdi.
42 Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la.
Heman'la Yedutun borazanlardan, zillerden ve Tanrı'yı öven ezgiler için gereken öbür çalgılardan sorumluydu. Yedutunoğulları'nı da kapıda nöbetçi olarak görevlendirdi.
43 Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.
Sonra herkes evine döndü. Davut da ailesini kutsamak için evine döndü.