< 1 Istwa 15 >
1 Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li.
Og han bygde seg hus i Davidsbyen, og sidan laga han til ein stad åt Guds kista og sette upp eit tjeld åt henne.
2 Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
Då baud David: «Ingen må bera Guds kista utan levitarne; for deim hev Herren valt ut til å bera Guds kista og til å tena honom» i all æva.
3 Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a.
Og David samla heile Israel Jerusalem; til å føra Herrens kista upp til den staden han hadde laga til åt henne.
4 David te rasanble tout fis a Aaron yo ak Levit yo:
Og David stemnde i hop Arons-sønerne og levitarne:
5 Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo;
av Kehats-sønerne Uriel, hovdingen, og brørne hans, eit hundrad og tjuge;
6 fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo;
av Merari-sønerne Asaja, hovdingen, og brørne hans, tvo hundrad og tjuge;
7 nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo;
av Gersoms-sønerne Joel, hovdingen, og brørne hans, eit hundrad og tretti;
8 nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo;
av Elisafans-sønerne Semaja, hovdingen, og brørne hans, tvo hundrad;
9 nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo;
av Hebrons-sønerne Eliel, hovdingen, og brørne hans, åtteti;
10 nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.
av Uzziels-sønerne Amminadab, hovdingen, og brørne hans, eit hundrad og tolv.
11 Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab.
Og David kalla åt seg prestarne Sadok og Abjatar og levitarne Uriel, Asaja og Joel, Semaja og Eliel og Amminadab.
12 Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a.
Og han sagde til deim: «De er hovdingar for ættgreinerne i Levi. Helga dykk, de og brørne dykkar, og før so kista åt Herren, Israels Gud, upp til den staden som eg hev laga til åt henne!
13 Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
Det var for di de ikkje var med fyrre gongen, at Herren, vår Gud, braut ned ein av oss, til straff for at me ikkje søkte honom som rett var.»
14 Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la.
Då helga dei seg, prestarne og levitarne, so dei kunde føra upp kista åt Herren, Israels Gud.
15 Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.
Og levitsønerne bar Guds kista med stenger som låg på herdarne deira, soleis som Moses hadde sagt deim fyre etter Herrens ord.
16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.
Og David baud levithovdingarne at dei skulde stella brørne sine, songarane, fram med spel, harpor, cithrar og cymblar, som dei skulde låta på medan dei let gledesongen ljoma.
17 Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;
Levitarne sette då Heman Joelsson til dette, og av hans brør Asaf Berekjason, og av brørne deira, Merari-sønerne, Etan Kusajason,
18 epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo.
og jamsides med deim brørne deira av andre rangen, Zakarja, Ben, Ja’aziel og Semiramot og Jehiel og Unni, Eliab og Benaja og Ma’aseja og Mattitja, Eliflehu og Mikneja og Obed-Edom og Je’iel, dørvaktarane.
19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo;
Songarane Heman, Asaf og Etan skulde slå på koparcymblar.
20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la;
Zakarja og Asiel og Semiramot og Jehiel og Unni og Eliab og Ma’aseja og Benaja skulde spela på harpor etter Alamot.
21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an.
Mattitja og Eliflehu og Mikneja og Obed-Edom og Je’iel og Azazja skulde spela på cithrar etter Sjeminit.
22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.
Kenanja, som var førar for levitarne ved beringi; skulde læra deim å bera; for han var kunnig i slikt.
23 Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la.
Berekja og Elkana skulde vera dørvaktarar ved kista.
24 Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.
Sebajna og Josafat og Netanel og Amasai og Zakarja og Benaja og Eliezer, prestarne, skulle blåsa i trompetar framfyre Guds kista. Og Obed-Edom og Jehia skulde vera dørvaktarar ved kista.
25 Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.
So gjekk David og dei øvste i Israel og yverhovudsmennerne av stad og skulde føra Herrens sambandskista med fagnad upp or huset åt Obed-Edom.
26 Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis sèt towo ak sèt belye.
Og med di Gud verna levitarne som bar Herrens sambandskista, so ofra dei sju uksar og sju verar.
27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len.
Og David gjekk då med ei kappa av fint linan, og like eins alle levitarne som bar kista, og songarane, og Kenanja, føraren for songarane ved beringi. Dessutan bar David ein linhakel.
28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.
Og heile Israel flutte Herrens sambandskista upp med fagnadrop og lurljom, og dei bles i trompetar og slo på cymblar let harpor og cithrar.
29 Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.
Då so Herrens sambandskista kom til Davidsbyen, såg Mikal, dotter åt Saul, ut gjenom vindauga, og då ho fekk auga på kong David, som hoppa og leika seg, vanvyrde ho honom i sitt hjarta.